< איוב 27 >

ויסף איוב שאת משלו ויאמר 1
Alò, Job te kontinye diskou li. Li te di:
חי-אל הסיר משפטי ושדי המר נפשי 2
Kon Bondye viv la, ki te retire dwa m, Toupwisanki te fè m gen nanm anmè a,
כי-כל-עוד נשמתי בי ורוח אלוה באפי 3
paske tan lavi toujou nan mwen. Souf Bondye la nan nen m.
אם-תדברנה שפתי עולה ולשוני אם-יהגה רמיה 4
Lèv mwen, anverite, p ap pale sa ki pa dwat, ni lang mwen pa p pale manti.
חלילה לי אם-אצדיק אתכם עד-אגוע-- לא-אסיר תמתי ממני 5
Fòk se lwen m pou m ta bay ou rezon. Jiskaske m mouri, mwen p ap lage entegrite m.
בצדקתי החזקתי ולא ארפה לא-יחרף לבבי מימי 6
Mwen kenbe fèm a ladwati mwen. Mwen p ap lage l menm. Kè m pa repwoche m depi gen lavi ladan m.
יהי כרשע איבי ומתקוממי כעול 7
“Kite lènmi m kapab tankou mechan a. Kite sila ki leve kont mwen, san jistis.
כי מה-תקות חנף כי יבצע כי ישל אלוה נפשו 8
Paske ki espwa sila ki san Bondye a genyen lè l koupe retire nèt, lè Bondye fè l oblije bay lavi li?
הצעקתו ישמע אל-- כי-תבוא עליו צרה 9
Èske Bondye va tande kri li lè malè rive li?
אם-על-שדי יתענג יקרא אלוה בכל-עת 10
Èske li va pran plezi nan Toupwisan an? Èske li va rele non Bondye a nan tout tan sa yo?
אורה אתכם ביד-אל אשר עם-שדי לא אכחד 11
Mwen va enstwi ou nan pwisans Bondye. Pwojè Toupwisan an, mwen p ap kache l.
הן-אתם כלכם חזיתם ולמה-זה הבל תהבלו 12
Gade byen, nou tout gen tan wè sa. Ebyen, poukisa nou aji nan foli?
זה חלק-אדם רשע עם-אל ונחלת עריצים משדי יקחו 13
“Sa se pòsyon a moun mechan an ki va sòti Bondye, ak eritaj ke mechan yo va resevwa nan men Toupwisan an.
אם-ירבו בניו למו-חרב וצאצאיו לא ישבעו-לחם 14
Malgre fis li yo anpil, yo destine pou nepe. Konsa, desandan li yo ap toujou manke pen.
שרידיו במות יקברו ואלמנתיו לא תבכינה 15
Sila ki swiv li yo va antere nan lamò e vèv li yo p ap kriye pou li.
אם-יצבר כעפר כסף וכחמר יכין מלבוש 16
Malgre li fè gwo pil ajan an vin tankou se tè e prepare vètman anpil tankou ajil,
יכין וצדיק ילבש וכסף נקי יחלק 17
li kab prepare l, men se moun ladwati yo k ap mete li, se inosan yo k ap divize ajan an.
בנה כעש ביתו וכסכה עשה נצר 18
Li te bati kay li tankou papiyon, oswa tankou kay poto gadyen te fè.
עשיר ישכב ולא יאסף עיניו פקח ואיננו 19
Li kouche byen rich, men li pa janm vin genyen ankò; li ouvri zye li, men li pa la.
תשיגהו כמים בלהות לילה גנבתו סופה 20
Gwo laperèz yo rive pran l tankou yon flèv. Yon move tan vole retire l pandan lannwit.
ישאהו קדים וילך וישערהו ממקמו 21
Van lès la pote l ale e li pati. Li fè l vire tounen kite plas li.
וישלך עליו ולא יחמל מידו ברוח יברח 22
Paske l ap plonje sou li san epanye, pandan li eseye envite l chape nan men l.
ישפק עלימו כפימו וישרק עליו ממקמו 23
Pèp la va bat men yo sou li. Yo va sifle sou li kon koulèv, pou li kite plas li a.”

< איוב 27 >