< Jenèz 30 >

1 Alò, lè Rachel te wè ke li pa t fè pitit pou Jacob, li te vin jalou. Li te di a Jacob: “Ban mwen pitit, oswa, m ap mouri.”
Lè Rachèl wè li pa t' kapab fè pitit pou Jakòb, li vin gen yon sèl jalouzi kont sè li a, li di Jakòb: -Fè m' fè pitit! Si se pa sa m'ap mouri sou kont ou!
2 Epi chalè Jacob te brile kont Rachel. Li te di: “Èske mwen nan plas Bondye, ki te anpeche vant ou bay fwi a?”
Jakòb fè kòlè sou Rachèl, li di li: -Eske se mwen ki Bondye? Se li menm ki anpeche ou fè pitit.
3 Li te reponn: “Men sèvant mwen an, Bilha, antre an relasyon avèk li pou li kapab pouse fè sou jenou mwen yo. Konsa, pa li menm, mwen kapab fè timoun tou.”
Rachèl di li: -Bon. Men Bila, sèvant mwen an. Kouche avè l'. La fè yon pitit pou mwen. Konsa, gremesi Bila, m'a gen pitit tou.
4 Epi li te ba li sèvant li, Bilha kòm madanm, e li te antre nan relasyon avèk li.
Se konsa, Rachèl te pran sèvant li a, li bay Jakòb pou madanm. Jakòb kouche ak Bila.
5 Bilha te vin ansent, e li te fè yon fis pou Jacob.
Bila vin ansent, li fè yon ti gason pou Jakòb.
6 Alò, Rachel te di: “Bondye te ban mwen rezon. Li te vrèman tande vwa m, e Li te ban mwen yon fis.” Pou sa, li te nonmen li Dan.
Lè sa a, Rachèl di: -Seyè a rann mwen jistis. Li tande vwa mwen. Li ban m' yon gason. Se poutèt sa Rachèl te rele pitit la Dann.
7 Sèvant a Rachel la, Bilha te vin ansent ankò, e li te fè pou Jacob yon dezyèm fis.
Apre sa, Bila, sèvant Rachèl la, vin ansent ankò, li fè yon dezyèm gason pou Jakòb.
8 Alò, Rachel te di: “Avèk gwo lit mwen te mennen avèk sè mwen an, mwen te vrèman vin genyen l.” Epi li te nonmen li Nephtali.
Rachèl di: -Mwen t'ap mennen yon gwo batay kont sè m' lan devan Bondye. Men se mwen ki genyen. Se konsa li rele pitit la Nèftali.
9 Lè Léa te wè ke li pa t fè pitit ankò, li te pran sèvant li a, Zilpa, e li te bay li a Jacob kòm madanm.
Lè Leya wè li te sispann fè pitit, li pran Zilpa, sèvant li a, bay Jakòb pou madanm tou.
10 Sèvant a Léa a, Zilpa te fè yon fis pou Jacob.
Zilpa, sèvant Leya a, fè yon ti gason pou Jakòb.
11 Konsa, Léa te di: “A la chans!” Epi li te nonmen li Gad.
Leya di: -Ala fanm gen chans se mwen menm! Se konsa li rele pitit la Gad.
12 Sèvant Léa a, Zilpa te fè pou Jacob yon dezyèm fis.
Zilpa, sèvant Lea a, fè yon dezyèm pitit gason pou Jakòb.
13 Epi Léa te di: “A la kontan mwen kontan! Pou sa, fanm yo va rele mwen kontan.” Epi li te nonmen li Aser.
Leya di konsa: -Ala benediksyon mwen jwenn! Koulye a medam yo pral di jan mwen se yon fanm ki beni. Se konsa li rele pitit la Asè.
14 Alò, nan jou rekòlt ble yo, Reuben te sòti pou twouve mandragò nan chan an, e li te pote yo bay manman li, Léa. Alò, Rachel te di a Léa: “Souple, ban m kèk nan mandragò fis ou yo.”
Pandan rekòt ble a, Woubenn soti al nan jaden, li jwenn kèk mandragò. Li pote rasen yo bay Leya, manman li. Rachèl di Leya konsa: -Tanpri, ban m' kèk moso rasen mandragò pitit ou pote pou ou a.
15 Men Léa te di l: “Èske se yon ti bagay sa ye pou ou pou pran mari mwen? Konsa, èske ou ta renmen pran mandragò a fis mwen yo tou?” Rachel te reponn: “Pou sa, li kapab kouche avè ou aswè a, kòm twòk pou mandragò a fis ou yo.”
Leya reponn li: -Atò ou pa fè m' ase? Ou fin pran mari m', koulye a ou vle pran mandragò pitit gason m' lan tou? Rachèl di l': -Enben, Jakòb va kouche avè ou aswè a pou mandragò pitit gason ou lan.
16 Lè Jacob te sòti nan chan an nan aswè, alò, Léa te sòti pou rankontre li. Li te di l: “Ou oblije antre an relasyon ak mwen aswè a, paske vrèman mwen te achte ou avèk mandragò a fis mwen yo.” Epi li te kouche avèk li nan nwit lan.
