< Jan 16 >

1 “Mwen pale nou bagay sa yo pou nou kapab evite chite.
“या बाते मय न तुम सी येकोलायी कह्यो कि तुम ठोकर नहीं खावो।
2 “Yo va mete nou deyò nan sinagòg la, epi lè a ap vini ke y ap konprann ke se yon sèvis yo rann Bondye lè yo touye nou.
हि तुम्ख आराधनालयों म सी निकाल दियो जायेंन, बल्की ऊ समय आवय हय, कि जो कोयी तुम्ख मार डालेंन ऊ समझेंन कि मय परमेश्वर की सेवा करू हय।
3 Bagay sa yo, yo va fè paske yo pa t janm konnen Papa a, ni Mwen.
असो हि येकोलायी करेंन कि उन्न नहीं बाप ख जान्यो हय अऊर नहीं मोख जानय हंय।
4 Men bagay sa yo Mwen te pale nou an pou lè lè a rive, nou va sonje ke M te di nou sa. Epi bagay sa yo Mwen pa t di nou nan kòmansman, paske Mwen te avèk nou.
पर या बाते मय न येकोलायी तुम सी कह्यो, कि जब इन्को समय आये त तुम्ख याद आय जाये कि मय न तुम सी पहिलेच कह्य दियो होतो। “मय न सुरूवात म तुम सी या बाते येकोलायी नहीं कहीं कहालीकि मय तुम्हरो संग होतो।
5 “Men koulye a, M ap prale a Sila a ki te voye Mwen an. E pa gen nan nou k ap mande M: ‘Kibò W ap prale’?
पर अब मय अपनो भेजन वालो को जवर जाऊं हय; अऊर तुम म सी कोयी मोरो सी नहीं पूछय, ‘तय कित जावय हय?’
6 Men akoz ke M te di nou bagay sa yo, gwo doulè antre nan kè nou.
पर मय न जो या बाते तुम सी कह्यो हंय येकोलायी तुम्हरो मन दु: ख सी भर गयो हय।
7 “Men Mwen di nou laverite se nan lavantaj pa nou ke M ap prale. Paske si M pa ale, Konseye a p ap vin kote nou, men si M ale, M ap voye Li bay nou.
तब भी मय तुम सी सच कहू हय कि मोरो जानो तुम्हरो लायी अच्छो हय, कहालीकि यदि मय नहीं जाऊं त ऊ सहायक तुम्हरो जवर नहीं आयेंन; पर यदि मय जाऊं, त ओख तुम्हरो जवर भेजूं।
8 E Li, lè L vini, L ap konvenk lemonn konsènan peche, ladwati, ak jijman.
ऊ आय क जगत को पाप अऊर सच्चायी अऊर न्याय को बारे म जगत को शक ख दूर करेंन।
9 Konsènan peche, paske yo pa kwè nan Mwen,
पाप को बारे म येकोलायी कि हि मोरो पर विश्वास नहीं करय;
10 Selon ladwati, paske Mwen ale nan Papa a, e nou p ap ka wè M ankò.
अऊर सच्चायी को बारे म येकोलायी कि मय बाप को जवर जाऊं हय, अऊर तुम मोख फिर नहीं देखो;
11 Epi selon jijman, paske Mèt mond sa a gen tan jije.
न्याय को बारे म येकोलायी कि जगत को शासक दोषी ठहरायो गयो हय।
12 “Mwen gen anpil bagay anplis pou M ta di nou, men nou p ap kab sipòte yo koulye a.
“मोख तुम सी अऊर भी बहुत सी बाते कहनो हंय, पर अभी तुम उन्ख सहन नहीं कर सकय।
13 Men lè Li, Lespri verite a vini, Li va dirije nou nan tout verite. Paske Li p ap pale pou kont Li, men sa Li tande, L ap pale. Li va montre nou tout sa ki va vini.
