< Resansman 31 >

1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
Seyè a pale ak Mwiz, li di l' konsa:
2 Pran vanjans konplè pou fis Israël yo kont Madyanit yo. Apre, ou va rasanble anvè pèp ou a.
-Ou pral pini moun Madyan yo pou sa yo fè moun pèp Izrayèl yo pase. Apre sa, ou pral mouri pou ou al jwenn moun pa ou yo ki mouri deja.
3 Moïse te pale avèk pèp la e te di: “Bay gason pami nou yo zam pou fè lagè; pou yo kapab sòti kont Madian pou egzekite vanjans SENYÈ a kont Madian.
Se konsa, Moyiz pale ak pèp la, li di yo konsa: -Pare kèk gason nan mitan nou pou y' al goumen, pou yo mache pran moun Madyan yo, fè yo peye sa yo fè Seyè a.
4 Yon milye ki soti nan chak tribi a tout tribi Israël yo, nou va voye yo nan lagè.”
N'a pran mil gason nan chak branch fanmi pèp Izrayèl la pou n' voye al goumen.
5 Konsa, te vin disponib soti nan milye an Israël, yon milye soti nan chak tribi, douz mil avèk zam prepare pou lagè.
Se konsa nan tout kantite gason ki nan pèp Izrayèl la, yo pran mil gason nan chak branch fanmi. Sa te bay douzmil (12.000) gason antou ki te pare pou al goumen.
6 Moïse te voye yo, yon milye sòti nan chak tribi nan lagè, e Phinées, fis Éléazar a, prèt la, nan lagè avèk yo, avèk veso sen ak twonpèt yo pou sone alam ki nan men l lan.
Moyiz voye douzmil gason sa yo al fè lagè. Li voye ak yo Fineas, pitit gason Eleaza, prèt la, ki t'ap pote veso Bondye yo ak twonpèt pou bay siyal yo.
7 Konsa, yo te fè lagè kont Madian, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la, e yo te touye tout gason yo.
Yo atake moun Madyan yo jan Seyè a te bay Moyiz lòd la, yo touye tout gason yo.
8 Yo te touye wa a Madian yo ansanm avèk lòt ki te mouri yo: Evi, Rékem, Tsur, Hur, ak Réba, senk wa a Madian yo. Yo osi te touye Balaam fis a Beor a avèk nepe.
Yo touye senk wa moun Madyan yo: Evi, Rekèm, Zou, Our ak Reba. Yo touye Balaram, pitit Beyò a, tou.
9 Fis a Israël yo te pran an kaptif fanm a Madian avèk timoun piti yo, tout bèf yo avèk tout bann bèt yo ak tout byen yo te piyaje yo.
Moun Izrayèl yo fè tout fanm ak tout timoun Madyan yo prizonye. Yo pase men yo pran tout bèf yo, tout mouton yo, tout kabrit yo ak tout lòt byen yo.
10 Yo te brile tout vil kote yo te rete yo ak tout kan yo avèk dife.
Yo boule tout kay nan lavil yo ak tout kan kote moun yo te rete.
11 Yo te piyaje ak tout sila ki te pran an kaptif yo, ni moun, ni bèt.
Apre sa, yo pran tou sa yo te ranmase, tout bèt ak tout moun yo te fè prizonye yo,
12 Yo te mennen kaptif yo avèk bèt yo avèk sa yo piyaje yo bay Moïse ak Éléazar, prèt la ak bay kongregasyon fis Israël yo, nan kan nan plèn Moab la, ki akote Jourdain an anfas Jéricho.
yo mennen yo bay Moyiz ansanm ak Eleaza, prèt la, ak tout moun pèp Izrayèl yo ki te nan kan an, nan plenn Moab yo, lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko.
13 Moïse avèk Éléazar, prèt la ak tout chèf ki nan kongregasyon yo te ale deyò kan an pou rankontre yo.
Moyiz, Eleaza, prèt la ak tout chèf pèp Izrayèl yo soti nan kan an al kontre lame a.
