< 2 Wa 17 >

1 Nan douzyèm ane Achaz, wa Juda a, Osée, fis a Éla a te vin wa sou Israël nan Samarie, e li te renye pandan nèf ane.
Wa Akaz t'ap mache sou douzan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Oze, pitit Ela, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan nevan.
2 Li te fè mal nan zye SENYÈ a, men pa tankou wa Israël ki te avan li yo.
Li fè sa ki mal nan je Seyè a, men tansèlman pa tankou lòt wa ki te gouvènen peyi Izrayèl la anvan l' yo.
3 Salmanasar, wa Assyrie a, te monte kont li, Osée te devni sèvitè li e te peye li taks obligatwa.
Salmanaza, wa peyi Lasiri a, atake Oze. Oze soumèt devan l'. Li peye l' yon lajan chak lanne.
4 Men wa Assyrie a te jwenn konplo nan Osée, ki te konn voye mesaje kote So, wa Égypte la, e li pa t prezante taks a wa Assyrie a jan li te konn fè ane pa ane a. Pou koz sa a, wa Assyrie a te fèmen li nan prizon byen mare.
Men, Salmanaza vin dekouvri Oze t'ap moute konplo sou do l'. Oze te voye mesaje bò kot So, wa peyi Lejip, pou mande l' konkou. Lèfini, li te sispann voye lajan li te gen pou l' peye wa peyi Lasiri a chak lanne. Se konsa Salmanaza fè arete Oze, mete l' nan prizon ak chenn nan pye l'.
5 Epi wa Assyrie te fè envazyon tout peyi a e li te monte Samarie pou te fè syèj li pandan twazan.
Salmanaza anvayi peyi Izrayèl la. Li sènen lavil Samari pandan twazan.
6 Nan nevyèm ane Osée a, wa Assyrie a te kaptire Samarie, li te pote pèp Israël la an egzil nan Assyrie, e li te fè yo rete Chalach avèk Chabor sou rivyè Gozan an ak nan vil a Medi yo.
Oze te gen nevan depi li te wa lè wa Lasiri a pran lavil Samari. Salmanaza fè tout pèp Izrayèl la prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri. Li mete yon pati ladan yo lavil Ala, toupre larivyè Abò nan zòn Gozan, yon pati nan lavil peyi Medi yo.
7 Alò, sa te vin rive akoz fis Israël yo te peche kont SENYÈ pa yo a ki te mennen fè yo sòti nan peyi Égypte la anba men Farawon, wa Égypte la. Yo te gen lakrent lòt dye yo,
Sa te rive konsa paske moun peyi Izrayèl yo te fè peche kont Seyè a, Bondye yo a, ki te fè yo soti kite peyi Lejip, ki te delivre yo anba men farawon an, wa peyi Lejip la. Yo t'ap sèvi lòt bondye.
8 epi yo te mache selon koutim a lòt nasyon yo ke SENYÈ a te chase mete deyò devan fis Israël yo nan movèz abitid ke wa Israël yo te etabli yo.
Yo t'ap swiv mès moun lòt nasyon Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou yo. Yo t'ap mache dapre lòt vye prensip wa Izrayèl yo te ba yo.
9 Fis Israël yo te fè bagay an sekrè ki pa t bon kont SENYÈ a, Bondye pa yo a. Anplis, yo te bati pou kont yo wo plas nan tout vil pa yo soti nan fò kay gad yo jis rive nan vil fòtifye yo.
Lèfini, moun peyi Izrayèl yo te fè yon bann bagay yo pa t' dwe fè devan Seyè a. Yo bati tanp pou zidòl nan tout lavil yo, depi nan ti bouk kote ki gen avanpòs pou faksyonnè rive nan gwo lavil ak ranpa yo.
10 Yo te plase pou kont yo pilye sakre yo avèk poto Astarté yo sou chak ti mòn e anba chak pyebwa vèt,
Sou tout mòn, anba tout gwo pyebwa, yo kanpe gwo wòch ak estati pou Achera, zidòl fanm lan.
11 epi la, yo te brile lansan sou tout wo plas yo jis jan nasyon ke SENYÈ a te pote fè ale an egzil yo te konn fè avan yo. Yo te fè bagay mal ki te pwovoke SENYÈ a.
Yo boule lansan sou tout lotèl zidòl yo tankou moun Seyè a te mete deyò nan peyi a te konn fè. Yo fè yon bann bagay derespektan ki lakòz Seyè a te fache anpil.
