< Egzòd 30 >

1 “Anplis, ou va fè yon lotèl kòm yon plas pou brile lansan. Ou va fè li avèk bwa akasya.
W'a fè yon lòtèl an bwa zakasya pou boule lansan.
2 Longè li va yon koude, e lajè li va yon koude. Li va kare, e wotè li va de koude. Kòn li yo va fèt tankou yon sèl pyès ansanm avèk li.
W'a fè l' kare kare. L'a mezire dizwit pous longè, dizwit pous lajè ak trannsis pous wotè. Kat pwent ki depase yo va fè yon sèl pyès avèk lòtèl la. Se va kòn lòtèl la.
3 Ou va kouvri li avèk yon kouch fen an lò; tèt li e akote li, toupatou ansanm avèk kòn li yo; epi ou va fè yon bòdi lò pou antoure li nèt.
W'a kouvri tout anwo lòtèl la, kat kote l' yo ansanm ak kat kòn li yo ak pi bon kalite lò ki genyen. W'a fè yon bòdi an lò tout arebò l'.
4 Ou va fè de wondèl an lò pou li anba bòdi li. Ou va fè yo sou de fas kote, ki opoze yo, e yo va soutyen pou poto ki sèvi pou pote li yo.
W'a fè de bag an lò, w'a tache yo anba bòdi a sou de bò lòtèl la. Se nan bag sa yo w'a pase manch ki pou sèvi pou pote lòtèl la.
5 Ou va fè poto yo avèk bwa akasya e kouvri yo avèk lò.
W'a fè manch yo an bwa zakasya, epi w'a kouvri yo ak lò.
6 Ou va mete lotèl sa a pa devan vwal ki pre lach temwayaj la, devan chèz pwopyatwa a ki kouvri lach temwayaj la, kote Mwen va rankontre avèk ou a.
W'a mete lòtèl la devan rido ki pann devan Bwat Kontra a avèk kouvèti li sou li. Se la m'a vin jwenn ou.
7 “Aaron va brile lansan ki santi bon sou li. Li va brile li chak maten lè l ap pran swen lanp yo.
Arawon va boule lansan bon sant sou li chak maten lè l'ap netwaye lanp yo.
8 Lè Aaron ap pran swen lanp yo nan aswè, li va brile lansan. Va genyen lansan tout tan devan SENYÈ a pandan tout jenerasyon nou yo.
L'a boule lansan tou chak swa lè l'ap ranje lanp yo. Se pou yo toujou fè ofrann lansan sa a devan lòtèl Seyè a, chak jou san sote yonn, de pitit an pitit.
9 “Ou pa pou ofri okenn lòt lansan sou lotèl sila a, ni ofrann ki brile, ni ofrann sereyal; ni ou pa pou vide yon ofrann bwason sou li.
Se pa pou nou ofri sou lòtèl la lansan ki pa fèt tout espre pou sèvis la, ni vyann bèt ki fèt pou boule, ni lòt manje. Ni se pa pou nou ofri ankenn bwason sou li non plis.
10 Aaron va fè ekspyasyon sou kòn li yo yon fwa pa ane. Li va fè ekspyasyon sou li avèk san ofrann peche ki pou ekspyasyon an yon fwa pa ane pandan tout jenerasyon nou yo. Li pi sen pase tout bagay bay SENYÈ a.”
Yon fwa chak lanne, Arawon va fè yon seremoni sou kòn lòtèl la pou Bondye ka fè gras. Yon fwa chak lanne, avèk san bèt yo touye pou mande padon pou peche a, l'a mande gras pou lòtèl la. Se pou yo toujou fè sa de pitit an pitit. Lòtèl sa a, se yon lòtèl ki fèt pou yo mete apa nèt pou Seyè a.
11 SENYÈ a te osi pale ak Moïse. Li te di l:
Seyè a di Moyiz:
12 “Lè nou fè yon kontwòl ofisyèl de tout fis Israël yo pou konte yo, alò, chak nan yo va bay pwòp ranson li pou nanm li bay SENYÈ a, lè n ap kontwole yo, pou pa vin genyen okenn epidemi ki rive pami yo lè n ap nimewote yo.
-Lè n'ap konte konbe moun ki genyen nan peyi Izrayèl la pou nou fè resansman, chak gason va bay Seyè a kichòy pou lavi yo, pou malè pa rive lè y'ap fè resansman an.
