< 路加福音 13 >

1 在那時,來了幾個人把有關加利肋亞人的事,即比拉多把他們的血,與他們的祭品攙和在一起的事報告給耶穌。
Alò, nan menm lè sa a, te gen kèk moun prezan ki te bay Li yon rapò sou Galileyen sila yo, ke Pilate te mele san yo avèk sakrifis pa yo.
2 他回答說:「你們以為這些加利肋亞人比其他所有的加利肋亞人更有罪,才遭此禍害嗎﹖
Jésus te reponn yo: “Èske nou sipoze ke Galileyen sa yo te pi gwo pechè pase tout lòt Galileyen yo akoz yo te soufri sò sa a?
3 不是的。我告訴你們:如果你們不悔改,你們都要同樣喪亡。
Mwen di nou: ‘Non’, men amwenske nou repanti, nou tout ap peri konsa.
4 或如史羅亞塔倒下,而壓死的那十八個人,你們以為他們比耶路撒冷的其他一切居民罪債更大嗎﹖
Oubyen èske nou sipoze ke lè tou nan Siloé a te tonbe sou diz-uit yo, e te touye yo, ke yo te koupab pase tout lòt moun ki t ap viv Jérusalem yo?
5 不是的。我告訴你們:如困你們不悔改,你們都要同樣喪亡。」
“Mwen di nou non, men amwenske nou repanti, nou tout va peri menm jan an.”
6 他講了這個比喻說:「有一個人曾將一棵無花果樹,栽在自己的葡萄園內。他來在樹上找果子,但沒有找到,
Li te kòmanse pale parabòl sila a: “Yon sèten mesye te gen yon pye fig frans ki te plante nan chan li. Li te vini pou chache fwi sou li, e li pa t twouve anyen.
7 便對園丁說:你看,我三年來在這棵無花果樹上找果子,但沒有找到,你砍掉它罷,為什麼讓它荒廢土地﹖
Konsa, li te di a jeran chan rezen yo: ‘Gade, depi twa lane m ap vini la pou chache fwi, sou pye sila a, san twouve anyen. Koupe retire li nèt! Poukisa menm l ap okipe espas tè a?’
8 園丁回答說: 主人,再容它這一年罷! 待我在它周圍掘土,加上糞;
Li te reponn pou di l: ‘Kite li nan plas li mesye, pou lane sila a toujou, jis lè ke m fouye tè otou de li pou mete angrè.
9 將來如果結果子就算了;不然的話,你就把它砍了。」
Si li pote fwi lane pwochèn, sa bon, men si sa pa fèt, koupe l jete.’”
10 安息日,耶穌在一會堂裏施教。
Konsa, li t ap enstwi nan youn nan sinagòg yo nan Saba a.
11 有一女人,病魔纏身已十八年了,傴僂著,完全不能直立。
Epi vwala, te gen yon fanm ki t ap vèse san pandan diz-uit lane. Li te gen yon maladi ki te fèt pa yon move lespri, ki fè l koube doub, e li pa t kapab drese menm.
12 耶穌見了她,便叫她過來,給她說:「女人,你的病已消除了。」
Lè Jésus te wè l, Li te rele li vini. Li te di l: “Fanm, ou lib de enfimite ou a”.
13 遂給她按手,她即刻就挺直起來,光榮天主。
Li te poze men Li sou li, e imedyatman, li te drese dwat ankò, e te kòmanse bay lwanj a Bondye.
14 會堂長因氣惱耶穌在安息日治病,便給眾人說道:「有六天應該工作,你們在這些日子可來治病,但不可以在安息日這一天。」
Men ofisye sinagòg la, byen move akoz Jésus te geri nan Saba a, te di foul la kòm repons: “Gen sis jou pou travay kapab fèt. Konsa, vini pandan jou sa yo pou geri, men pa nan jou Saba a.”
15 主回答他說:「假善人哪! 你們每一個人在安息日,有不解下槽上的牛驢,牽去飲水的嗎﹖
Men Senyè a te reponn li: “Nou ipokrit, èske nou chak nan Saba a pa demare bèf li, oswa bourik li sou manjwa a pou l kab mennen l al bwè?
16 這個女人原是亞巴郎的女兒,她被撒殫纏住已經有十八年了,安息日這一天,就不該解開她的束縛嗎﹖」
Alò, fanm sa a, yon fi Abraham, jan li ye a, mare pa Satan pandan diz-uit ane byen long, èske li pa t dwe lage nan chèn sila a nan jou Saba a?”
17 當耶穌講這話時,所有對他的人,個個慚愧;一切民眾因他所行的種種輝煌事蹟,莫不歡喜。
Pandan ke Li t ap di sa a, tout advèsè Li yo te imilye, men tout foul la te rejwi yo nan tout mèvèy ke Li t ap fè yo.
18 耶穌又說:「天主的國相似什麼﹖我要把它比作什麼呢﹖
Konsa Li t ap di: “A kisa wayòm Bondye a sanble, e a kilès Mwen kapab konpare li?
