< Jenèz 31 >

1 Alò, Jacob te tande pawòl fis Laban yo ki te vin di: “Jacob te retire tout sa ki te pou papa nou, e avèk sa ki te pou papa nou, li te fè tout richès li.”
Jakòb vin konnen jan pitit gason Laban yo t'ap di: -Jakòb fin pran tou sa ki te pou papa nou. Se byen papa nou li fin ranmase kifè li rich konsa.
2 Jacob te wè konpòtman Laban, e gade byen, li pa t emab anvè li jan li te ye avan an.
Jakòb vin wè tout Laban pa t' ba li menm karaktè li te konn ba li anvan an.
3 Epi SENYÈ a te di a Jacob: “Retounen nan peyi a zansèt ou yo, a moun ou yo, e mwen va avèk ou.”
Lè sa a, Seyè a di l': -Tounen nan peyi kote ou te fèt la, al jwenn fanmi ou. M'ap toujou la avè ou.
4 Alò Jacob te voye rele Rachel avèk Léa vè bann mouton li nan chan an.
Se konsa Jakòb fè chache Rachèl ak Leya. Li voye di yo rive kote l' nan savann kote bèt li yo ye a.
5 Konsa, li te di yo: “Mwen wè ke konpòtman papa nou anvè mwen menm pa emab jan li te ye lontan an, men Bondye a papa m nan te avèk mwen.
Li di yo: -Mwen wè karaktè papa nou pa menm jan avè m' ankò. Li chanje anpil, men Bondye papa m' lan toujou avè m'.
6 Nou konnen ke mwen te sèvi papa nou avèk tout fòs mwen.
Nou tout de nou konnen jan mwen te sèvi ak papa nou ak tout kouraj mwen.
7 Malgre sa, papa nou te twonpe mwen, e li te chanje salè mwen dis fwa, men Bondye pa t kite li fè m donmaj.
Men li menm, li toujou ap twonpe mwen. Li chanje lide dis fwa lè lè a rive pou li peye m'. Men, Bondye pa janm kite l' fè m' anyen.
8 Si li te pale konsa: ‘Takte yo se salè ou’, alò, tout bann mouton yo te bay pitit takte. Epi si li te pale konsa ke trase yo te salè ou, alò tout bann mouton yo te bay pitit trase.
Lè Laban di: ou mèt pran tout kabrit takte yo pou ou, tout bann bèt yo tonbe fè pitit takte. Lè li di: m'ap ba ou tout kabrit ki gen re sou tout kò yo, tout bann bèt yo tonbe fè pitit ak re sou tout kò yo.
9 Konsa Bondye te retire bèt yo nan men papa ou, e Li te ban mwen yo.
Se Bondye menm ki pran bann bèt papa nou yo, li ban mwen yo.
10 “Epi li te rive ke lè bann mouton yo a t ap kwaze, ke mwen te leve zye mwen, mwen te wè nan yon rèv, e gade byen, mal kabrit ki t ap kwaze yo te trase, takte, e mele.
Lè bèt yo mande kwaze, mwen fè yon rèv, mwen wè tout bouk ki t'ap kwaze yo se bouk ki takte, ki pentle ak sa ki gen re sou tout kò yo.
11 “Alò, zanj Bondye a te di mwen nan rèv la: ‘Jacob,’ epi mwen te di: ‘Men mwen.’
Zanj Bondye a pale avè m' nan rèv la, li di m': Jakòb. Mwen reponn li: Men mwen wi.
12 “Li te di: ‘Koulye a leve zye ou, pou wè ke tout mal kabrit ki t ap kwaze yo te trase, takte, e mele, paske Mwen te wè tout sa ke Laban te fè ou yo.
Li di m' ankò: Leve je ou gade: tout bouk k'ap vole fenmèl yo se bouk ki takte ak sa ki gen re sou tout kò yo. Se mwen menm k'ap fè sa konsa, paske mwen wè tout sa Laban ap fè ou.
