< Jenèz 10 >

1 Alò, sa yo se achiv a jenerasyon yo pou Cham, Sem, ak Japhet, fis Noé yo. Fis te ne pou yo apre delij la.
Apre gwo inondasyon an, pitit Noe yo, Sèm, Kam ak Jafè, te fè pitit. Men non pitit gason yo te fè.
2 Fis a Japhet yo te Gomer, Magog, Madaï, Javan, Tubal, Méschec, ak Tiras.
Men pitit gason Jafè yo: Se te Gomè, Magòg, Madayi, Javan, Toubal, Mechèk ak Tiras.
3 Fis Gomer yo te Aschkenaz, Riphat avèk Togarma.
Gomè te fè twa pitit gason. Achkenaz, Rifat ak Togama.
4 Fis Javan yo te Elischa, Tarsis, Kittim, ak Dodanim.
Se Javan ki te papa Elicha, Tasis, Kitim ak Wodanim.
5 Depi nasyon sila a peyi kot yo te divize nan teritwa pa yo, yo chak selon langaj yo, selon fanmi pa yo, nan pwòp nasyon pa yo.
Se tout pitit ak pitit pitit Jafè yo sa ki zansèt tout moun k'ap viv nan zile yo, yo chak sou tè pa yo, yo chak ak lang pa yo. Yo t'ap viv ansanm, fanmi ak fanmi, nasyon ak nasyon.
6 Fis a Cham yo te Cush, Mitsraïm, Puth, avèk Canaan.
Men pitit gason Kam yo. Se te Kouch, Mizrayim, Pout ak Kanaran.
7 Fis a Cush yo te Saba, Havila, Saba, Raema avèk Sabteca. Fis a Raema yo te Séba avèk Dedan.
Kouch te fè senk pitit gason: Seba, Avila, Sabta, Rama ak Sabteka. Rama menm te gen de pitit gason: Seba ak Dedan.
8 Cush te fè osi Nimrod. Li te kòmanse vin pwisan sou latè.
Kouch te gen yon lòt pitit gason yo te rele: Nimwòd. Nimwòd sa a, se premye moun ki te gwo chèf sou latè.
9 Li te yon nonm fò nan fè lachas devan SENYÈ a. Akoz sa yo abitye di: “tankou Nimrod, yon nonm fò nan lachas devan SENYÈ a”.
Se te yon gwo chasè devan Seyè a. Se poutèt sa yo di. Gwo chasè devan Bondye tankou Nimwòd.
10 Kòmansman wayòm li an te Babel, Érec, Accad, avèk Cainé nan peyi a Schinear yo.
Nan peyi kote li t'ap gouvènen an te gen lavil sa yo: Babèl, Erèk, Akad, Kalne nan peyi Chenea.
11 De teritwa sila a, li te antre nan Assur, e li te bati Ninive avèk Rehoboth-Hur, Calach,
Apre sa, li kite peyi a, li ale lavil Asou. Men lavil li bati yo: Neniv, Reobòt-Ir, Kalak.
12 Avèk Résen antre Ninive e Calach, ki se gran vil la.
Lèfini, li bati lavil Rezèm ant Neniv ak Kalak. Kalak sa a te yon gwo lavil.
13 Mitsraïm te devni papa Ludim, Anamim, Lehabim ak Naphtuhim.
Mizrayim fè pitit. Se yo ki zansèt moun peyi Lidi, peyi Anan, peyi Leyab ak peyi Naftou,
14 Avèk Patrusim ak Casluhim (kote Filisten yo te sòti a) avèk Caphtorim.
peyi Patwous, peyi Kaslou ak peyi Kaftò. Se nan peyi Kaslou sa a moun Filisti yo soti.
15 Canaan te vin papa Sidon ki te premye ne a, avèk Heth;
Premye pitit Kanaran se te Sidon. Apre sa vin Et.
