< 路加福音 12 >

1 時有成千累萬的群眾集合攏來,竟至互相踐踏。耶穌開始先對自己的門徒說:「你們要謹訪法利賽人的酵母,即他們的虛偽。
Antre tan an, apre anpil milye moun te rasanble ansanm jiskaske youn t ap mache sou lòt, Li te kòmanse pale a disip Li yo dabò: “Veye ledven Farizyen yo ki se ipokrizi.
2 但是沒有遮掩的事,將來不被揭露的;也沒有隱藏的事,將來不被知道的。
“Men pa gen anyen ki kouvri ki p ap vin parèt, e ki kache ki p ap konnen.
3 因此,你們在暗處所說的,將來必要在明處被人聽見;在內室附耳所說的,將來必要在屋頂上張揚出來。
Konsa, Nenpòt sa ke nou di nan tenèb va tande nan limyè, e sa nou te pale ak vwa ba, menm nan chanm pa anndan yo va pwoklame sou twati kay yo.
4 我告訴你們做我朋友的人們,你們不要害怕那些殺害肉身,而後能更有所為的人。
“Mwen di nou, zanmi Mwen yo, pa pè sa yo ki kapab touye kò a, men apre sa pa gen plis ke yo kab fè.
5 我要指給你們,誰是你們所應害怕的:你們應當害怕殺了以後,有權柄把人投入地獄的那一位;的確,我告訴你們: 應當害怕這一位! (Geenna g1067)
“Men Mwen avèti nou kilès pou nou krent; krent Sila a ki lè L fin touye, gen otorite pou jete nan lanfè; wi, Mwen di nou, krent Li! (Geenna g1067)
6 五隻麻雀不是賣兩文銅錢嗎﹖然而在天主前,他們中沒有一隻被遺忘的。
“Èske senk zwazo pa vann pou de santim? Malgre sa, nanpwen youn nan yo ki bliye devan Bondye.
7 就是你們的頭髮,也二被數過;你們不要害怕! 你們比許多麻雀尊貴多了。
Anverite, menm cheve nan tèt nou yo kontwole. Pa krent, nou gen bokou plis valè pase anpil zwazo.
8 我告訴你們: 凡在人前承認我的,人子將來也要在天主的使者前承認他;
“Mwen di nou, tout sila yo ki konfese M devan lèzòm, Fis a Lòm nan va konfese l tou devan zanj a Bondye yo;
9 他在人前否認我的,將來在天主的使者前也要被否認。
men sila ki refize rekonèt Mwen devan lòm, va rejte devan zanj Bondye yo.
10 凡出言干犯人子的,尚可獲得赦免;但是褻瀆聖神的人,決不能獲得免。
“Epi Nenpòt moun ki pale yon mo kont Fis a Lòm nan, li va padone; men sila ki fè blasfèm kont Lespri Sen an, p ap padone.
11 當人押送你們到會堂,到長官及有權柄的人面前時,你們不要思慮怎樣申辯,或說什麼話,
“Lè yo mennen nou devan sinagòg yo, ak gwo chèf avèk otorite yo, pa twouble nou de kisa nou va pale kòm defans nou, ni kisa nou gen pou di;
12 因為在那個時刻,聖神必要教給你們應說的話。」
paske Lespri Sen an va montre nou nan menm lè sa a, kisa nou dwe di.”
13 人群中有一個人向耶穌說: 「師傅,請吩咐我的兄弟與我分家罷!」
Yon moun nan foul la te di Li: “Mèt, pale frè m nan pou divize eritaj la avè m.”
14 耶穌對他說: 「人哪,誰立了我做你們的判官及分家人呢﹖」
Men Li te di li: “Mesye, kilès ki te mete M jij oswa medyatè antre nou?”
15 遂對他們說:「你們要謹慎,躲避一切貪婪,因為一個人縱然富裕,他的生命並不在於他的資產。」
Answit Li te di yo: “Fè atansyon, e veye kont tout kalite lanvi; paske menm lè yon moun gen anpil richès, lavi li se pa sa li posede.”
16 耶穌對他們設了一個比喻說: 「有一個富人,他的田地出產豐富。
Konsa, Li te bay yo yon parabòl: “Tè a pou yon sèten nonm rich te trè bon, e te pwodwi anpil.”
17 他心裏想道: 我可怎麼辦呢﹖因為我已經沒有地方收藏我的物產。
“Epi li te kòmanse reflechi avèk pwòp tèt li: ‘Kisa pou m ta fè; akoz ke m pa gen depo pou mete rekòlt mwen yo?’
18 他遂說: 我要這樣做: 我要拆毀我的倉房,另建更大的,好在那裏藏一切榖類及財物。
“Answit li te di: Men kisa m ap fè; m ap retire tout depo ke m genyen yo, e m ap bati pi gwo pou mete tout rekòlt mwen yo.
19 以後,我要對我的靈魂說: 靈魂哪! 你存有大量的財物,足夠多年之用,你休息罷! 吃喝宴樂罷!
Epi mwen va di a nanm mwen: ‘Nanm, ou gen anpil byen rezève pou anpil ane; pran repo ou, manje, bwè, e rejwi ou.’”
