< Deteronòm 1 >

1 Sa yo se pawòl a Moïse ke li te pale a tout pèp Israël la lòtbò Jourdain an, nan dezè a, nan Arabah, anfas Suph, antre Paran, Tophel, Laban, Hatséroth, ak Di-Zahab.
Men pawòl Moyiz te di tout pèp Izrayèl la lè yo te lòt bò larivyè Jouden an, nan dezè a, nan plenn Araba ki anfas Souf: Yo te gen dezè Paran an sou yon bò ak lavil Tofèl, Liban, Azewòt ak Dizaab sou lòt bò a.
2 Se te yon vwayaj onz jou soti nan Horeb pa chemen a Mòn Séir pou rive nan Kadès-Barnéa.
Pou mache soti mòn Sinayi rive Kadès-Banea, lè ou swiv wout ki pase nan mòn Seyi a, sa pran onz jou.
3 Nan katriyèm ane a, nan premye jou nan onzyèm mwa a, Moïse te pale avèk fis Israël yo selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande li anvè yo,
Se premye jou nan onzyèm mwa karantyèm lanne depi yo te soti kite peyi Lejip la Moyiz te fè pale sa a ak pèp Izrayèl la, jan Seyè a te mande l' la.
4 lè li te fin bat Sihon, wa Amoreyen ki te rete Hesbon an, ak Og, wa Basan an, ki te rete Aschtaroth avèk Édréï.
Lè sa a, Seyè a te fin bat Siyon, wa peyi Amori a, ki te rete Esbon, ak Og, wa peyi Bazan an, ki te rete Astawòt nan zòn Edreyi.
5 Anfas Jourdain an, nan peyi Moab la, Moïse te kòmanse fè eksplikasyon sou lwa sa a. Li te di:
Se antan pèp la te lòt bò larivyè Jouden, nan peyi Moab la, Moyiz tanmen esplike yo tou sa Seyè a te di. Li di yo konsa:
6 “SENYÈ a, Bondye nou an, te pale avèk nou isit la nan Horeb, e Li te di: ‘Nou gen tan rete la a nan mòn sa pou ase de tan.
-Lè nou te sou mòn Orèb la, nou chonje Seyè a, Bondye nou an, te pale ak nou. Li te di nou: Koulye a, nou rete kont nou sou mòn sa a.
7 Vire kòmanse vwayaj nou an pou ale nan peyi mòn ki pou Amoreyen yo e vè tout kote nan Arabah yo nan peyi mòn yo, nan teren ba yo, nan Negev la, nan lanmè a, peyi a Canaran yo ak nan Liban jis rive nan gran rivyè Lefrat la.
Ranmase tout zafè nou pati. Ale nan mòn peyi Amori yo ak nan tout lòt peyi ki toupre l' yo, nan plenn Araba a, nan mòn yo, nan fon yo, nan Negèv la bò sid ak bò gwo lanmè Mediterane a. Ale nan peyi Kanaran an ak nan peyi Liban an jouk nou rive bò gwo larivyè Lefrat la.
8 Nou wè, Mwen te mete tout peyi a devan nou. Ale ladann pou posede peyi ke SENYÈ a te sèmante pou bay a zansèt nou yo—a Abraham, Isaac, e a Jacob—a yo menm ak desandan ki apre yo.’”
Nou wè! Men m'ap ban nou tout peyi sa yo. Al pran posesyon peyi mwen menm Seyè a, mwen te pwomèt m'ap bay zansèt nou yo, Abraram, Izarak ak Jakòb, pou yo ak pou tout pitit yo ak pitit pitit yo apre yo.
9 “Mwen te pale avèk nounan tan sa a pou te di nou, ‘Mwen sèl p ap kapab pote fado nou pou kont mwen.
Menm lè sa a, mwen te di nou: Mwen pa kapab reskonsab nou tout pou kont mwen, chay la twòp pou mwen.
10 SENYÈ a, Bondye nou an, te fè nou vin anpil, e gade byen, jodi a nou vin anpil tankou zetwal nan syèl la.
Seyè a, Bondye nou an, ban nou anpil pitit, kifè koulye a nou vin anpil, tankou zetwal nan syèl la.
11 Ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, kapab fè nou vin miltipliye yon mil fwa anplis ke nou ye a, e beni nou jis jan ke li te pwomèt nou an.
Se pou Seyè a, Bondye zansèt nou yo, ban nou mil fwa plis pitit pase sa nou gen koulye a. Se pou l' beni nou jan li te pwomèt nou an.