14 Moïse te fache avèk ofisye lame a, kapitèn a dè milye ak kapitèn dè santèn ki te sòti nan sèvis lagè yo.
Moyiz move sou chèf reskonsab lame yo, sou chèf divizyon mil yo ak chèf konpayi san yo ki t'ap tounen soti nan lagè a.
15 Moïse te di yo: “Èske nou te bay tout fanm yo lavi?
Li di yo konsa: -Poukisa nou pa touye tout medam sa yo?
16 Gade byen, sila yo te fè fis Israël yo avèk konsèy Balaam nan vin peche kont SENYÈ a nan zafè Peor a; konsa, gwo epidemi te vin pami kongregasyon SENYÈ a.
Se yo menm ki te swiv konsèy Balaram yo, se yo ki te lakòz moun pèp Izrayèl yo te vire do bay Bondye nan zafè Baal-Peyò a, kifè gwo malè nou konnen an te tonbe sou pèp Izrayèl la.
17 Pou sa, touye tout gason pami pitit yo, e touye tout fanm ki gen tan fin kouche avèk gason.
Se pou nou touye tout pitit gason yo. Se pou nou touye tout fanm ki kouche ak gason deja.
18 Men tout fi ki poko konnen gason, konsève yo pou nou menm.
Men, n'a sove lavi tout jenn fi ki poko janm kouche ak gason. N'a pran yo pou nou.
19 “Epi nou menm, fè kan deyò kan an pandan sèt jou; nenpòt moun ki te touye yon moun, e nenpòt moun ki te touche yon mò, pirifye tèt nou, nou menm avèk kaptif nou yo, nan twazyèm jou ak nan setyèm jou a.
Men, nou menm ki touye moun osinon ki manyen kadav moun mouri, nou pral rete sèt jou andeyò limit kan an. Sou twazyèm jou a ak sou setyèm jou a n'a fè sèvis pou mete nou nan kondisyon, nou menm ak tout prizonye nou yo, pou nou ka fè sèvis Bondye.
20 Nou va pirifye tèt nou, tout rad nou yo, tout bagay ki fèt an kwi, tout travay an po kabrit ak tout bagay an bwa.”
N'a fè sèvis pou mete tout rad ak tout bagay ki fèt ak po bèt, bagay ki fèt ak pwal kabrit, bagay ki fèt an bwa, nan kondisyon pou moun k'ap sèvi Bondye ka sèvi ak yo.
21 Alò, Éléazar, prèt la, te di a mesye lagè ki te ale nan batay yo: “Sa se règleman a lalwa ke SENYÈ a te kòmande Moïse la:
Eleaza, prèt la, pale ak mesye ki te tounen soti nan lagè yo. Li di yo konsa: -Men yon regleman nou jwenn nan lòd Seyè a te bay Moyiz.
22 sèlman lò avèk ajan, avèk bwonz, fè, fè blan ak plon,
Tout moso lò, tout moso ajan, tout bout fè, tout moso kwiv, tout moso plon,
23 tout sa ki kapab sipòte dife, nou va fè pase nan dife, e li va vin pwòp; men li va pirifye avèk dlo pirifikasyon an. Men nenpòt sa ki pa kab sipòte dife, nou va pase yo nan dlo.
tou sa ki pa ka boule nan dife, n'a pase yo nan dife pou yo ka nan kondisyon sèvi pou moun k'ap sèvi Bondye. Men tou sa ki ka boule nan dife, se nan dlo yo mete apa pou sa a n'a pase yo pou yo ka nan kondisyon sèvi pou moun k'ap sèvi Bondye.
24 Epi nou va lave rad nou nan setyèm jou a pou nou vin pwòp; epi apre, nou kapab antre nan kan an.”
Sou setyèm jou a, n'a lave rad ki sou nou yo. Konsa n'a nan kondisyon pou nou fè sèvis Bondye. Se lè sa a n'a ka antre nan kan an.