12 Yo te sèvi zidòl, selon sila SENYÈ a te di yo: “Ou pa pou fè bagay sa a.”
Yo adore zidòl, bagay Seyè a te ba yo lòd pa fè.
13 Sepandan, SENYÈ a te avèti Israël avèk Juda pa tout pwofèt Li yo ak tout konseye Li. Li te di: “Vire kite move wout sa yo e kenbe kòmandman Mwen yo, règleman Mwen yo, selon tout lalwa a avèk sila Mwen te kòmande zansèt nou yo e ke m te voye bannou pa sèvitè Mwen yo, pwofèt yo.”
Seyè a te voye mesaje ak pwofèt li yo avèti moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo. Li te byen di yo: Manyè kite move chemen n'ap swiv la! Fè sa m' mande nou fè. Kenbe lòd mwen yo jan sa ye nan lalwa mwen te bay zansèt nou yo, lalwa mwen te fè pwofèt yo, sèvitè m' yo, moutre nou an.
14 Sepandan, yo pa t koute, men yo te fè tèt di tankou zansèt pa yo, ki pa t kwè nan SENYÈ a, Bondye pa yo a.
Men, yo pa koute l', yo fè tèt di tankou zansèt yo ki pa t' mete konfyans yo nan Seyè a, Bondye yo a.
15 Yo te rejte règleman pa Li yo avèk akò ke Li te fè avèk zansèt pa yo avèk avètisman sa yo, avèk sila li te avèti yo. Epi yo te swiv foli yo, e yo te vin plen ògèy. Yo te kouri apre nasyon ki te antoure yo, selon sila SENYÈ a te kòmande yo pa fè tankou yo.
Yo derefize kenbe lòd li yo, yo pa respekte kontra li te pase ak zansèt yo. Yo pa okipe avètisman li te ba yo, yo pran sèvi zidòl ki pa vo anyen. Yo menm, yo pèdi valè yo. Yo pran fè tankou lòt nasyon k'ap viv bò kote yo t'ap fè, yo dezobeyi lòd Seyè a ki te di yo pa fè sa.
16 Yo te bliye nèt tout kòmandman a SENYÈ a, Bondye pa yo a e yo te fè pou kont yo imaj fonn a ti bèf yo menm, te fè yon Astarté, yo te adore tout lame selès la e yo te sèvi Baal.
Yo lage tout kòmandman Seyè a, Bondye yo a, te ba yo. Yo fè de estati towo an kwiv pou yo sèvi ak yon pòtre Achera, zidòl fanm lan, yo sèvi zetwal nan syèl la ansanm ak Baal.
17 Konsa, yo te fè fis avèk fi pa yo pase nan dife, yo te pratike divinasyon avèk Wanga e yo te vann pwòp tèt yo pou fè mal nan zye SENYÈ a e pwovoke Li.
Yo bay pitit fi ak pitit gason yo pou boule pou bondye lòt nasyon yo, y' al dèyè divinò ak chòche. Yo vann tèt yo, yo lage kò yo nan fè sa ki mal nan je Seyè a, pou yo te ka fè l' move jouk li pa kapab ankò.
18 Pou sa, SENYÈ a te byen fache avèk Israël e Li te retire yo devan zye Li. Okenn moun pa t rete sof tribi Juda a.
Se konsa Seyè a fè yon sèl move sou pèp Izrayèl la, li wete yo devan je l'. Pa rete pase branch fanmi Jida a.
19 Anplis, Juda pa t kenbe kòmandman SENYÈ a, Bondye pa yo a, men te mache nan koutim ke Israël te etabli yo.
Men, ata moun peyi Jida yo tou pa t' kenbe lòd Seyè a, Bondye yo a. Yo t'ap fè tankou moun peyi Izrayèl yo. Yo t'ap fè tout vye bagay moun peyi Izrayèl yo te ranmase.
20 SENYÈ a te rejte tout desandan a Israël yo. Li te aflije yo e Li te livre yo nan men a piyajè jiskaske Li te jete yo deyò vizaj Li.
Se poutèt sa Seyè a vire do bay dènye moun nan ras Izrayèl la. Li fè yo wont, li lage yo nan men yon bann piyajè, jouk li wete yo devan je l'.
21 Lè Li te fin chire Israël fè l sòti lakay David la, yo te fè Jéroboam, fis Nebath la, wa. Epi Jéroboam te bourade kondwi Israël pou l pa swiv SENYÈ a e li te fè yo fè yon gwo peche.