12 Kijan mwen sèl mwen, ta kapab sipòte fado a nou menm avèk tout zen nou konn fè yo?
Men, ki jan pou m' fè pote tout chay sa a pou kont mwen, pou m' jwenn solisyon pou tout pwoblèm nou, pou m' regle tout kont nou gen yonn ak lòt?
13 Chwazi moun ki saj, ki gen disènman avèk eksperyans nan pwòp tribi nou yo e mwen vaapwente yo kòm chèf nou.’
Se poutèt sa, nan chak branch fanmi nou yo, chwazi kèk nèg ki gen lespri, ki gen bon konprann, ki konn lavi, m'a mete yo chèf pou dirije nou.
14 “Nou te reponn mwen e te di: ‘Bagay ke ou di a, bon.’
Lè sa a, nou te reponn mwen, nou te di m' konsa: Sa ou mande nou fè la a bon wi!
15 “Konsa, mwen te pran chèf an tèt tribi nou yo, moun saj avèk eksperyans, e mwen te apwente yo kòm chèf sou nou, dirijan a dè milye, a dè santèn, a dè senkantèn, a dè dizèn ak ofisye pou tribi nou yo.
Se konsa mwen pran nan chak branch fanmi nou yo moun ki gen lespri, moun ki konn lavi, mwen mete yo chèf pou dirije nou. Genyen mwen mete chèf sou mil gason, dòt sou san gason, dòt sou senkant gason, dòt ankò sou dis gason. Mwen te chwazi lòt chèf tou pou chak branch fanmi.
16 Mwen te pase lòd ak jij nou yo nan tan sa a. Mwen te di, ‘Tande ka ki parèt antre nou menm avèk moun peyi parèy nou yo, e jije avèk ladwati antre yon nonm avèk moun peyi parèy a li, oswa etranje ki pami nou an.
Lè sa a, men sa mwen te mande chèf nou yo pou yo fè: Chache konnen lè gen kont nan mitan pèp la. N'a regle tout kont yon moun ka gen ak frè parèy li osinon ak moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou. N'a fè sa san patipri.
17 Nou pa pou gen moun pa nan jijman an; nou va tande moun gwo pwa avèk moun ki manke pwa egal menm jan. Nou pa pou pè moun, paske jijman an se pou Bondye. Ka ki twò difisil pou nou an, nou va pote li ban mwen, e mwen va tande l.’
Nou p'ap nan achte figi lè n'ap jije yon bagay. Se pou nou jije tout moun menm jan, kit se yon ti malere, kit se yon grannèg. Nou pa bezwen pè pesonn paske n'ap jije dapre prensip Bondye bay. Lè se yon ka ki twò difisil pou nou, n'a pote l' vin devan mwen, m'a jije l' mwen menm.
18 Mwen te kòmande nou nan tan sa a, tout bagay ke nou te gen pou fè.
Se konsa, menm lè sa a, mwen te ban nou lòd, mwen te di nou sa pou n' fè ak sa pou n' pa fè.
19 “Konsa, nou te pati Horeb pou te pase nan tout gran dezè tèrib sila a ke nou te wè nan wout la pou rive nan peyi mòn a Amoreyen yo, jis jan ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an; epi nou te vini Kadès Barnéa.
Apre sa, nou leve, nou kite mòn Orèb la. Jan Seyè a, Bondye nou an, te ban nou lòd la, nou mache nan tout gwo dezè ki gen anpil danje ladan l' lan, dezè nou te wè a, nou pran chemen pou n' al nan mòn peyi Amori yo, epi nou rive Kadès Banea.
20 Mwen te di nou: ‘Nou gen tan vini nan peyi mòn a Amoreyen yo ke SENYÈ a, Bondye nou an, prèt pou bannou an.
Lè sa a, mwen di nou: Men nou rive nan mòn peyi Amori yo, peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an.
21 Nou wè, SENYÈ a, Bondye nou an, te mete peyi a devan nou. Monte ladann, posede li, jan SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, te pale nou an. Pa pè, ni dekouraje.’”
Gade, men peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an. Ale non, pran peyi a pou nou, jan Seyè a, Bondye zansèt nou yo, te di l' la. Nou pa bezwen pè, kè nou pa pou janm kase.
22 “Konsa, nou tout te vin kote m e te di: ‘Annou voye moun devan nou pou yo kapab fè ankèt peyi a pou nou, pou retounen bannou yon pawòl konsènan chemen nou ta dwe monte a ak vil ke nou va antre yo.’