25 Konsa, SENYÈ a te pale a Moïse e te di:
Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
26 “Ou menm avèk Éléazar, prèt la, chèf a lakay zansèt yo nan kongregasyon an, pran kontwòl de sa ki te pran an kaptif yo, ni lòm, ni bèt;
-Ou menm, Moyiz ak Eleaza, prèt la, ansanm ak tout lòt chèf pèp Izrayèl yo, n'a konte tou sa lame a te ranmase nan lagè a, san bliye bèt yo ak prizonye yo.
27 epi divize piyaj la antre gèrye ki te sòti nan batay yo ak tout kongregasyon an.
Apre sa, n'a separe tout bagay mwatye pou mwatye, mwatye pou moun ki te al goumen yo, mwatye pou rès moun pèp Izrayèl yo.
28 Fè ranmase yon taks ki pou SENYÈ a sou gèrye ki te soti nan batay yo, youn nan chak senk san moun ke yo te pran an kaptif yo, nan bèf, nan bourik ak nan mouton;
Nan mwatye ki pou moun ki te al goumen yo, n'a wete yon pòsyon ki va tankou yon taks y'a peye pou Seyè a: sou chak senksan (500) moun, sou chak senksan bèt menm kalite, bèf, bourik, mouton, kabrit, w'a wete yonn pou Seyè a.
29 pran li nan mwatye pa yo, e bay li a Éléazar, prèt la, kòm yon ofrann bay SENYÈ a.
Sa w'a wete nan mwatye ki pou moun ki te al goumen yo, w'a bay Eleaza, prèt la, tankou yon bagay yo pran pou Seyè a.
30 Soti nan mwatye fis Israël yo, ou va pran youn ki sòti nan chak senkant moun, nan bèf, nan bourik ak nan mouton, nan tout bèt; epi bay yo a Levit ki responsab lòd nan tabènak SENYÈ a.”
Sou lòt mwatye ki rete pou rès moun pèp Izrayèl la, w'a pran yonn sou chak senkant moun, sou chak senkant bèt menm kalite, bèf, bourik, mouton, kabrit. Epi w'a bay moun Levi yo ki reskonsab Tant Randevou Seyè a.
31 Moïse avèk Éléazar, prèt la, te fè jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
Moyiz ak Eleaza, prèt la, te fè tout bagay jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè a.
32 Alò, piyaj ki te rete nan byen ke mesye lagè yo te piyaje a te si-mil-swasann-kenz mouton,
San konte sa sòlda yo te pran pou yo menm, men sa yo te pran nan men lènmi yo epi yo te pote bay Moyiz: sisanswasannkenzmil (675.000) mouton ak kabrit,
33 swasann-douz-mil bèf,
swasanndouzmil (72.000) bèf,
34 swasanteyen-mil bourik,
swasanteyenmil (61.000) bourik,
35 epi nan Kretyen kaptif yo, fanm ki pa t janm konnen gason yo, tout moun te trann-de-mil.
tranndemil (32.000) jenn fi ki poko janm kouche ak gason.
36 Mwatye a, pati a sila ki te ale nan lagè yo te konsa: kantite mouton yo te: twa-san-trann-sèt-mil-senk-san,
Yo pran mwatye ladan yo bay sòlda ki te al goumen yo. Epi yo wete sa ki pou Seyè a ladan l'. Sa te fè twasantrannsètmil senksan (337.500) mouton ak kabrit,
37 taks SENYÈ a te sis-san-swasann-kenz;
ak sisanswasannkenz (675) ladan yo pou Seyè a,
38 bèf yo te trann-si-mil, ladann taks la te swasann-douz;
trannsimil (36.000) bèf ak swasanndouz ladan yo pou Seyè a,
39 bourik yo te trant-mil-senk-san, ladan yo taks SENYÈ a te swasanteyen;
trantmil senksan (30.500) bourik ak swasanteyen ladan yo pou Seyè a,
40 moun vivan yo te sèz-mil, ladan yo taks SENYÈ a te trann-de moun.
sèzmil (16.000) jenn fi ak trannde ladan yo pou Seyè a.