Li separe pèp la, li mete moun peyi Izrayèl yo yon bò, moun fanmi David yo yon bò. Moun peyi Izrayèl yo pran Jewoboram, pitit Nebat, yo mete l' wa pou gouvènen yo. Jewoboram lakòz yo kite chimen Seyè a nèt. Li fè yo fè pi gwo peche toujou.
22 Fis a Israël yo te mache nan tout peche ke Jéroboam te fè yo. Yo pa t kite yo
Moun peyi Izrayèl yo pran fè tankou Jewoboram, yo donnen ladan l' san rete.
23 jiskaske SENYÈ a te retire Israël soti devan vizaj Li, jan Li te pale pa tout sèvitè Li yo, pwofèt yo. Konsa, Israël te pote lwen an egzil soti nan pwòp peyi pa yo pou Assyrie jis rive jou sa a.
Bout pou bout, Seyè a wete yo nèt devan je l', jan li te voye sèvitè l' yo, pwofèt yo avèti yo a. Se konsa yo depòte moun peyi Izrayèl yo byen lwen nan peyi Lasiri kote yo ye jouk jounen jòdi a.
24 Wa a Assyrie a te mennen moun soti Babylone, Cutha, ak Avva pou Hamath, ak Sepharvaïm, e li te etabli yo nan vil Samarie yo pou ranplase fis Israël yo. Konsa, yo te posede Samarie e yo te viv nan vil pa li yo.
Wa peyi Lasiri a pran moun lavil Babilòn, moun lavil Kout, moun lavil Ava, moun lavil Ama ak moun lavil Sefavayim, li voye yo al rete nan lavil peyi Samari nan plas moun Izrayèl li te fè depòte yo. Moun yo pran peyi Samari a pou yo, y' al rete nan tout lavil yo.
25 Lè yo te kòmanse viv la, yo pa t gen lakrent SENYÈ a. Pou sa, SENYÈ a te voye lyon pami yo ki te touye kèk nan yo.
Moun sa yo pa t' nan sèvi Seyè a. Konsa, lè yo fèk vin tabli nan peyi a, Seyè a voye lyon ki touye kèk ladan yo.
26 Akoz sa, yo te pale avèk wa Assyrie. Yo te di li: “Nasyon sa yo ke ou te pote ale an egzil nan lavil Samarie yo pa konnen koutim a dye nan peyi a. Pou sa, li te voye lyon pami yo, e tande byen, yo touye yo akoz yo pa konnen koutim a dye nan peyi a.”
Yo voye di wa peyi Lasiri a: Moun ou te voye vin rete lavil peyi Samari yo pa konnen jan pou yo sèvi Bondye peyi a. Se konsa bondye peyi a voye lyon k'ap fini ak yo.
27 Alò, wa Assyrie a te fè kòmand e te di: “Mennen la youn nan prèt ke ou te pote an egzil yo e kite li ale viv la. Epi kite li enstwi yo koutim a dye peyi a.”
Lè sa a, wa peyi Lasiri a bay lòd sa a: Pran yonn nan prèt nou te fè prizonye yo, voye l' tounen al viv laba a pou l' ka moutre moun yo jan pou yo sèvi bondye peyi a.
28 Konsa, youn nan prèt ke yo te pote ale an egzil soti Samarie yo te vin viv Béthel, e li te enstwi yo jan yo te dwe gen lakrent SENYÈ a.
Se konsa yonn nan prèt yo te depòte yo tounen nan peyi Samari, l' al rete lavil Betèl, li moutre yo jan pou yo fè sèvis pou Seyè a.
29 Men chak nasyon te toujou fè dye pa li e te mete yo lakay yo sou wo plas ke pèp Samarie a te konn fè yo, chak nasyon nan vil pa yo kote yo te viv la.
Men, chak nasyon te fè bondye pa yo nan lavil kote yo te rete a, yo mete yo nan tanp ansyen moun peyi Izrayèl yo te bati pou zidòl yo.
30 Moun Babylone yo te fè Succoth-Benoth, moun Cuth yo te fè Nergal e moun Hamath yo te fè Aschima.
Moun lavil Babilòn yo te fè pòtre Soukòt Benòt. Moun lavil Kout yo te fè pòtre Negal. Moun lavil Amat yo te fè pòtre Asima.
