< Jenèz 5 >

1 Sa se liv jenerasyon Adan yo. Nan jou ke Bondye te kreye lòm, Li te fè l nan imaj Bondye.
Men lis non pitit pitit Adan yo: Lè Bondye kreye moun, li te fè yo pòtre avè l'.
2 Li te kreye yo mal avèk femèl. Li te beni yo, e Li te rele yo Lòm. Sa vle di “Adam” nan jou ke yo te kreye a.
Li kreye yo gason ak fi. Li beni yo. Jou li kreye yo a, li rele yo moun.
3 Lè Adam te gen tan fin viv san-trant ane, li te vin papa a yon fis ki sanble nèt ak li, nan pwòp imaj pa l. Li te rele li Seth.
Adan te gen santrantan (130 an) lè li vin gen yon pitit gason ki te sanble avè l' tèt koupe, li rele l' Sèt.
4 Laj a Adam, lè l te fin fè Seth, se te uit-san ane, e li te gen lòt fis ak fi.
Apre nesans Sèt, Adan viv witsanzan (800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
5 Paske tout jou ke Adam te viv yo te nèf-san-trant ane. Konsa, li te vin mouri.
Lè Adan mouri li te gen nèfsantrantan (930 an).
6 Seth te viv san-senkant ane, e li te vin papa Énosch.
Sèt te gen sansenkan (105 an) lè li vin gen yon pitit gason yo te rele Enòk.
7 Alò, Seth te viv uit-san-sèt ane apre li te vin papa Énosch, e li te gen lòt fis ak fi.
Apre nesans Enòk, Sèt viv witsansetan (807 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
8 Paske tout jou a Seth yo te nèf-san-douz ane, e li te vin mouri.
Lè Sèt mouri, li te gen nèfsandouzan (912 an).
9 Énosch te viv katre-ven-dis ane, e li te vin papa a Kénan.
Enòk te gen katrevendizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Kenan.
10 Epi Énosch te viv uit-san-kenz ane apre li te vin papa a Kénan, e li te fè lòt fis ak lòt fi.
Apre nesans Kenan, Enòk viv witsankenzan (815 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
11 Alò, tout jou a Énosch yo te nèf-san-senk ane, e li te vin mouri.
Lè Enòk mouri, li te gen nèfsansenkan (905 an).
12 Kénan te viv pandan swasann-dis ane, e li te vin papa a Mahalaléel.
Kenan te gen swasanndizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Malaleyèl.
13 Epi Kénan te viv uit-san-karant ane lè li te fin fè Mahalaléel, e li te gen lòt fis ak lòt fi.
Apre nesans Malaleyèl, Kenan viv witsankarantan (840 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
14 Alò, tout jou a Kénan yo te nèf-san-dis ane, e li te mouri.
Lè Kenan mouri, li te gen nèfsandizan (910 an).
15 Mahalaléel te viv swasant senk ane, e li te vin papa Jred.
Malaleyèl te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Jerèd.
16 Epi Mahalaléel te viv ui-san-trant ane apre li te vin papa Jred, e li te gen lòt fis ak fi.
Apre nesans Jerèd, Malaleyèl viv witsantrantan (830 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
17 Alò, tout jou a Mahalaléel yo te ui-san-katre-ven-kenz ane, e li te vin mouri.
Lè Malaleyèl mouri, li te gen witsankatrevenkenzan (895 an).
18 Jred te viv san-swasann-de ane, e li te vin papa Hénoc.
Jerèd te gen sanswanndezan (162 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Enòk.
19 Alò, Jred te viv ui-san ane apre li te vin papa Hénoc, e li te gen lòt fis ak lòt fi.
Apre nesans Enòk, Jerèd viv witsanzan (800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
20 Paske, tout jou a Jred yo te nèf-san-swasann-de ane, e li te vin mouri.
Lè Jerèd mouri, li te gen nèfsanswasanndezan (962 an).
21 Hénoc te viv swasann-senk ane, e li te vin papa Methuschélah.
Enòk te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Metouchela.
22 Alò, Hénoc te mache ansanm avèk Bondye pandan twa san ane apre li te vin papa a Methuschélah, e li te gen lòt fis ak fi.
Apre nesans Metouchela, Enòk te mache byen ak Bondye pandan twasanzan (300 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
23 Paske tout jou Hénoc yo te twa-san-swasant-senk ane.
Li te gen twasanswasannsenkan (0365 an) lè l' disparèt, paske Bondye te pran l' avè l'.
24 Hénoc te mache avèk Bondye; e li pa t la ankò, paske Bondye te pran l.
Enòk te pase tout vi l' ap mache byen ak Bondye.
25 Methuschélah te viv pandan san-katre-ven-sèt ane, e li te vin papa a Lémec.
Metouchela te gen sankatrevensètan (187 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Lemèk.
26 Alò Methuschélah te viv sèt san katreven de ane apre li te vin papa a Lémec, e li te gen lòt fis ak fi.
Apre nesans Lemèk, Metouchela viv sètsankatrevendezan (782 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
27 Jou Methuschélah yo te nèf-san-swasant nèf ane, e li te vin mouri.
Lè Metouchela mouri, li te gen nèfsanswantnevan (969 an).
28 Lémec te viv san-katre-ven-de ane, e li te vin papa a yon fis.
Lemèk te gen sankatrevendezan (182 an) lè li vin gen yon pitit gason.
29 Alò, li te rele non li Noé, e li te di: “Sila a va bannou repo sou travay di nou fè ak men nou ki leve sòti nan tè ke SENYÈ a te modi a.”
Li rele l' Noe. Li di konsa: Pitit sa a va soulaje nou anba tout travay di n'ap fè, anba gwo travay nou blije fè avèk men nou paske Seyè a te madichonnen tè a.
30 Alò, Lémec te viv senk-san-katre-ven-kenz ane apre li te vin fè Noé, e li te gen lòt fis ak fi.
Apre nesans Noe, Lemèk viv senksankatrevenkenzan (595 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
31 Paske tout jou a Lémec te sèt-san-swasann-dis-sèt ane, e li te vin mouri.
Lè Lemèk mouri, li te gen sètsanswasanndisetan (777 an).
32 Noé te gen laj senk-san ane, e li te vin papa a Sem, Cham, ak Japhet.
Noe te gen senksanzan (500 an) lè li vin gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè.

< Jenèz 5 >