पर जब ऊ मतलब सत्य को आत्मा आयेंन, त तुम्ख सब सत्य को रस्ता बतायेंन कहालीकि ऊ अपनो तरफ सी नहीं कहेंन पर जो कुछ सुनेंन उच कहेंन, अऊर आवन वाली बाते तुम्ख बतायेंन।
14 Li va fè M resevwa glwa Mwen, paske l ap pran sa ki pou Mwen, e fè nou konprann li.
ऊ मोरी महिमा करेंन, कहालीकि ऊ मोरी बाते म सी ले क तुम्ख बतायेंन।
15 “Tout bagay ke Papa a genyen se pou Mwen. Pou sa, Mwen di nou Li pran sa ki pou Mwen, e devwale li a nou.
जो कुछ बाप को आय, ऊ सब मोरो आय; येकोलायी मय न कह्यो कि ऊ मोरी बातों म सी ले क तुम्ख बतायेंन।
16 “Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis, e nou va wè M.”
“थोड़ी देर म तुम मोख नहीं देखो, अऊर फिर थोड़ी देर म मोख देखो।”
17 Kèk nan disip Li yo te di youn a lòt: “Kisa L ap di nou la a? ‘Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis e nou va wè M’ epi: ‘akoz ke M ap prale nan Papa a’?”
तब ओको कुछ चेला न आपस म कह्यो, “यो का हय जो ऊ हम सी कह्य हय, ‘थोड़ी देर म तुम मोख नहीं देखो, अऊर फिर थोड़ी देर म मोख देखो?’ अऊर यो ‘येकोलायी कि मय बाप को जवर जाऊं हय?’”
18 Konsa yo t ap di: “Kisa L ap pale: ‘Yon ti tan’? Nou pa konprann kisa L ap di.”
तब उन्न कह्यो, “यो ‘थोड़ी देर’ जो ऊ कह्य हय, का बात आय? हम नहीं जानजे कि ऊ का कह्य हय।”
19 Jésus te konnen yo te vle kesyone L, epi Li te di yo: “Èske nou ap diskite pami nou sou sa ke M te di a: ‘Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis, e nou va wè M?’
यीशु न यो जान क कि हि मोरो सी पूछनो चाहवय हंय, ओन कह्यो, “का तुम आपस म मोरी या बात को बारे म पूछताछ करय हय, थोड़ी देर म तुम मोख नहीं देखो, अऊर फिर थोड़ी देर म मोख देखो?”
20 “Anverite, anverite, Mwen di nou, ke nou va kriye avèk lamantasyon, men lemonn va rejwi. Nou va ranpli avèk tristès, men tristès la va vin chanje an jwa.
मय तुम सी सच सच कहू हय कि तुम रोयेंन अऊर विलाप करेंन, पर जगत खुशी मनायेंन; तुम ख दु: ख होयेंन, पर तुम्हरो दु: ख खुशी म बदल जायेंन।
21 Lè yon fanm gen doulè nesans, li gen tristès, paske lè li rive, men lè l fin bay nesans a pitit la, li pa sonje soufrans lan ankò, akoz jwa ke yon pitit gen tan fèt nan lemonn.
प्रसव को समय बाई ख दु: ख होवय हय, कहालीकि ओकी दु: ख की घड़ी आय पहुंची हय, पर जब वा बच्चा ख जनम दे देवय हय, त यो खुशी सी कि जगत म एक आदमी पैदा भयो, ऊ संकट ख फिर याद नहीं कर सकय।
22 “Konsa, nou menm tou gen tristès koulye a. Men Mwen va wè nou ankò, e kè nou ap rejwi, e pèsòn p ap retire jwa nou ankò.
उच तरह तुम्ख भी अब त दु: ख हय, पर मय तुम सी फिर मिलूं अऊर तुम्हरो मन खुशी सी भर जायेंन; अऊर तुम्हरी खुशी कोयी तुम सी छीन नहीं लेयेंन।
23 “E nan jou sa a nou p ap menm poze M kesyon sou okenn choz. Anverite, anverite, Mwen di nou, si nou mande Papa a pou nenpòt bagay, L ap bay nou Li nan non Mwen.