Lè sa a nou tout, nou vin jwenn mwen, nou di m' konsa: Ann voye kèk nèg pami nou devan pou y' al wè ki jan peyi a ye. Y'a tounen vin esplike nou ki wout pou nou swiv ak nan ki lavil nou ka antre.
23 “Sa te fè m plezi. Mwen te pran douz mesye pami nou, yon mesye pou chak tribi.
Mwen te wè sa nou di m' lan se te bon koze. Se konsa mwen chwazi douz nèg, yonn nan chak branch fanmi.
24 Yo te vire pou te monte nan peyi mòn nan, e yo te rive nan vale Eschcol la pou espyone ladann.
Yo pati, yo pran chemen mòn lan jouk yo rive nan Fon Echkòl: yo vizite tout zòn lan nèt.
25 Epi yo te pran kèk nan fwi peyi a nan men yo pou te pote li bannou. Yo te mennen bannou yon rapò. Yo te di: ‘Se yon bon peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, prèt pou bannou an.’”
Yo pran kèk fwi peyi a donnen, yo pote ban nou. Epi yo di nou peyi Seyè a ap ban nou an se yon bon venn tè.
26 “Men nou pa t vle monte. Nou te fè rebèl kont kòmand a SENYÈ a, Bondye nou an.
Men, nou pa t' vle al ladan l'. Se konsa nou te derefize obeyi lòd Seyè a, Bondye nou an, te ban nou.
27 Nou te plenyen nan tant nou yo e te di: ‘Akoz SENYÈ a rayi nou, Li te mennen nou sòti nan peyi Égypte la pou livre nou nan men Amoreyen yo pou detwi nou.
Nou antre lakay nou, nou pran plenyen. Epi nou di se vle Seyè a pa vle wè nou! Se poutèt sa li fè nou soti kite peyi Lejip pou l' lage nou nan men moun peyi Amori yo pou yo ka fini ak nou.
28 Kibò nou kab monte?’ Frè nou yo te fè kè nou fann. Yo te di: ‘Pèp la pi gran e piwo pase nou! Vil yo gran e fòtifye jis rive nan syèl la!’ Anplis, nou te wè fis a Anak yo la!”
Kote nou prale koulye a? Moun nou te voye yo dekouraje nou. Yo di nou moun ki nan peyi sa a pi fò pase nou, yo pi bèl wotè pase nou. Lavil yo gran anpil ak gwo ranpa byen wo ki rive jouk nan syèl la. Nou te menm wè kèk moun ras Anak yo la tou.
29 “Konsa, mwen te di nou: ‘Pa etone, ni pa pè yo.
Men, mwen di nou: Kè nou pa bezwen kase, nou pa bezwen pè moun sa yo.
30 SENYÈ a, li menm, ki ale devan nou an, va, Li menm, goumen pou nou, jis jan ke Li te fè pou nou an Égypte la devan zye nou,
Seyè a, Bondye nou an, ap mache alatèt nou. Li pral goumen pou nou menm jan nou te wè l' fè l' la nan peyi Lejip
31 epi nan dezè a kote nou te wè kijan SENYÈ a, Bondye nou an, te pote nou, jis jan ke yon nonm ta pote fis li, nan tout chemen kote nou te mache jis nou vin rive kote sa a.’”
ak nan dezè a. Nou wè ki jan sou tout wout la li pa janm lage nou, tankou yon papa ki pa janm lage pitit li, jouk nou rive bò isit la.
32 “Men malgre tout sa, nou pa t mete konfyans nan SENYÈ a, Bondye nou an,
Men, atout mwen te di nou sa, nou pa t' vle mete konfyans nou nan Seyè a, Bondye nou an,
33 ki te ale devan nou nan chemen an pou chèche yon kote pou nou fè kan, kòm dife nan aswè ak nwaj nan lajounen pou montre nou nan ki chemen nou dwe ale.
li menm ki te pran devan nou sou tout wout la pou l' te ka jwenn kote pou nou moute kan nou. Lannwit, li te mache devan nou nan yon poto dife. Lajounen, nan yon gwo nwaj li te moutre nou chemen pou nou pran.
34 “Epi SENYÈ a te tande son pawòl nou yo. Li te fache. Li te sèmante e te di:
Lè Seyè a tande jan nou t'ap plenyen, li te fache anpil, li fè sèman, li di:
35 ‘Nanpwen youn nan mesye sa yo, jenerasyon mechan sila a, ki va wè bon peyi ke mwen te sèmante pou bay a zansèt nou yo.