16 epi Jebizyen yo avèk Amoreyen yo, ak Gigazyen yo,
Se Kanaran tout ki papa Jebis, Amori, Gigach,
17 Evyen yo, Akyen yo, avèk Sinyen yo,
Evi, Aka, Seni,
18 avèk Avadyen yo, Tsemaryen yo, Amatyen yo, e apre, fanmi Canaran an te gaye toupatou.
Avad, Zema, Amat. Apre sa tout fanmi Kanaran yo gaye.
19 Teritwa Canaan an te sòti depi Sidon pou pwoche Guérar, jis rive Gaza, kote lè nou pwoche Sodome ak Gomorrhe, avèk Adma ak Tseboïm jis Léscha.
Lizyè tè moun Kanaran yo pati depi lavil Sidon, li mete tèt sou Gera jouk li rive Gaza. Apre sa, li vire sou Sodòm ak Gomò, Adma ak Seboyim jouk li rive Lecha.
20 Sa yo se fis Cham yo selon fanmi pa yo, selon langaj yo, selon teritwa yo, selon nasyon pa yo.
Se tout pitit ak pitit pitit Kam yo sa, yo chak sou tè pa yo, yo chak ak lang yo. Yo t'ap viv ansanm, fanmi ak fanmi, nasyon ak nasyon.
21 Osi a Sem, papa a tout pitit Héber yo, e pi gran frè pou Japhet te fè pitit.
Sèm te gran frè Jafè. Li te gen anpil pitit tou. Se li ki te zansèt tout pitit Ebè yo.
22 Fis a Sem yo te Élam, Assur, Arpacschad, Lud, avèk Aram.
Men pitit gason Sèm yo. Se te Elam, Asou, Apachad, Lidi ak Aram.
23 Fis Aram yo te Uts, Hul, Guéter avèk Masch.
Men pitit Aram yo. Se te Ouz, Oul, Getè ak Mach.
24 Arpacschad te fè Schélach, epi Schélach te fè Héber.
Se Apachad ki te papa Chelak. Chelak menm te papa Ebè.
25 Konsa, te ne a Héber de fis: non a youn te Péleg, paske nan jou pa l la latè te divize. Epi frè l la te rele Jokthan.
Ebè te gen de pitit gason. Yonn te rele Pelèg, paske se nan tan li moun sou latè te divize yonn ak lòt. Yo te rele frè l' la Joktan.
26 Jokthan te vin papa Almonad ak Schéleph, Hatsarmaveth, Jrach,
Joktan te papa Almodad, Chelèf, Azmavèt, Jerak,
27 Hadoram, Uzal, Dikla,
Adoram, Ouzal, Dikla,
28 Obal, Abimaël, Séba,
Obal, Abimayèl, Seba,
29 Ophir, Havila ak Jbab. Tout sa yo te fis pou Jokthan.
Ofi, Avila ak Jobab. Yo tout se pitit Joktan yo te ye.
30 Alò andwa kote yo te rete te rive jis nan Méscha lè nou ale vè Sephar, teritwa mòn lès la.
Tè kote yo t'ap viv la te pran depi lavil Mecha, li moute kote lavil Sefa, jouk mòn ki bò kote solèy leve a.
31 Men sila ki se fis Sem yo, selon fanmi pa yo, selon langaj yo, selon teritwa yo, selon nasyon yo.
Se tout pitit ak pitit pitit Sèm yo sa, yo chak sou tè pa yo, yo chak ak lang pa yo. Yo t'ap viv ansanm, fanmi ak fanmi, nasyon ak nasyon.
32 Sila yo se fanmi a fis Noé yo selon jenerasyon yo, selon nasyon pa yo. Konsa, depi nan sa yo, nasyon yo te separe sou latè apre delij la.
tout moun sa yo se branch fanmi pitit Noe yo, dapre zansèt yo, nasyon pa nasyon. Apre gwo inondasyon an, tout nasyon ki sou latè soti nan pitit Noe yo.

< Jenèz 10 >