13 Mwen menm se Bondye a Béthel la, kote ou te vide lwil sou yon pilye, kote ou te fè sèman a Mwen menm nan. Konsa, leve, kite tè sa a, e retounen nan peyi nesans ou a.’”
Mwen se Bondye ki te parèt devan ou lè ou te Betèl, kote ou te mete gwo wòch la apa pou mwen an. Ou chonje, lè sa a, ou te fè yon pwomès ban mwen. Koulye a, leve, kite peyi sa a. Tounen nan peyi kote ou te fèt la.
14 Rachel avèk Léa te di li: “Èske nou gen yon pati nan eritaj lakay papa nou an ki rete?
Rachèl ak Leya reponn Jakòb: -Nou pa gen anyen ankò pou n' eritye nan men papa nou.
15 Èske li pa rekonèt nou kòm etranje? Paske li gen tan vann nou. Anplis, li te manje tout byen nou ranmase.
Eske li pa konsidere nou tankou etranje? Li vann nou. Koulye a, li fin manje tout lajan yo te ba li pou nou an.
16 Vrèman, tout byen ke Bondye te rachte nan men papa nou yo, se pou nou avèk pitit nou ke yo ye. Alò, fè sa ke Bondye te di ou fè a.”
Tout richès Bondye wete nan men papa nou an, se pou nou ansanm ak pitit nou yo. Koulye a, se pou ou fè tout sa Bondye di ou fè.
17 Alò, Jacob te leve. Li te mete pitit li yo avèk madanm li yo sou chamo yo.
Lè sa a, Jakòb leve, li mete pitit li yo ansanm ak madanm li yo sou chamo.
18 Konsa, li te voye pouse tout bèt yo avèk tout byen ke li te rasanble yo, bèt ke li te vin gen nan Paddan-Aram yo, pou ale nan peyi Canaan vè papa li, Isaac.
Li pran tout bèt li yo ansanm ak tout sa li te rive genyen pandan li te Mezopotami an, li mennen yo ale. Li pati, li al jwenn papa l', Izarak, nan peyi Kanaran.
19 Lè Laban te ale pou taye plim mouton li yo, Rachel te vòlè zidòl lakay ki te pou papa li yo.
Lè sa a, Laban t al taye lenn mouton l' yo. Pandan li pa t' la, Rachèl vòlè ti zidòl kay papa l' yo.
20 Konsa, Jacob te twonpe Laban, Arameyen an. Li pa t di li ke li t ap sove ale.
Se konsa Jakòb twonpe Laban, moun lavil Aram lan, li pati san l' pa di l' sa.
21 Li te sove ale avèk tout sa ke li te genyen, epi li te leve pou travèse lariviyè Euphrate la, ak figi li byen fikse vè peyi mòn Galaad yo.
Li pran tout sa li te genyen, li mete deyò, li ale, li travèse larivyè Lefrat, li pran chemen pou li al sou mòn Galarad.
22 Lè yo te di Laban nan twazyèm jou ke Jacob te sove ale a,
Twa jou apre, Laban pran nouvèl Jakòb te pati.
23 li te pran moun fanmi li yo, pou l te kouri dèyè li pandan sèt jou. Konsa, li te vin rive devan li nan ti kolin nan peyi Galaad yo.
Msye pran moun pa li yo avè l', li pati dèyè Jakòb. Apre sèt jou, li jwenn li sou mòn Galarad.
24 Bondye te parèt a Laban, Arameyen an, nan yon rèv nan nwit lan. Li te di li: “Fè atansyon pou ou pa pale a Jacob ni byen, ni mal.”
Men, pandan lannwit, Bondye parèt devan Laban, moun lavil Aram lan, nan yon rèv, li di l': -Piga ou di Jakòb anyen ni an byen, ni an mal.
25 Laban te vin rive devan Jacob. Alò Jacob te monte tant li nan peyi kolin yo, e Laban avèk moun pa li yo te rete nan peyi kolin Galaad yo.
Se konsa, Laban jwenn Jakòb ki te moute tant li sou mòn lan. Laban te moute tant li tout sou mòn Galarad pou li menm ansanm ak moun pa l' yo.