20 天主卻給他說: 胡塗人哪! 今夜就要索回你的靈魂,你所備置的,將歸誰呢﹖
“Men Bondye te di l: ‘Alò nonm ensanse! Menm nwit sa a, nanm ou ap rachte de ou; e koulye a, kilès k ap mèt a sa ou prepare yo?’
21 那為自己厚積財產而不在天主前玫富的,也是如此。」
“Konsa se mesye la kiranmase trezò li pou li menm, men ki pa rich anvè Bondye.”
22 耶穌對他的門徒說:「為此,我告訴你們: 不要為生命思慮吃什麼,也不要為身體思慮穿什麼,
Li te di sa a disip Li yo: “Pou rezon sa a, Mwen di nou, pa twouble pou lavi, pou sa nou va manje, ni pou kò nou, konsi, pou kijan nou ap abiye nou.
23 因為生命貴於食物,身體貴於衣服。
Paske lavi plis ke manje, e kò a plis ke vètman.
24 你們看看烏鴉,牠們不播種,也不收割;牠們沒有庫房,也沒有倉廩,天主尚且養活牠們,你們比起飛鳥更要尊貴多少呢﹖
“Konsidere kòbo yo, paske yo pa simen, ni yo pa rekòlte; epi yo pa gen depo ni pwotèj, men Bondye bay yo manje. Konbyen plis valè nou genyen pase zwazo yo.
25 你們中誰能運用思慮,使自己的壽數增加一肋呢﹖
“Epi kilès nan nou ki kab fè kè twouble a ogmante menm yon èdtan nan longè lavi li?
26 如果你們連極小的事還做不來,為什麼要思慮別的事呢﹖
Si pou sa nou pa kapab fè menm yon ti bagay, poukisa nou fè kè twouble pou lòt bagay?
27 你們看看百合花,是怎樣生長的: 它們不勞作,也不紡織;可是,我告訴你們:連撒羅滿在他極盛的榮花時所披戴的,也不如這花中的一朵。
“Konsidere flè lis yo, jan yo grandi; yo pa travay ni fè twal, men Mwen di nou ke menmSalomon nan tout glwa li pa t abiye li menm tankou youn nan sa yo.
28 田野閶的野草,今天還在,明天就投入爐中,天主尚且這樣裝飾,何況你們呢! 小信德的人啊!
Men si Bondye abiye zèb nan chan yo ki jodi a vivan, e demen ap jete nan founèz la, konbyen anplis li va abiye nou, o moun ti lafwa piti!
29 你們不要謀求吃什麼,喝什麼,也不要憂愁掛心,
“Konsa, pa mande kisa nou va manje, ni kisa nou va bwè, e pakontinye enkyete nou.
30 因為這一切都是世上的外邦人所尋求的,至於你們,你們的父知道你們需要這些。
Paske tout bagay sa yo, tout nasyon nan mond lan chache yo avèk lanvi pa yo; men Papa nou konnen ke nou bezwen bagay sa yo.
31 你們只要尋求他的國,這些自會加給你們。」
Men chache wayòm Li, e bagay sa yo va vini a nou tou.
32 「你們小小的羊群,不要害怕! 因為你們的父喜歡把天國賜給你們。
“Pa krent, ti bann nan, paske Papa nou te chwazi avèk jwa pou bannou wayòm nan.
33 要變賣你們所有的來施捨,為你們自己備下經久不朽的錢囊,在天上備下取用不盡的寶藏;那裏盜賊不能走近,蠹蟲也不能損壞,
“Vann sa nou posede, e bay kado lacharite. Fè pou kont nou bous ki p ap janm ize, yon trezò ki p ap kab gate nan syèl la, kote vòlè pa pwoche, ni papiyon detwi.
34 因為你們的寶藏在那裏,你們的心也必在那裏。」
Paske kote trezò nou ye, se la kè nou va ye tou.
35 「要把你們的腰束起,把燈點著;
“Rete abiye tout tan, byen parèt, avèk lanp nou toujou limen.
36 應當如同那些等候自己的主人,由婚宴回來的人,為的是主人來到,一敲門,立刻就給他開門。
“Fè tankou mesye k ap tann mèt yo lè l retounen apre fèt maryaj la, pou yo kapab ouvri pòt la imedyatman lè l fin frape.
37 主人來到時,遇見醒寤著的那些僕人,是有福的。我實實在在告訴你們:主人要束上腰,請他們坐席,自己前來伺候他們。
Beni se esklav sila yo ke mèt la va twouve k ap byen veye lè l vini. Anverite Mwen di nou keli va mare senti li pou sèvi yo. Li va fè yo repoze sou tab la, e li va vini pou bay yo sèvis.
38 他二更來也罷,三更來也罷,若遇見這樣,那些人才是有福的。
Menm si l vini nan dezyèm oubyen twazyèm lè nwit lan, e li twouve yo konsa, se beni esklav sa a va ye.
39 你們應該明白這一點: 如果家主知道盜賊何時要來,[他必定要醒寤],決不容自己的屋被挖穿。
“Men, byen konnen sa, ke si mèt kay la te konnen a kilè vòlè a t ap vini, li pa t ap kite l kase kay la.