Nan aswè, lè Jakòb parèt sot nan jaden, Leya soti al kontre l', li di l' konsa: -Se pou ou vin kouche avè m' aswè a, paske mwen bay mandragò pitit gason m' lan pou sa. Se konsa, jou swa sa a, Jakòb kouche avèk Leya.
17 Bondye te okipe Léa, e li te fè yon senkyèm fis pou Jacob.
Bondye reponn lapriyè Leya a. Li vin ansent, epi li fè yon senkyèm pitit gason pou Jakòb.
18 Epi Léa te di: “Bondye te ban mwen salè mwen, akoz ke m te bay sèvant mwen an a mari mwen.”
Leya di: -Bondye ban m' sa m' merite a, paske mwen te bay mari m' sèvant mwen an pou madanm. Se konsa, Leya rele pitit gason an Isaka.
19 Léa te vin ansent ankò, e li te fè yon sizyèm fis pou Jacob.
Leya vin ansent ankò, li fè yon sizyèm pitit gason pou Jakòb.
20 Alò Léa te di: “Bondye te ban mwen yon bon kado! Koulye a mari mwen va rete avè m akoz ke mwen fè sis fis pou li.” Alò li te nonmen li Zabulon.
Leya di: -Bondye fè m' yon bèl kado. Fwa sa a, mari m' pral pou mwen nèt, paske mwen fè sis pitit gason pou li. Se konsa li rele pitit la Zabilon.
21 Apre sa li te fè yon fi, e li te nonmen li Dina.
Apre sa, li fè yon pitit fi. Li rele l' Dena.
22 Alò, Bondye te sonje Rachel. Li te okipe li, e Li te louvri vant li.
Lè sa a, Bondye vin chonje Rachèl, li reponn lapriyè li, li fè l' ka fè pitit.
23 Konsa, li te vin ansent, e li te fè yon fis. Konsa, li te di: “Bondye retire repwòch mwen.”
Se konsa Rachèl vin ansent, li fè yon pitit gason. Li di: -Bondye fè yo sispann pase m' nan rizib.
24 Li te rele li Joseph, e li te di: “Ke SENYÈ a ban m yon lòt fis.”
Epi Rachèl rele pitit gason an Jozèf, paske li te di: -Se pou Seyè a ba m' yon lòt gason ankò.
25 Alò, li te rive ke lè Rachel te fè Joseph, Jacob te di a Laban: “Voye mwen ale, pou mwen kapab ale nan pwòp plas mwen e nan pwòp peyi mwen.
Apre Rachèl te fè Jozèf, Jakòb di Laban konsa: -Kite m' pati pou m ale lakay mwen nan peyi mwen.
26 Ban mwen madanm mwen yo, ak pitit mwen yo, pou sila mwen te sèvi ou yo. Kite mwen pati, paske ou menm ou konnen sèvis ke m te rann ou yo.”
Ban mwen madanm mwen yo ansanm ak timoun yo pou m' ka ale, paske se pou yo mwen t'ap sèvi ak ou. Ou konnen tout kantite sèvis mwen rann ou.
27 Men Laban te di li: “Si sa fè ou plezi, rete avè m; mwen devine ke Bondye te beni mwen akoz ou menm.”
Laban reponn li: -Fè m' plezi sa a: mwen rekonèt se poutèt ou Seyè a beni m' tout beni sa a.
28 Li te pale toujou: “Nonmen salè ou, e mwen va ba ou li”.
Di m' sa pou m' peye ou, m'a ba ou li.
29 Men li te di li: “Ou menm ou konnen jan mwen te sèvi ou, ak jan bèt ou yo te byen okipe avè m.
Jakòb di l': -Ou konnen jan mwen sèvi avè ou. Ou wè ki jan bann bèt ou yo peple depi yo nan men m'.
30 Paske ou pa t gen anpil lè m te vini an, yo vin miltipliye anpil, e SENYÈ a te beni ou tout kote ke m vire. Men koulye a, se lè pou mwen okipe pwòp lakay mwen tou?”
Ti sa ou te genyen anvan m' te vini an tounen yon kantite depi mwen mete pye m' isit la. Akòz mwen Seyè a pa manke beni ou. Alekile, li lè pou m' al travay pou tèt pa mwen.
31 Epi Laban te di: “Kisa mwen kapab ba ou?” Epi Jacob te reponn: “Ou pa bezwen ban m anyen. Si w ap fè yon sèl bagay pou mwen, mwen va okipe bann ou yo ankò, epi kenbe yo.
Laban di l': -Kisa pou m' ba ou? Jakòb reponn li: -Ou pa bezwen peye m' pou sa. Men si ou dakò avèk sa mwen pral di ou la, m'a rete ankò pou okipe bèt ou yo.