26 Alò, Laban te di a Jacob: “Kisa ou te fè m la a lè ou te twonpe m e fè eskalad avèk fi mwen yo tankou prizonyè ki sou nepe?
Laban di Jakòb: -Kisa ou fè konsa? Ou twonpe m', ou pran pitit fi mwen yo, ou mennen yo ale tankou prizonye ou fè nan lagè.
27 Poukisa ou te sove ale an sekrè? Ou fè m desepsyon sa a, e ou pa di m sa pou m ta kapab voye ou ale avèk jwa, ak chante, tanbouren ak ap?
Poukisa ou twonpe m', ou leve ou pati an kachèt san ou pa avèti m'? Si ou te di m' sa, nou ta fè fèt, nou ta chante, nou ta bat tanbou, nou ta jwe gita anvan nou voye ou ale.
28 Ou pa t menm kite m bo fis mwen yo, ak fi mwen yo. Alò, ou gen tan fè betiz.
Ou pa menm kite m' bo pitit pitit mwen yo ak pitit fi m' yo. Ou aji tankou moun fou, monchè!
29 Li nan pouvwa mwen pou m fè nou mal, men Bondye a papa ou a te pale avèk mwen yèswa. Li te di: ‘Pinga ou pale ni byen, ni mal a Jacob’.
Mwen gen kont pouvwa anba men m' pou m' ta regle ou. Men yè swa, pandan lannwit lan Bondye papa ou la di m': Piga ou di Jakòb anyen ni an byen, ni an mal.
30 Alò, vrèman ou te sòti paske ou te anvi wè lakay papa ou, men poukisa ou te vòlè dye mwen yo?”
Mwen konnen ou pati paske se pa ti anvi ou pa te anvi tounen lakay papa ou. Men, sa ou te bezwen vòlè ti zidòl kay mwen yo fè?
31 Jacob te reponn Laban: “Akoz ke m te pè, paske mwen te panse ke ou ta rachte fi ou yo nan men mwen pa lafòs.
Jakòb reponn Laban, li di l': -Mwen te pè, paske mwen te kwè ou ta ka reprann pitit fi ou yo nan menm.
32 Sila ki twouve avèk dye ou yo p ap viv. Nan prezans tout fanmi nou yo, montre m sa ki pou ou nan byen mwen yo, e pran li pou ou menm.” Paske Jacob pa t konnen ke Rachel te gen tan vòlè yo.
Men, kanta pou ti zidòl kay ou yo, si ou jwenn yo nan men yon moun isit la, se pou moun sa a mouri. Men, mwen pran tout moun sa yo pou temwen, si ou jwenn yon bagay lakay mwen ki pou ou, pran l' pote l' ale. Jakòb pa t' konnen Rachèl te vòlè ti zidòl kay yo.
33 Alò, Laban te antre nan tant Jacob la, nan tant Léa a, ak nan tant sèvant yo, men li pa t twouve yo.
Laban antre anba tant Jakòb la, li chache, li ale anba tant Leya a, apre sa anba tant de sèvant yo, li pa jwenn anyen. Li soti anba tant Leya a, li antre anba tant Rachèl. la.
34 Alò, Rachel te pran zidòl lakay yo. Li te mete yo nan sèl chamo a, e li te chita sou yo. Konsa, Laban te manyen toupatou nan tant lan, men li pa t twouve yo.
Rachèl menm te pran ti zidòl kay yo, li te mete yo anba aparèy chamo a, epi li chita sou yo. Laban menm chache tout anba tant lan, li pa jwenn anyen.
35 Li te di a papa li: “Pa kite mèt mwen an fache avè m, pwiske mwen p ap ka leve devan ou, paske se règ mwen ki sou mwen.” Alò, li te chache, men li pa t jwenn zidòl kay yo.
Rachèl di papa l' konsa: -Si ou wè mwen pa ka leve kanpe devan ou, ou pa bezwen fache non. Se lalen mwen mwen genyen. Se konsa Laban fouye toupatou, li pa jwenn ti zidòl kay li yo.