13 Se chak moun ki kontwole yo ki va bay: mwatye sik selon sik sanktyè a, (yon sik se ven gera) mwatye sik kòm kontribisyon bay SENYÈ a.
Chak moun y'a konte nan resansman an va peye de goud edmi, dapre jan yo konte lajan nan kote ki apa pou Bondye a. Chak moun va peye sa tankou yon ofrann yo mete apa pou Seyè a.
14 “Tout moun ki kontwole, soti nan laj a ventan oswa plis, va bay yon kontribisyon bay SENYÈ a.
Tout moun ki dwe bay non yo nan resansman an, sa vle di tout moun ki gen ventan osinon ki depase ventan, va peye menm lajan an bay Seyè a.
15 Rich yo p ap peye plis, ni malere yo p ap peye mwens ke mwatye sik la, lè ou bay kontribisyon SENYÈ a pou fè ekspyasyon pou nou menm.
Moun ki rich p'ap peye plis, ni moun ki pòv p'ap peye mwens, lè y'ap peye lajan an bay Seyè a pou lavi yo.
16 “Ou va pran lajan ekspyasyon an pou fis Israël yo, e ou va bay li pou sèvis nan tant reyinyon an, pou li kapab yon souvni pou fis Israël yo devan SENYÈ a, pou fè ekspyasyon pou nou menm.”
W'a resevwa lajan sa a nan men pèp la, w'a depanse l' pou sèvis Tant Randevou a. Sa va sèvi pou Seyè a pa janm bliye pèp Izrayèl la. Se va bagay y'a peye pou sove lavi yo.
17 “SENYÈ a te pale a Moïse Li te di l:
Seyè a di Moyiz konsa:
18 Ou va osi fè yon basen lave an bwonz, avèk yon baz an bwonz, pou lave. Ou va mete li antre tant reyinyon an avèk lotèl la, e ou va mete dlo ladann.
-W'a fè yon gwo basen an kwiv avèk yon pye an kwiv tou. W'a mete l' ant Tant Randevou a ak lòtèl la. W'a mete dlo ladan l'.
19 Aaron avèk fis li yo va lave men yo ak pye yo ladann.
Arawon ak pitit gason l' yo va sèvi ak dlo sa a pou yo lave men yo ak pye yo.
20 Lè yo antre nan tant reyinyon an, yo va lave avèk dlo, jis pou yo pa mouri; oswa lè yo pwoche lotèl la pou fè sèvis, pou ofri anlè nan lafimen, yon ofran dife vè SENYÈ a.
Lè y'ap antre nan Tant Randevou a, y'a lave men yo ak pye yo nan dlo sa a. y'a fè menm jan an tou lè y'ap pwoche bò lòtèl la pou fè sèvis pou ofri Seyè a bèt ki fèt pou boule nèt nan dife a pou li. Konsa, yo p'ap mouri.
21 Epi yo va lave men yo ak pye yo pou yo pa mouri. Konsa, li va yon règleman k ap la pou toujou, pou Aaron avèk desandan li yo pami tout jenerasyon yo.”
Wi, se pou yo lave men yo ak pye yo pou yo pa mouri. Se yon lòd pou Arawon, pou pitit gason l' yo ak pitit pitit k'ap vin apre yo, lòd pou yo toujou swiv, de pitit an pitit.
22 Anplis, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
Seyè a di Moyiz ankò:
23 “Pran anplis pou ou menm pi bon epis yo: nan mi k ap koule, senk san sik, nan kannèl santi bon an, mwatye sa, de-san-senkant, e nan wozo awomatik, de-san-senkant,
-Pran pi bon plant santi bon ki genyen: ven liv lami, dis liv kannèl bon kalite, dis liv fèy sitwonèl,
24 epi nan kasya, senk-san, selon sik sanktyè a, e nan lwil doliv la, yon in nan lwil doliv la.
ven liv kas. W'a mezire yo dapre mezi yo sèvi nan kote ki apa pou Bondye a. W'a pran tou senk ka lwil oliv.
25 Ou va fè sila yo tankou yon lwil sen pou onksyone, yon melanj pafen, zèv a yon mèt melanj pafen; se va yon lwil sen pou onksyone.”
Avèk tou sa, w'a fè yon lwil jan moun ki konn fè odè a fè. Lwil sa a va sèvi pou mete moun apa pou sèvis Bondye. Se avèk lwil sa a w'a sèvi pou mete moun osinon nenpòt bagay apa pou sèvis Bondye.
