< Egzòd 2 >

1 Alò, yon mesye lakay Lévi te marye avèk yon fi Lévi.
Yon nonm nan branch fanmi Levi a te marye ak yon fi nan menm branch fanmi an.
2 Fanm nan te vin ansent, li te fè yon fis. Lè l te wè ke li te byen bèl, li te kache li pandan twa mwa.
Madanm li vin ansent, li fè yon pitit gason. Lè li wè jan ti pitit la te bèl, li kache l' pandan twa mwa.
3 Men lè li pa t kab kache li ankò, li te pran yon panyen wozo, e li te kouvri li avèk goudwon ak gòm rezen. Konsa, li te mete pitit la ladann, e te plase li pami wozo yo akote lariviyè Nil lan.
Men, li pa t' kapab kache l' pi lontan pase sa. Se konsa, li pran yon panyen jon, li badijonnen l' byen badijonnen ak goudwon ansanm ak gonm bwapen. Li mete ti pitit la ladan l'. Lèfini, li mete panyen an ak tout pitit la ladan l' nan mitan yon touf wozo, sou bò gwo larivyè a.
4 Sè li a te kanpe nan yon distans, pou wè kisa ki kab rive li.
Sè ti pitit la menm te rete kanpe yon ti distans pou l' wè sak tapral rive pitit la.
5 Fi a Farawon an te vin desann pou benyen nan Nil lan avèk sèvant li yo e yo t ap mache akote Nil lan. Konsa, li te wè panyen an pami wozo yo. Li te voye sèvant li an pou pote bay li.
Pitit fi farawon an desann bò gwo larivyè a pou l' al benyen. Medam ki te avè l' yo t'ap mache bò larivyè a. Fi farawon an wè panyen an nan mitan touf wozo yo. Li voye sèvant li a al pran l'.
6 Lè li te ouvri li; li te wè pitit la, e gade byen, li t ap kriye. Konsa, li te gen pitye pou li e te di: “Sa se youn nan pitit Ebre yo.”
Li louvri panyen an, li wè ti pitit la: se te yon ti gason ki t'ap kriye. Kè l' fè l' mal pou li. Li di: -Se yonn nan timoun ebre yo.
7 Epi sè li a te di a fi Farawon an: “Èske mwen ta dwe al chache yon fanm nouris pami fanm Ebre yo pou ou pou l ka ba li tete pou ou?”
Lè sa a, sè ti gason an pwoche, li di pitit fi farawon an: -Eske ou vle m al chache yon nouris pou ou nan mitan medam ebre yo pou bay ti pitit la tete pou ou?
8 Epi fi a Farawon an te di li: “Ale”. Konsa, fi a te al rele manman a pitit la.
Fi Farawon an di li: -Ale non. Ti fi a al chache manman ti pitit la.
9 Epi fi a Farawon an te di li: “Pran pitit sa a ale, bay li tete pou mwen e mwen va ba ou salè ou.” Epi fanm nan te pran pitit la e li te bay li tete.
Fi farawon an di manman an konsa: -Pran ti pitit sa a, mete l' nan tete pou mwen. m'a peye ou pou sa. Madanm lan pran ti pitit la, li ba l' tete.
10 Pitit la te grandi, li te pote li bay fi a Farawon an, li te devni fis li. Li te bay li non Moïse, e li te di: “Akoz ke m te rale li sòti nan dlo a.”
Lè ti gason an vin gran ti bway, li mennen l' bay fi farawon an ki adopte l' pou pitit li. Lè sa a, fi farawon an di: -Se nan dlo mwen wete l'. Se konsa, li rele l' Moyiz.
11 Li te vin rive nan jou sa yo ke lè Moïse te fin grandi, li te sòti vè frè li yo, e li te wè fàdo yo. Li te wè yon Ejipsyen ki t ap bat yon Ebre, youn nan frè li yo.
Lè sa a, Moyiz te fin grandi. Yon jou, li soti pou l' al vizite moun pèp Izrayèl parèy li yo. Li wè jan yo t'ap fè yo travay di. Li wè yon moun peyi Lejip ki t'ap bimen yon ebre anba kou, yonn nan moun parèy li yo.
12 Alò li te gade toupatou e lè l pa t wè pèsòn, li te touye li, e li te kache li nan sab la.
Li voye je l' adwat, li voye je l' agoch, li pa wè pesonn. Li touye moun pèyi Lejip la, li fouye yon twou nan sab la, li kache kadav la.