36 Alò, Jacob te vin fache. Li te konfwonte Laban. Jacob te di l: “Ki tò mwen te fè ou? Ki peche mwen te fè konsa pou ou vin pouswiv mwen tou cho konsa?
Lè sa a, Jakòb move sou Laban. Li pete yon kabouyay ak li, li di l': -Ki krim mwen fè? Kisa m' fè ki mal pou w'ap pousib mwen konsa?
37 Malgre ou gen tan manyen tout afè m, kisa ou te twouve ladan yo ki pou lakay ou? Mete li isit la devan moun pa m avèk moun pa ou yo, pou yo ka pran yon desizyon antre nou de a.
Ou fin fouye tout zafè m' yo. Kisa ou jwenn ki pou ou? Mete l' la devan moun pa ou yo ak moun pa m' yo, pou yo ka di ki moun ki gen rezon!
38 “Pandan ventan mwen te la avè w. Mouton ou yo avèk kabrit ou yo pa janm pèdi pitit, ni mwen pa t manje belye nan bann mouton ou yo.
Sa fè ventan depi m avè ou. Mouton ou yo ak kabrit ou yo pa janm manke fè pitit. Mwen pa janm manje yon ti bouk nan bèt ou yo.
39 Sa ki te chire pa bèt sovaj, èske m pa te pote yo bay ou? Mwen te fè pèt la pou kont mwen. Se konsa ou te egzije sa ki nan men m, sof ke sa ki vòlè nan lajounen, sof ke sa ki vòlè nan lannwit.
Lè bèt nan bwa touye yon mouton, mwen pa janm pote l' ba ou. Mwen te pran pèt la sou kont mwen. Ou te rann mwen reskonsab tout bèt yo vòlè, kit se lannwit, kit se lajounen.
40 Konsa mwen te ye: Nan lajounen, solèy la te manje m, fredi nan lannwit, e dòmi te vòlè sove ale nan zye mwen.
Lajounen, chalè te fini avè m'. Lannwit, se te fredi, mwen pa t' kapab dòmi.
41 Pandan ven ane sa yo, mwen te lakay ou. Mwen te sèvi ou katòz ane pou de fi ou yo, sis ane pou bann mouton ou yo, e ou te fè chanjman salè mwen dis fwa.
Se konsa sa te ye pandan tout ventan mwen pase lakay ou yo. Mwen travay pandan katòzan pou de pitit fi ou yo. Apre sa, mwen fè sizan ankò ap travay pou bann bèt ou yo. Atousa, ou jwenn mwayen chanje pawòl dis fwa lè lè a rive pou ou peye m'.
42 Si Bondye a papa m nan, Bondye a Abraham nan pa t pou mwen, vrèman koulye a ou t ap kab voye m ale men vid. Bondye te wè afliksyon mwen, ak travay di ke men m te gen tan fè, epi Li te rann jijman an yèswa.”
Si Bondye papa m' lan, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak respekte a, pa t' la avèk mwen, koulye a ou ta voye m' ale yon men devan yon men dèyè. Men Bondye wè tout traka mwen bay tèt mwen, li wè travay mwen fè, se konsa yè swa li rann jijman li.
43 Laban te reponn a Jacob: “Fi yo se fi m, pitit yo se pitit mwen, bann mouton yo se bann mouton mwen. Tout sa ou wè la yo se pa m. Men kisa m ka fè nan jou sa pou sila yo, a fi mwen yo, oswa a pitit pa yo ke yo te fè?
Laban reponn Jakòb: -Fi sa yo se pitit mwen yo ye. Timoun sa yo, se pa m' yo ye. Bann bèt sa yo se pou mwen yo ye. tout sa ou wè la a, se pou mwen yo ye. Bon, kisa m' ka fè koulye a pou pitit fi mwen yo ak pou pitit pitit mwen yo?