32 Kite mwen pase nan tout bann mouton ou yo, pou retire chak mouton ki takte, oswa trase, avèk tout sa ki nwa pami ti mouton yo, chak sa ki takte oswa trase pami kabrit yo. Se sa yo ki va sèvi kòm salè mwen.
Jòdi a, mwen pral pwonmennen mache nan mitan tout bèt ou yo. M'ap pran tout ti mouton nwa, ak tout ti kabrit ki takte osinon pentle yo, m'ap mete yo apa. Se sa ase w'a ban mwen pou sèvis mwen.
33 Konsa entegrite mwen va reponn pou mwen pita, lè ou vin parèt konsènan salè mwen. Chak sa ki pa takte, oswa trase pami kabrit yo, e ki nwa pami jenn mouton yo, si li twouve avè m, konsidere ke mwen te vòlè l.”
Lè w'a vin wè sa ou dakò ban mwen an, w'a konnen si m' te fè vis, wi ou non. Lè w'a vin kontwole sa ki pou mwen yo, si mwen gen yon mouton ki pa nwa, osinon yon kabrit ki pa takte ou ki pa pentle, ou mèt konnen se vòlè mwen vòlè ou.
34 Laban te di li: “Sa bon. Kite sa fèt selon pawòl ou.”
Laban reponn li: -Dakò. n'a fè l' jan ou di l' la.
35 Alò, nan menm jou sa a, li te rete tout mal kabrit ki te trase, oswa takte, ak tout femèl kabrit ki te takte, chak ki te gen blan ladann, ak tout nwa pami mouton yo, e li te bay fis li yo okipe yo.
Men menm jou a, Laban wete tout bouk kabrit ki te gen pwal takte osinon ki te gen re sou tout kò yo, ak tout fenmèl kabrit ki te gen pwal takte osinon pentle, ou ankò ki te gen tach blan sou yo. Li wete tout mouton nwa yo, li pran tout bèt sa yo, li renmèt yo bay pitit gason l' yo.
36 Epi li te mete yon distans twa jou antre li menm avèk Jacob, e Jacob te bay manje a tout rès bann mouton yo pou Laban.
Apre sa, li pati byen lwen Jakòb avèk bann bèt li yo, li mache pandan twa jou epi li rete. Jakòb menm te pran swen rès mouton ak kabrit Laban yo.
37 Jacob te pran bwa vèt nan pye sikrèn, pye zanmann, ak pye bwadòm, e li te kale tras blan nan yo pou fè parèt blan ki te nan bwa yo.
Jakòb koupe kèk branch vèt nan pye sikren, pye zanmann ak pye bwadòm, li wete kèk lèz nan kòs yo. Konsa branch yo te vin gen bann vèt, bann blan sou tout kò yo.
38 Li te plase bwa li te kale yo devan bann mouton yo, nan flèv dlo yo, e nan basen dlo kote bann mouton yo te vin bwè a. Se la yo te kwaze lè yo te vin pou bwè.
Li pran yo, li mete yo tout kote yo bay bèt yo bwè dlo. Li te ranje branch bwa yo la, paske se lè bèt yo vin bwè dlo yo kwaze.
39 Alò, bann mouton yo te kwaze kote bwa kale yo, e yo te fè pote sa ki te trase, takte e pentle yo.
Konsa, lè bèt yo kwaze devan branch bwa de koulè yo, yo fè pitit takte, pitit pentle, osinon ak re sou tout kò yo.
40 Jacob te separe ti mouton yo, e te fè bann mouton yo rete anfas, pou yo t ap gade tout sa ki te trase yo, ak tout nwa yo, ki te nan bann mouton Laban yo. Li te mete pwòp bann mouton li yo apa, pou yo pa t avèk bann mouton Laban yo.
Jakòb separe mouton yo, li pran tout mouton ki te takte osinon ki te nwa nan mouton Laban yo, li mete yo apa. Se konsa, li te vin gen yon bann bèt apa ki pa t' mele ak bèt Laban yo.
41 Anplis de sa, nenpòt kilè bèt ki pi fò nan bann mouton yo ta kwaze, Jacob ta mete bwa yo devan zye a bèt ki nan basen dlo yo, pou yo ta kwaze akote bwa yo;
Lè bèt ki gra yo ap kwaze, Jakòb mete branch yo devan je yo kote y'ap bwè a. Konsa, yo kwaze devan branch yo.
42 men lè bann mouton an te fèb, li pa t mete yo ladann. Konsa pi fèb yo te vin pou Laban, e pi fò yo pou Jacob.
Men, li pa mete branch yo lè se bèt mèg yo k'ap kwaze. Se konsa, bèt mèg yo vin pou Laban, epi bèt gra yo vin pou Jakòb.
43 Konsa, nonm nan te vin pwospere anpil. Li te vin gen gwo bann mouton, sèvant ak sèvitè, chamo avèk bourik.
Jakòb vin rich anpil, Li te gen anpil bèt. Kanta pou sèvant, domestik, chamo ak bourik, li pa t' manke sa.

< Jenèz 30 >