ऊ दिन तुम मोरो सी कुछ मत पूछो। मय तुम सी सच सच कहू हय, यदि बाप सी कुछ मांगो, त ऊ मोरो नाम सी तुम्ख देयेंन।
24 “Jis rive koulye a nou pa mande pou anyen nan non Mwen. Mande e nou va resevwa, pou jwa nou kapab vin ranpli.
अब तक तुम न मोरो नाम सी कुछ नहीं मांग्यो; मांगो, त पावों ताकि तुम्हरी खुशी पूरी होय जाये।
25 “Bagay sa yo Mwen pale nou an parabòl. Lè a ap vini lè M p ap pale avèk nou ankò an parabòl, men M ap pale nou byen klè konsènan Papa a.
“मय न या बाते तुम सी दृष्टान्तों म कहीं हंय, पर ऊ समय आवय हय कि मय तुम सी फिर दृष्टान्तों म नहीं कहूं, पर खुल क तुम्ख बाप को बारे म बताऊं।
26 “Nan jou sa a nou va mande nan non Mwen, e Mwen p ap di nou ke M ap mande Papa a anfavè nou.
ऊ दिन तुम मोरो नाम सी मांगो; अऊर मय तुम सी यो नहीं कहूं कि मय तुम्हरो लायी बाप सी बिनती करू;
27 Paske Papa a Li menm, renmen nou paske nou renmen Mwen, e te kwè ke Mwen te sòti nan Papa a.
कहालीकि बाप त तुम सीच प्रेम रखय हय, येकोलायी कि तुम न मोरो सी प्रेम रख्यो हय अऊर यो भी विश्वास करयो हय कि मय बाप को तरफ सी आयो।
28 Mwen te sòti nan Papa a, e te vini nan lemonn. M ap kite lemonn ankò e ap prale kote Papa a.”
मय बाप को तरफ सी जगत म आयो हय; मय फिर जगत ख छोड़ क बाप को जवर जाऊ हय।”
29 Disip Li yo te di: “Alò koulye a W ap pale klè. Ou p ap sèvi ak parabòl.
ओको चेलां न कह्यो, “देख, अब त तय खोल क कह्य हय, अऊर कोयी दृष्टान्त नहीं कह्य।
30 Koulye a nou konnen ke Ou konnen tout bagay, e pa bezwen moun mande Ou anyen. Akoz sa, nou kwè ke Ou soti nan Bondye.”
अब हम जान गयो हंय कि तय सब कुछ जानय हय, अऊर येकी जरूरत नहीं कि कोयी तोरो सी कुछ पूछेंन; येको सी हम विश्वास करजे हंय कि तय परमेश्वर को तरफ सी आयो हय।”
31 Jésus te reponn yo: “Èske nou kwè koulye a?
यो सुन क यीशु न ओको सी कह्यो, “का तुम अब विश्वास करय हय?
32 Veye byen, lè a ap vini, e gen tan vini deja, pou nou vin gaye, chak a pwòp kay li, e pou kite M sèl. Men M p ap sèl, paske Papa a toujou avè M.
ऊ घड़ी आवय हय बल्की आय गयी हय कि तुम सब जगर-बगर होय क अपनो अपनो रस्ता धरेंन, अऊर मोख अकेलो छोड़ देयेंन; तब भी मय अकेलो नहाय कहालीकि बाप मोरो संग हय।
33 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. Mwen venk lemonn.”
मय न या बाते तुम सी येकोलायी कह्यो हंय कि तुम्ख मोरो म शान्ति मिले। जगत म तुम्ख तकलीफ होवय हय, पर हिम्मत बान्धो, मय न जगत ख जीत लियो हय।”

< Jan 16 >