44 Alò, kounye a vin non, annou fè yon akò, ou menm avèk mwen menm. Annou fè li kòm yon temwen antre ou menm avèk mwen.”
Vini non. Annou pase yon kontra, mwen menm avè ou. Ann kite yon mak ki va sèvi pou fè nou toujou chonje kontra a.
45 Konsa, Jacob te pran yon gwo wòch. Li te fè l kanpe tankou yon pilye.
Jakòb pran yon gwo wòch, li plante l' nan tè a, li fè l' rete kanpe tankou yon bòn.
46 Jacob te di a tout relasyon fanmi pa li a: “Sanble wòch”! Epi yo te pran wòch yo. Yo te fè yon gwo pil, e yo te manje la akote pil la.
Epi, li di moun li yo: -Ranmase wòch. Mesye yo ranmase wòch, yo anpile yo fè yon gwo pil. Apre sa, yo chita bò pil wòch la, yo manje.
47 Alò Laban te rele la Jegar-Sahadutha, men Jacob te rele l Galed.
Laban rele pil wòch la Jega Saadouta nan lang pa l', men Jakòb te rele l' nan lang pa l' Galèd.
48 Laban te di: “Gwo pil wòch sa se yon temwen antre ou menm avèk mwen menm jodi a.” Konsa, li te rele l Galed,
Laban di: -Pil wòch sa a va sèvi pou fè nou tout de toujou chonje kontra a. Se poutèt sa yo rele kote sa a Galèd.
49 epi osi Mitspa, paske li te di: “Ke Bondye kapab gade antre ou menm avèk mwen lè nou vin absan de youn lòt.
Laban di ankò: -Se pou Bondye voye je sou nou tout de lè nou fin separe. Se konsa yo rele kote sa a Mispa.
50 Si ou maltrete fi mwen yo, oswa si ou pran madanm anplis ke fi mwen yo, malgre pèsòn pa avèk nou, ou wè, Bondye se temwen antre ou menm avèk mwen.”
Laban pale ankò, li di: -Si ou maltrete pitit fi mwen yo, si ou pran lòt fanm ankò sou yo, konnen ou p'ap annafè ak yon moun tankou nou tande. Atansyon, men se ak Bondye menm, ki temwen sa nou sot fè a, w'ap annafè.
51 Laban te di a Jacob: “Gade byen gwo pil sa a, e veye byen gwo pilye ke m etabli antre ou menm avèk mwen an.
Laban di Jakòb ankò: -Men pil wòch mwen mete pou separe nou an. Men bòn ou plante a la.
52 Gwo pil sa a se yon temwen. Pilye a se yon temwen ke mwen p ap pase vè gwo pil sa a pou fè ou mal, e ou p ap pase gwo pil sa a vè mwen pou fè m mal.
Ni pil wòch yo ni bòn lan ap sèvi yon mak. Mwen pa gen dwa depase l' pou m' vin atake ou, ni ou pa gen dwa depase l' pou ou vin atake m'.
53 Bondye Abraham nan ak Bondye Nachor a, Bondye a papa pa yo a, vin jij antre nou menm.” Konsa Jacob te sèmante pa krent a papa l, Isaac.
Se pou Bondye Abraram lan, Bondye Nakò a, Bondye papa yo a, mete rezon nan mitan nou. Lè sa a, Jakòb sèmante nan non Bondye Izarak, papa l' respekte a.
54 Alò, Jacob te ofri yon sakrifis sou mòn nan. Li te rele tout gwo fanmi li yo pou vin manje pen. Yo te manje pen sa a, e yo te pase nwit lan sou mòn nan.
Apre sa, li touye yon bèt, li ofri l' bay Bondye sou mòn lan, epi li envite moun pa l' yo vin manje. Lè yo fin manje, yo pase nwit la sou mòn lan.
55 Granmmaten, Laban te leve. Li te bo fis li yo ak fi li yo, e li te beni yo. Alò, Laban te retounen nan plas li.
Nan denmen maten byen bonè, Laban leve, li bo pitit pitit li yo ak pitit fi li yo. Li beni yo. Apre sa, li pati, li tounen lakay li.

< Jenèz 31 >