40 你們也應當準備,因為在你們不料想的時辰,人子就來了。」
Nou tou, rete vijilan; paske Fis a Lòm nan ap vini nan yon lè ke nou pa ta sipoze.
41 伯多祿說:「主,你講的這個比喻,是為我們呢,還是為眾人﹖」
“Pierre te di: ‘Senyè, èske W ap bay parabòl sa pou nou, oubyen pou tout lòt yo tou?’”
42 主說: 「究竟誰是那忠信及精明的管家,主人派他管理自己的家僕,按時配給食糧﹖
Senyè a te reponn: “Alò, kilès ki se jeran fidèl e abil ke mèt li va mete an chaj tout lòt sèvitè yo, pou bay yo manje yo nan lè li dwe fèt?
43 主人來時,看見他如此行事,那僕人才是有福的。
Beni se esklav sila a ke mèt la twouve ap fè sa lè l vini an.
44 我實實在在告訴你們: 主人必要委派他管理自己的一切財產。
Anverite Mwen di nou ke li va mete li an chaj de tout byen li yo.
45 如果那個僕人心裏說: 我的主人必然遲來;他便開始烤打僕婢,也吃也喝也醉酒。
“Men si esklav la di nan kè l: Mèt mwen ap mize pou rive, epi li kòmanse bat esklav yo, ni fanm, ni gason, epi manje, bwè, e vin sou;
46 在他不期待的日子,不知覺的時刻,那僕人的主人要來,必要剷除他,使他與不信者遭受同的命運。
mèt esklav sa a va vini nan yon jou ke li pa prevwa, nan yon lè ke li pa konnen, e li va koupe li an mòso, e mete li yon kote avèk enkwayan yo.
47 那知道主人的旨意,而偏不準備,或竟不奉行他旨意的僕人,必然要多受烤打;
“Alò esklav sa a ki te konnen volonte a mèt li a; men pa t prepare ni aji an akò avèk volonte l, va resevwa anpil kout fwèt.
48 那不知道而做了應受烤打之事的,要少受烤打。給誰的多,向誰要的也多;交托誰的多,向誰索取的也格外多。」
Men sila ki pa t konnen, men te fè zak ki te merite kou, p ap resevwa plis ke kèk. “Pou tout sila yo ki te resevwa anpil konprann, anpil ap egzije de yo; e a sila ki te konfye anpil, a li menm y ap mande menm plis.
49 「我來是為把火投在地上,我是多麼切望它已經燃燒起來!
“Mwen vini pou voye dife sou latè; e kijan Mwen ta kontan si li te deja limen!
50 我有一種應受的洗禮,我是如何焦急,直到它得以完成!
“Men Mwen gen yon batèm pou M pase, e kijan sa twouble M jiskaske li fin acheve!
51 你們以為我來是給地上送和平嗎﹖不,我告訴你們: 而是來送分裂。
“Èske nou sipoze ke Mwen te vini pou bay lapè sou latè? Mwen di nou non, men olye sa, divizyon.
52 因為從今以後,一家五口的,將要分裂: 三個反對兩個,兩個反對三個。
Paske depi koulye a, senk moun nan yon kay va divize, twa kont de, e de kont twa.
53 他們將要分裂: 父親反對兒子,兒子反對父親;母親反對女兒,女兒反對母親;婆母反對兒媳,兒媳反對婆母。」
Yo va divize, papa kont fis, e fis kont papa; manman kont fi, e fi kont manman; bèlmè kont bèlfi, e bèlfi kont bèlmè.”
54 耶穌又向群眾說:「幾時你們看見雲彩由西方升起,立刻就說: 要下大雨了;果然是這樣。
Li t ap di anplis a foul la: “Lè nou wè yon nwaj k ap leve nan lwès, imedyatman nou di: ‘L ap fè lapli’, e se konsa sa rive.
55 幾時南風吹來,就說天要熱了;果然是這樣。
Epi lè nou wè yon van sid k ap soufle, nou di: ‘L ap fè chalè’, e se konsa sa rive.
56 假善人哪! 你們知道觀察地上及天上的氣象,怎麼不能觀察這個時機呢﹖
Ipokrit nou ye! Nou konnen kijan pou nou analize aparans a tè a, avèk syèl la, men poukisa nou pa analize tan prezan sila a?
57 你們為什麼不能由自己來辨別正義的事呢﹖
““Poukisa nou menm pou kont nou pa jije sa ki bon?
58 當你同你的對頭去見官長時,尚在路上,你得設法與他了結,怕他拉你到法官前,法官把你交給刑役,而刑役把你押在獄中。
Paske pandan nou ap rive devan majistra avèk advèsè nou, menm nan wout la, fè yon efò pou antann avè l; pou li pa mennen nou devan jij la, e jij la livre nou a ofisye jistis la, k ap jete nou nan prizon.
59 我告訴你:非等還清最後的一分錢,斷不能從那裏出來。」
Mwen di nou, nou p ap sòti la jiskaske nou fin peye dènye santim nan.”

< 路加福音 12 >