19 它相似一粒芥子,人取來種在自己的園中,它遂生長起來,成了大樹,天上的飛鳥都棲息在它的枝頭上。」
Se tankou yon grenn moutad ke yon mesye te ale jete nan pwòp jaden li. Li te grandi e li te vin tounen yon pyebwa, epi zwazo anlè yo te vin fè nich nan branch li.”
20 他又說:「我要把天主的國比作什麼呢﹖
Ankò Li te di: “A kilès pou M ta konpare wayòm syèl la?
21 它相似酵母,女人取來藏在三斗櫃中,直到全部發酵。」
Se tankou ledven ke yon fanm te pran e mete nan twa mezi farin jiskaske tout te vin leve.”
22 耶穌經過城市鄉村,隨處施教,朝著耶路撒冷走去。
Li t ap pase de yon vil a yon lòt, pou bay enstriksyon pandan Li t ap fè wout Li vè Jérusalem.
23 有一個人給他說:「主,得救的人果然不多嗎﹖」耶穌對他們說:「
Konsa, yon moun te di Li: “Senyè, èske se sèlman kèk moun k ap sove?” Li te reponn yo:
24 你們竭力由窄門而入罷! 因為將來有許多人,我告訴你們: 要想進去,而不得入。
“Fè efò pou antre pa pòt etwat la; paske anpil, Mwen di nou, va eseye antre, e yo p ap kapab.
25 及至家主起來把門關上,你們在外面站著,開始敲門說: 主,請給我們開門罷! 他要回答你們說:我不認你們是那裏的。
Depi mèt kay la leve efèmen pòt la, epi konsa, n ap kanpe deyò pou di: ‘Senyè, ouvri pou nou’. Alò, li va reponn, e va di nou: ‘Mwen pa konnen nou, ni kote nou sòti’.
26 那時,你們會說:我們曾在你面前吃過喝過;你也曾在我們的街市上施教過。
“Konsa, nouva kòmanse di: ‘Nou te manje bwè nan prezans Ou, e Ou te enstwi nan lari nou yo.’
27 他要說:我告訴你們:我不認識你們是那裏的; 你們這些作惡的人,都離開我去罷!
“Epi Li va di: ‘Mwen di nou, Mwen pa konnen kote nou sòti. Kite Mwen, nou tout ki fè inikite.’
28 幾時你們望見亞巴郎、依撒格、雅各伯及眾先知在天主的國裏,你們卻被拋棄在外,那裏要有哀號和切齒。
Va gen kriye fò, ak manje dannan plas sa a lè nou wè Abraham, Isaac avèk Jacob ak tout pwofèt yo nan wayòm syèl la, men nou menm, k ap jete deyò.
29 將有從東從西,從南從北而來的人,在天主的國裏坐席。
Yova sòti nan lès, ak lwès, e nan nò avèk sid, epi yo va repoze sou tab la nan wayòm syèl la.
30 看罷! 有最後的將成為最先的,也有最先的將成為最後的。」
“Gade byen, genkèk moun ki dènye ki va vin premye, e kèk moun ki premye ki va vin dènye.”
31 這時刻,有幾個法利賽人前來給耶穌說: 「你離開這裏走罷! 因為黑落德要殺你。」
Nan menm jou sa a, kèk Farizyen te pwoche. Yo te di L: “Ale kite isit la, paske Hérode vle touye Ou.”
32 耶穌給他們說: 「你們去告訴這個狐狸罷! 看,我今天明天驅魔治病,第三天就要完畢。
Li te reponn yo: “Ale di rena sa a ‘Gade, Mwen chase move lespri yo, e Mwen fè gerizon jodi a, ak demen. Epi nan twazyèm jou a bi m va fin acheve.
33 但是,今天明天以及後天,我必須前行,因為先知不宜死在耶路撒冷之外。
Malgre sa, Mwen oblije fè wout Mwen jodi a, demen ak jou apre a, paske li pa kapab fèt pou yonpwofèt ta peri andeyò Jérusalem.’”
34 耶路撒冷,耶路撒冷,你屢次殘殺先知,用石頭擊斃那些奉命到你這裏來的人;我多少次願意聚集你的子女,如母雞聚集自己的雛雞,在牠翅翼下,可是你們偏不願意。
O Jérusalem, Jérusalem, vilki touye pwofèt yo, e lapide sila ki te voye kote li yo! Kijan souvan Mwen te vle rasanble pitit nou yo ansanm tankou yon poul ranmase pitit li yo anba zèl li, men nou pa t fè sa!
35 看罷! 你們的房屋必給你們撇下;但是,我告訴你們:你們斷不能再看見我,直到你們說:因主名而來的,當受讚頌的時刻來到。」
“Gade, lakay nou rete nan men nou dezole, epi Mwen di nou, nou p ap wè M ankò jiskaske nou di: ‘Beni se Sila a ki vini nan non Senyè a!’”

< 路加福音 13 >