26 “Avèk li ou va onksyone tant reyinyon an ak lach temwayaj la,
W'a voye lwil la sou Tant Randevou a, sou Bwat Kontra a,
27 tab la avèk tout bagay itil li yo, lanp bouji a avèk bagay itil li yo, ak lotèl lansan an,
sou tab la ak tout bagay ki sèvi sou tab la, sou lanp sèt branch lan ak tout bagay ki sèvi ak li, sou lòtèl lansan an,
28 lotèl ofrann brile a avèk tout bagay itil li yo, basen lave a, avèk baz li.
sou lòtèl kote yo boule ofrann yo ak sou tout bagay ki sèvi sou li, sou basen lan ak tout pye l'.
29 “Ou va osi konsakre yo, pou yo kapab vin sen pase tout bagay. Nenpòt moun ki touche yo dwe sen.
Se konsa w'a mete tout bagay sa yo apa pou mwen pou yo ka pou mwen ase. Tout bagay ki va touche ak yo va apa pou mwen tou.
30 Ou va vide lwil sou Aaron avèk fis li yo, e ou va konsakre yo, pou yo kapab sèvi pou Mwen kòm prèt.”
Lèfini, w'a vide lwil la sou Arawon ak sou pitit gason l' yo. Konsa w'a mete yo apa pou yo ka sèvi m' prèt.
31 Ou va pale avèk fis Israël yo. Ou va di: “Sa va yon lwil ki sen a Mwen pandan tout jenerasyon nou yo.
W'a pale ak pitit Izrayèl yo, w'a di yo: Nou wè lwil sa a, se ak li pou nou sèvi, de pitit an pitit, pou mete moun osinon nenpòt bagay apa pou mwen.
32 Li pa pou vide sou kò a okenn moun, ni ou pa pou fè okenn bagay ki sanblab ak li nan menm mezi melanj lan. Li sen, e li va sen pou ou menm.
Nou pa dwe sèvi ak lwil sa a sou nenpòt ki moun, ni nou pa fèt pou fè yon lòt lwil ak menm konpozisyon an. Se yon bagay ki apa pou mwen nèt. Nou fèt pou nou konsidere l' pou sa li ye a.
33 Nenpòt moun ki mele nenpòt bagay parèy ak li, oswa nenpòt moun ki mete okenn nan li sou yon moun ki pa prèt, li va koupe retire pami moun li yo.”
Si yon moun sèvi ak menm konpozisyon an pou fè lwil, osinon si yon moun sèvi avè l' sou yon moun ki pa prèt, se pou yo disparèt li nan mitan pèp la.
34 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Pran pou ou menm epis yo, safetida, zong santi bon, galbanòm, avèk lansan pi, yo chak nan menm kantite.
Apre sa, Seyè a di Moyiz konsa: -Pran epis sa yo: safetida, lorye, gonm bwa ak pi bon kalite lansan. W'a pran menm valè nan chak.
35 Avèk li ou va fè lansan, yon pafen, zèv a yon mèt melanj pafen, avèk disèl, ki pi, e ki sen.
W'a fè yon lansan ak yo san ankenn kras ladan l', menm jan moun ki konn fè odè yo fè sa. W'a mete yon ti sèl ladan l', w'a mete l' apa pou mwen.
36 Ou va bat kèk nan li byen fen, e ou va mete yon pati ladann devan temwayaj la nan tant reyinyon an, kote Mwen va rankontre avèk ou a. Li va yon choz pou nou, ki sen pase tout choz.”
W'a pran ti gout ladan l', w'a pile l' fè l' fè poud. W'a sèvi avèk ti gout dèvan bwat ki gen ròch plat kontra a, nan Tant Randevou a kote pou m' kontre avè ou la. Se pou ou konsidere lansan sa a tankou yon bagay yo mete apa pou mwen ase.
37 “Lansan sa a, nou pa pou fè li nan menm mezi pou sèvis pèsonèl nou; li va sen a nou pou SENYÈ a.
Piga ou sèvi ak menm konpozisyon sa a pou fè lansan pou sèvi pou tèt pa ou. Sa se yon bagay ki rezève pou sèvis Bondye ase.
38 Nenpòt moun ki ta fè parèy li pou sèvi kòm pafen va koupe retire pami pèp li yo.”
Si yon moun fè yon konpozisyon menm jan an pou sèvi l' odè, se pou yo disparèt li nan mitan pèp la.

< Egzòd 30 >