13 Li te sòti nan pwochen jou a, e gade, de Ebre t ap goumen youn avèk lòt. Li te di a sa ki gen tò a: “Poukisa ou ap frape pwochen ou an?”
Nan denmen, li soti ankò, li wè de ebre ki t'ap goumen. Li di sa ki te antò a: -Poukisa w'ap maltrete moun menm ras ak ou konsa?
14 Men li te di: “Kilès ki te fè ou prens, oswa jij sou nou? Èske ou gen entansyon vin touye mwen jan ou te touye Ejipsyen an?” Alò konsa Moïse te vin pè. Konsa li te di: “Anverite, afè sa gen tan vin konnen.”
Men, nonm lan reponn li: -Kilès ki mete ou chèf pou kòmande nou? Gen lè ou vle touye m' menm jan ou te touye moun peyi Lejip la? Moyiz vin pè, li di nan kè l': -Aa! Gen moun ki konnen sa m' te fè a!
15 Lè Farawon te tande afè sila a, li te eseye touye Moïse. Men Moïse te sove ale de prezans li, li te vin demere nan peyi Madian, e li te vin chita la akote yon pwi.
Farawon an pran nouvèl sak te pase. Li t'ap chache Moyiz pou touye l'. Men Moyiz chape kò l' anba men l', l' al rete nan peyi Madyan. Rive la, li chita bò yon pi.
16 Alò, prèt Madian an te gen sèt fi. Yo te vin rale dlo e te ranpli veso yo pou bay bann mouton papa yo dlo.
Prèt peyi Madyan an te gen sèt pitit fi. Yo te vin tire dlo pou plen ganmèl yo pou bay mouton papa yo bwè.
17 Bèje yo te vin pouse yo ale, men Moïse te kanpe pou ede fi yo, e te bay bann mouton pa yo bwè.
Men, kèk lòt gadò mouton vin rive, yo kouri dèyè medam yo. Moyiz leve, li pran defans yo, epi li bay mouton medam yo bwè.
18 Lè yo te vin kote Réuel, papa yo, li te di: “Poukisa nou gen tan tounen tèlman vit konsa jodi a?”
Lè medam yo tounen lakay Reouyèl, papa yo, li mande yo: -Ki jan nou fè tounen vit konsa jòdi a?
19 Yo te di: “Yon Ejipsyen te delivre nou anba men a bèje yo, e anplis, li te menm rale dlo pou nou e te bay bann mouton an dlo.”
Yo reponn li: -Se yon moun peyi Lejip ki te delivre nou anba men gadò mouton yo. Apre sa, se li menm ankò ki tire dlo pou nou bay bèt yo bwè.
20 Li te di fi li yo: “Alò, kibò li ye? Poukisa nou te kite mesye sa a dèyè? Envite li vin manje yon bagay.”
Reouyèl mande pitit fi li yo: -Kote msye? Poukisa nou kite l' laba a? Al rele l' pou l' vin pran kichòy ak nou.
21 Moïse te dakò rete avèk mesye a, e li te bay fi li, Séphora a Moïse.
Moyiz te dakò pou l' te rete lakay nonm sa a. Reouyèl bay Moyiz Sefora, yonn nan pitit fi li yo, pou madanm.
22 Konsa, li te bay nesans a yon fis e li te nonmen li Guerschom, paske li te di: “Mwen te yon vwayajè nan yon peyi etranje.”
Sefora fè yon ti gason. Lè sa a, Moyiz di: -Se moun vini mwen ye nan yon peyi etranje. Se konsa, li te rele pitit la Gèchon.
23 Alò li te vin rive nan jou sa yo ke wa Égypte la te mouri. Epi fis Israël yo t ap fè gwo souf e t ap kriye akoz esklavaj la. Alò, kri pa yo akoz esklavaj sila a, te leve rive jwenn Bondye.
Lontan apre sa, wa Lejip la mouri. Pèp Izrayèl la t'ap plenn pi rèd anba esklavaj. Yo t'ap rele gras mizèrikòd. Bondye te tande jan yo t'ap rele, jan yo t'ap plenn anba esklavaj la.
24 Konsa, Bondye te tande plent pa yo, epi Bondye te sonje akò Li avèk Abraham, Isaac, ak Jacob.
Bondye tande rèl yo, li vin chonje kontra li te pase ak Abraram ak Izarak epi ak Jakòb.
25 Bondye te wè fis Israël yo, e Bondye te konprann.
Bondye te wè nan ki sitiyasyon moun pèp Izrayèl yo ye, li pran kòz yo nan men l'.

< Egzòd 2 >