< 2 Korint 8 >

1 Koulye a, frè nou yo, nou ta renmen fè nou konnen lagras Bondye ki te vin bay nan legliz Macédoine yo.
Now we make known to you, brethren, the grace of God conferred on the churches of Macedonia:
2 Ke nan yon gran eprèv afliksyon, abondans lajwa ak gwo povrete, yo te debòde jis li vin richès nan jenewozite yo.
how in a great trial of affliction, their abundant chearfulness and their deep poverty, hath munificently shewn the riches of their bounty.
3 Paske mwen temwaye ke selon kapasite yo, e menm depase kapasite yo, yo te bay selon pwòp volonte pa yo.
For to their power, I bear them witness, yea and beyond their power, they contributed of their own accord:
4 Yo t ap byen plede avèk nou avèk anpil ankourajman, pou favè pran pa nan soutyen a fidèl yo.
intreating us with much importunity, that we would convey the gift, and so take upon us a part of the ministration to the saints.
5 Epi sa menm, se pa jan nou te prevwa a, men yo te dabò bay tèt yo a Senyè a, e a nou menm selon volonte Bondye.
And this they did not merely as we hoped, but first gave themselves unto the Lord, and to us by the will of God.
6 Donk, nou te ankouraje Tite ke, jan li te kòmanse oparavan an, pou li ta osi konplete nan nou zèv gras sila a.
Insomuch that we desired Titus, that as he had already begun, so he would also complete this grace among you.
7 Men menm jan nou toujou fè ekselans ki depase nan tout bagay, nan lafwa, nan langaj, nan konesans, nan zèl, ak nan lanmou ke nou te enspire nan ou an, gade ke ou depase osi nan zèv lagras sila a.
And as ye abound in every other grace, in faith, and utterance, and knowledge, and in all diligence, and in your love to us, that ye may abound in this grace also.
8 Mwen p ap pale sa tankou se yon lòd, men pou pwouve selon zèl a lòt yo, senserite lanmou pa nou tou.
I speak not by way of command, but to prove the sincerity of your love also, by means of the forwardness of others.
9 Paske nou konnen lagras Senyè nou an Jésus Kri, ke malgre Li te rich, pou koz nou, Li te vin pòv, pouke, nou menm, atravè povrete Li, nou ta kapab vin rich.
For ye know the grace of our Lord Jesus Christ, that though He was rich, yet for your sakes He became poor, that ye by his poverty might be rich.
10 Mwen bay opinyon mwen nan ka sa a, paske sa se nan avantaj pa nou, ki, lane pase, te premye moun ki te kòmanse fè non sèlman sa, men osi te gen volonte pou fè l.
And herein I give my opinion: for this is to your advantage, who not only began to act, but also to be forward to it above a year ago.
11 Men koulye a, fin fè li. Menm jan nou te gen bòn volonte pou fè l la, pou li kapab osi konplete pa kapasite nou.
Now therefore perfect also the doing it; that as there was a readiness of will, so there may be also a performance according to your ability.
12 Paske si volonte a la, li akseptab selon sa ke yon moun genyen, pa selon sa ke li pa genyen.
For if there be first a willing mind, any me is accepted according to what he hath, not according to what he hath not.
13 Paske sa se pa pou fè lòt yo alèz, pandan nou pote gwo chaj, men pou gen egalite.
For I do not mean that others should have relief, and you be burdened:
14 Nan tan prezan sila, abondans nou la pou satisfè bezwen pa yo, pouke abondans pa yo osi kapab vin yon sous pou bezwen pa nou, pouke kapab gen egalite.
but by an equality, that your abundance may at this time be a supply to their want; and their abundance may be the like to your want, if need be: that there may be an equality:
15 Jan sa ekri a: “Sila ki te ranmase anpil la, pa t gen depase, e sila ki te ranmase piti a pa t manke.”
as it is written, "He that gathered much had nothing over, and he that gathered little had no lack."
16 Men gras a Bondye ki mete menm zèl la pou nou nan kè Tite la.
But thanks be to God, who put the same concern for you into the heart of Titus:
17 Paske li pa t sèlman aksepte apèl nou, men akoz li te trè zele, li te vin kote nou ak pwòp volonte li.
for he not only complied with the exhortation, but being more forward he went to you of his own accord.
18 Epi nou te voye avèk li frè a ki gen bon repitasyon nan bagay levanjil ki te gaye pami tout legliz yo.
And we have sent along with him the brother, whose praise in the gospel is spread through all the churches:
19 Epi se pa sèlman sa, men li te osi chwazi pa legliz yo pou vwayaje avèk nou nan zèv lagras sila ke n ap administre pou glwa a Senyè a Li menm, e pou montre bòn volonte nou.
(and not only so, but he was also chosen by the churches to accompany us with this grace, which is administered by us for the glory of the same Lord, and to shew your readiness of mind: )
20 N ap pran prekosyon pou pèsòn pa vin denigre administrasyon nou nan kado jenewozite sila a.
hereby taking care that no one might blame us in the disposal of this large sum which is administered by us:
21 Paske nou respekte sa ki onorab, non sèlman nan zye Senyè a, men osi nan zye lèzòm.
looking to things that are right not only in the sight of the Lord, but also in the sight of men.
22 Nou te voye avèk yo, frè nou an, ke nou souvan teste, e twouve zèl nan anpil bagay, men koulye a menm pi zele akoz de gran konfyans li nan nou menm.
And we have sent with them another brother of ours, whom we have often proved diligent in many things, and now I doubt not much more on account of his great confidence in you.
23 Tankou pou Tite, li se asosye e ouvriye parèy mwen pami nou. Tankou pou frè nou yo, yo se mesaje a legliz yo, yon glwa pou Kris la.
If then there be any inquiry about Titus, he is my collegue and fellow-laborer among you: and if our brethren be inquired after, they are the messengers of the churches, and the glory of Christ.
24 Konsa, piblikman devan legliz yo, montre yo prèv lanmou nou ak rezon pou gen fyète de nou.
Therefore shew to them, and before the churches, the proof of your love, and the justness of our boasting concerning you.

< 2 Korint 8 >