31 Moun Avva yo te fè Nibchaz avèk Tharthak; sila nan Sepharvaïm yo te brile pitit pa yo nan dife pou onore Adrammélec avèk Anamélec, dye a Sepharvaïm yo.
Moun lavil Ava yo te fè pòtre Nibaz ak Tatak. Moun lavil Sefavayim yo ofri pitit yo pou boule pou Adramelèk ak Anamelèk, bondye pa yo.
32 Yo te gen lakrent osi a SENYÈ a, e yo te chwazi pami yo menm prèt a wo plas yo, ki te aji pou yo nan kay wo plas yo.
Kifè yo t'ap sèvi Seyè a, men an menm tan yo chwazi moun nan mitan yo pou sèvi prèt zidòl yo, pou fè sèvis pou yo nan tanp zidòl yo.
33 Yo te krent SENYÈ a e osi, yo te sèvi dye pa yo selon koutim a nasyon pami sila yo te pote ale an egzil yo.
Se konsa yo t'ap adore Seyè a men yo t'ap adore bondye pa yo tou, dapre koutim peyi kote yo te soti.
34 Jis rive jou sa a, yo fè selon ansyen koutim yo: yo pa krent SENYÈ a, ni yo pa swiv règleman pa Li yo ni òdonans, ni lalwa a, ni kòmandman ke SENYÈ a te kòmande fis a Jacob yo, ke li te bay non Israël yo;
Jouk jounen jòdi a y'ap fè sa yo te konn fè a. Men, yo pa adore Seyè a, yo pa fè sa li mande nan lalwa ak kòmandman li te bay moun fanmi Jakòb yo swiv. Se Jakòb sa a Bondye sèl Mèt la te bay yon lòt non, li te rele l' Izrayèl.
35 avèk sila SENYÈ a te fè yon akò. Li te kòmande yo e te di: “Nou p ap gen krent lòt dye yo, ni bese nou menm ba devan yo, ni sèvi yo ni fè sakrifis a yo.
Seyè a te pase yon kontra ak pitit Jakòb yo, li te ba yo lòd sa a: Pa sèvi lòt bondye, pa mete jenou atè devan yo. Pa fè sèvis pou yo, pa ofri ankenn bèt pou touye pou yo.
36 Men SENYÈ a, ki te mennen nou monte soti nan peyi Égypte la avèk gran pouvwa e avèk yon bra lonje, a Li menm nou va gen krent. A Li menm, nou va bese ba e a Li menm, nou va fè sakrifis.
Se mwen menm Seyè a pou nou sèvi, mwen menm Bondye nou an ki te fè nou soti kite peyi Lejip ak gwo kouraj mwen, ak fòs ponyèt mwen. Se mwen menm sèlman pou nou sèvi, pou nou adore. Se pou mwen ase pou nou ofri bèt pou touye.
37 Règleman avèk òdonans avèk lalwa ak kòmandman ke Li te ekri pou nou yo, nou va obsève pou fè yo jis pou tout tan. Nou p ap fè lakrent lòt dye yo.
Se pou nou toujou kenbe prensip ak regleman, lòd ak kòmandman mwen te ekri ban nou pou nou te ka swiv yo chak jou. Piga nou gen krentif pou bondye lòt nasyon yo.
38 Akò ke m te fè avèk nou an, nou p ap bliye li, ni nou p ap gen lakrent lòt dye yo.
Piga nou bliye kontra mwen te pase ak nou an. Piga nou gen krentif pou bondye lòt nasyon yo.
39 Men SENYÈ a, Bondye nou an, nou va krent Li. Epi Li va delivre nou soti nan men a tout lènmi pa nou yo.”
Se mwen menm ase, Seyè a, Bondye nou an, pou nou sèvi, m'a delivre nou anba men lènmi nou yo.
40 Sepandan, yo pa t tande; men yo te fè selon abitid pa yo.
Men, moun yo pa koute m', yo toujou ap fè sa yo te konn fè anvan an.
41 Pou sa, malgre nasyon sila yo te gen lakrent SENYÈ a, yo osi te sèvi zidòl pa yo. Pitit pa yo tou ak pitit pitit pa yo, jis jan ke zansèt pa yo te konn fè; konsa, yo fè jis rive jodi a.
Konsa moun nasyon sa yo t'ap sèvi Seyè a, men yo te toujou ap sèvi zidòl pa yo tou. Pitit yo ak pitit pitit yo ap fè tankou papa yo jouk jounen jòdi a.

< 2 Wa 17 >