Pa gen yonn nan tout move sije sa yo k'ap viv koulye a k'ap antre nan bon peyi mwen te pwomèt m'ap bay zansèt nou yo,
36 Sof ke Caleb, fis a Jephunné a. Li va wè li. A li menm avèk fis li yo Mwen va bay peyi kote li te mete pye li akoz li te swiv SENYÈ a nèt.’
an wetan Kalèb, pitit gason Jefoune a, ki va antre nan peyi sa a. M'a ba li peyi li te al espyonnen an, pou li ak pou pitit li yo, paske li te obeyi m' san gad dèyè.
37 “Anplis, SENYÈ a te fache avèk mwen osi akoz nou menm. Li te di: ‘Ni ou menm tou, ou p ap antre la.
Nou lakòz Seyè a te fache ata avè m', epi li di m': Ou menm tou Moyiz, ou p'ap antre nan peyi a.
38 Josué, fis a Nun nan, ki kanpe la devan nou an, li va antre la. Ankouraje li, paske li va fè Israël jwenn eritaj li a.
Se Jozye, pitit gason Noun lan, k'ap sèvi avè ou la, ki va antre nan plas ou. Ankouraje l' tande, paske se li menm ki pou fè pèp Izrayèl la antre al pran peyi a.
39 “‘Anplis, pitit nou ke nou te di ta devni yon piyaj la, ak fis nou ki nan jou sa a pa t gen konesans a ni sa ki bon ak sa ki mal, va antre la. Mwen va bay yo li, e yo va posede li.
Men, se pitit nou yo, sa nou di ki tapral tonbe anba men lènmi nou yo, timoun nou yo ki koulye a poko konnen sa ki byen ak sa ki mal, se yo menm ki pral antre nan peyi a. Se yo menm mwen pral bay peyi a, se yo menm ki pral rete ladan l'.
40 Men pou nou menm, vire pa dèyè, e fè wout nou pou dezè a pa Lamè Wouj.’
Men nou menm, tounen tounen nou nan dezè a! Pran chemen Lanmè Wouj la ankò!
41 “Konsa, nou te di mwen: ‘Nou te peche kont SENYÈ a; anverite, nou va monte pou fè lagè, jis jan ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an.’ Epi tout gason nan nou te mete zam sou yo. Yo te kalkile ke li te fasil pou monte nan peyi mòn nan.”
Lè sa a nou reponn mwen: Nou rekonèt nou peche kont Seyè a. Nou prale, epi n'a goumen jan Seyè a, Bondye nou an, te ban nou lòd la. Epi nou leve nou pran zam nou. Nou te kwè sa tapral fasil pou nou pran mòn yo.
42 “Men SENYÈ a te di mwen: ‘Di yo: “Pa monte, ni goumen, paske Mwen pa pami nou. Otreman, nou va vin bat devan lènmi nou yo.”’
Men, Seyè a di m' avèti nou: Piga n' al atake, piga n' al fè lènmi nou yo bat nou, paske li p'ap kanpe avèk nou.
43 “Konsa, mwen te pale avèk nou, men nou pa t koute mwen. Olye de sa, nou te fè rebèl kont kòmand SENYÈ a. Nou te aji avèk awogans e nou te monte nan peyi mòn lan.
Mwen te pale nou, men nou pa t' koute m', nou derefize swiv lòd Seyè a te ban nou. Nou te konprann nou te fò kont kò nou pou n' te al pran mòn lan.
44 Amoreyen ki te rete nan peyi mòn sa yo te parèt kont nou. Yo te chase nou tankou myèl ta fè e yo te kraze nou soti nan Séir jis rive nan Horma.
Lè sa a, moun peyi Amori yo ki te rete nan mòn yo soti vin kontre ak nou. Tankou yon desen myèl, yo kouri dèyè nou, yo bat nou byen bat nan tout peyi Seyi a rive jouk Oma.
45 Konsa, nou te retounen pou te kriye fò devan SENYÈ a; men SENYÈ a pa t koute vwa nou, ni bannou zòrèy Li.
Lè nou tounen, nou kriye nan pye Seyè a, men Seyè a pa t' koute sa nou t'ap di l', li pa t' pran ka nou.
46 Pou sa, nou te rete Kadès pandan anpil jou, jou sa yo ke nou te pase la a.”
Se poutèt sa nou te blije pase tout tan sa a nan zòn Kadès la.

< Deteronòm 1 >