41 Moïse te bay taks la, ofrann SENYÈ a Éléazar, prèt la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
Se konsa, Moyiz renmèt bay Eleaza, prèt la, tou sa yo te wete pou Seyè a, jan Seyè a te bay Moyiz lòd la.
42 Epi pou mwatye a fis Israël yo, ke Moïse te retire nan men mesye ki te ale nan lagè yo——
Lòt mwatye a te pou rès pèp Izrayèl la. Lè Moyiz fin wete sa ki te pou sòlda yo,
43 Mwatye kongregasyon an te twa-san-trann-sèt-mil-senk-san mouton,
men sa ki te rete: twasantrannsètmil senksan (337.500) mouton ak kabrit,
44 trann-si-mil bèf,
trannsimil (36.000) bèf,
45 trant-mil-senk-san bourik,
trantmil senksan (30.500) bourik ak
46 moun vivan yo te sèz-mil
sèzmil (16.000) jenn fi.
47 epi soti nan mwatye fis Israël yo, Moïse te retire nan chak senkant, ni nan lòm ak nan bèt yo, e li te bay yo a Levit yo, ki te kenbe lòd nan tabènak SENYÈ a, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
Sou mwatye ki te pou rès moun pèp Izrayèl la, Moyiz pran yon moun sou chak senkant moun ak yon bèt sou chak senkant bèt menm kalite, li bay moun Levi yo ki te reskonsab tant Seyè a, jan Seyè a te bay Moyiz lòd la.
48 Alò, ofisye ki te sou dè milye nan lame yo, kapitèn a dè milye e kapitèn a dè santèn yo te apwoche Moïse,
Lè sa a, tout moun ki te chèf lame a, chèf divizyon mil yo ak chèf konpayi san yo, yo tout vin jwenn Moyiz.
49 epi yo te di a Moïse: “Sèvitè nou yo te pran kontwòl a mesye lagè ki sou chaj nou yo, e nanpwen pèsòn pami nou ki pa la.
Epi yo di l': -Nou konte kantite sòlda ki te sou kont nou yo, nou jwenn yo tout la.
50 Konsa, nou vin pote yon ofrann bay SENYÈ a sou sa ke chak moun te twouve, bagay an lò, chenèt, braslè, bag, zanno ak kolye, pou fè ekspiyasyon pou nou menm devan SENYÈ a.”
Se poutèt sa, n'ap pote tout bijou lò nou te jwenn epi nou te pran: braslè, chennèt, bag, zanno, chenn ak meday, n'ap ofri yo bay Seyè a pou li ka fè nou gras.
51 Moïse avèk Éléazar, prèt la, te pran lò pa yo, tout kalite bagay ki fonn.
Moyiz ak Eleaza, prèt la, resevwa tout bijou lò yo te pote yo.
52 Tout lò pou ofrann, yo te ofri devan SENYÈ a, soti nan kapitèn dè milye ak kapitèn dè santèn yo, se te sèz-mil-sèt-san-senkant sik.
Sa te fè katsan (400) liv konsa chèf divizyon mil yo ak chèf konpayi san yo te pote bay Moyiz ak Eleaza ki te resevwa yo pou Seyè a.
53 Mesye lagè yo te pran piyaj la, chak nonm pou kont li.
Men, sòlda yo menm te kenbe sa yo te pran pou tèt pa yo.
54 Konsa, Moïse avèk Éléazar, prèt la, te pran lò kapitèn dè milye ak dè santèn yo, e yo te pote li nan tant asanble a kòm yon souvni a fis Israël yo devan SENYÈ a.
Se konsa Moyiz ak Eleaza, prèt la, pran lò chèf divizyon mil ak chèf konpayi san yo te pote ba yo a, yo pote l' nan Tant Randevou a, pou Seyè a te ka toujou chonje pwoteje pèp Izrayèl la.

< Resansman 31 >