< 1 Samyèl 22 >

1 Konsa, David te kite la pou te chape rive nan kav Adullam nan. Epi lè frè li yo avèk tout lakay papa li te tande koze sa a, yo te desann bò kote li.
David kite lavil Gat, li sove, l' al kache nan yon gwòt toupre lavil Adoulam. Lè frè l' yo ak rès fanmi li vin konn sa, yo tout desann al jwenn li la.
2 Tout sila ki te nan pwoblèm yo, tout moun ki te nan gwo dèt, tout moun ki pa t kontan te vin rasanble kote li, e li te devni chèf sou yo. Alò te gen anviwon kat-san òm avèk li.
Lè sa a, tout moun ki te gen pwoblèm, tout moun ki te dwe lajan, tout moun ki pa t' kontan sitiyasyon an vin jwenn li. David vin chèf yo. Te gen katsan (400) gason konsa antou.
3 Epi David te kite la pou ale Mitspé nan Moab. Li te di a wa Moab la: “Souple, kite papa m avèk manman m vin rete avèk ou jiskaske mwen konnen sa ke Bondye va fè pou mwen an.”
David kite kote l' te ye a, l' ale lavil Mispa nan peyi Moab. Epi li di wa Moab la: -Tanpri, kite papa m' ak manman m' vin rete isit la lakay ou, jouk mwen rive konnen sa Bondye vle fè avè m'.
4 Epi li te kite yo avèk wa Moab la. Yo te rete avèk li pandan tout tan ke David te nan fò a.
Se konsa David mennen papa l' ak manman l' lakay wa Moab la. Yo rete la pandan tout tan David te rete kache nan gwòt la.
5 Pwofèt la, Gad, te di a David: “Pa rete nan fò a. Sòti ale nan peyi Juda.” Konsa, David te sòti e te ale nan forè a nan Héreth.
Yon pwofèt yo rele Gad vin di David: -Piga ou rete nan gwòt la. Pati koulye a. Ale nan peyi Jida! David pati vre, l' al nan rakbwa Erèt la.
6 Alò Saül te tande ke David avèk mesye ki te avèk li yo te vin dekouvri. Konsa, Saül te chita nan Guibea anba pye tamaren an sou ti mòn lan avèk frenn li nan men l e tout sèvitè li yo te kanpe antoure li.
Sayil menm te lavil Gibeya, chita anba pye tonmaren ki sou mòn lan, avèk frenn li nan men l'. Tout chèf ki t'ap sèvi avè l' yo te kanpe la bò kote l'. Li te pran nouvèl moun te vin konnen kote David ak mesye l' yo te ye.
7 Saül te di a sèvitè ki te kanpe antoure li yo: “Tande koulye a, O Benjamit yo! Èske fis a Jesse a, osi bannou tout chan kiltive avèk chan rezen? Èske li va fè nou tout kòmandan a dè milye e kòmandan a dè santèn?
Epi Sayil di chèf ki t'ap sèvi avè l' yo: -Nou menm fanmi Benjamen yo, koute! Eske nou mete nan lide nou David, pitit gason Izayi a, pral ban nou jaden ak pye rezen tou? Eske l'ap fè nou kaptenn ak chèf nan lame li a?
8 Paske nou tout te fè konplo kont mwen jiskaske pèsòn pa t fè m konnen lè fis mwen an te fè yon akò avèk fis a Jesse a. Nanpwen nan nou ki gen regrè pou mwen, ni ki di mwen ke fis mwen an te fòse sèvitè pa m yo kont mwen pou kouche an anbiskad, jan li ye la jodi a.”
Se poutèt sa nou tout n'ap fè konplo sou mwen. Nou yonn pa di m' pwòp pitit gason m' lan te koupe kontra ak David, pitit gason Izayi a? Pa gen yonn nan nou ki pran lapenn pou mwen. Pesonn pa vin di m' pitit gason mwen an ap moute tèt David sou do mwen, yon moun ki t'ap sèvi avè m', epi ki koulye a ap chache mwayen pou li touye m'.
9 Alò, Doëg, Edomit lan, ki te kanpe akote sèvitè Saül yo te di: “Mwen te wè fis a Jesse a lè l t ap vini Nob, kote Achimélec, fis a Achithub la.
Doèg, moun peyi Edon an ki te chèf tout moun k'ap travay ak Sayil yo, di l' konsa: -Mwen te wè David, pitit gason Izayi a lè li t' ale lavil Nòb, lakay Akimelèk, pitit gason Akitoub la.
10 Li te konsilte SENYÈ a pou li, li te ba li pwovizyon e li te bay li nepe Goliath la, Filisten an.”
Akimelèk te pale ak Seyè a pou David. Apre sa, li bay David kèk pwovizyon ansanm ak nepe Golyat, sòlda Filisti a.
11 Alò, wa a te voye yon moun pou livre yon lòd prezans obligatwa pou Achimélec, prèt la, fis Achithub la, avèk tout lakay papa li, prèt ki te nan Nob yo. Epi tout te vin parèt devan wa a.
Se konsa, wa a voye rele Akimelèk, prèt la, pitit gason Akitoub la, ansanm ak tout fanmi l' yo ki te prèt tou nan lavil Nòb. Yo tout moute kay wa a.
12 Saül te di: “Koute koulye a, fis a Achithub la.” Epi li te reponn: “Men mwen isit la, mèt mwen.”
Sayil di Akimelèk: -W'ap tande m', pitit gason Akitoub la? Akimelèk reponn li: -M'ap tande ou wi, monwa!
13 Alò, Saül te di li: “Poukisa ou menm avèk fis a Jesse a te fè konplo kont mwen nan afè ba li pen, avèk yon nepe e konsilte avèk Bondye pou li, pou li kapab leve kont mwen e kache fè anbiskad, jan sa ye la jodi a?”
Sayil mande l': -Poukisa ou mete tèt ou ansanm ak David, pitit gason Izayi a, pou nou fè konplo sou mwen? Poukisa ou ba li pwovizyon ansanm ak yon nepe? Poukisa ou pale ak Seyè a pou li? Koulye a, men li leve dèyè m', l'ap chache okazyon pou li touye m'.
14 Alò, Achimélec te reponn wa a e te di: “Epi se kilès pami sèvitè ou yo ki fidèl tankou David, bofis menm a wa a, ki se kapitèn gad ou e onore lakay ou?
Akimelèk reponn li: -Nan tout moun k'ap sèvi avè ou yo, pa gen yonn ki renmen ou tankou David. Se bofi ou li ye, li fè pati gad kò ou yo. Tout moun lakay ou respekte l'.
15 Èske se jodi a ke m fenk kòmanse konsilte Bondye pou li? Lwen de mwen, sa! Pa kite wa a fè okenn move panse sou sèvitè li a, ni okenn moun lakay papa m; paske sèvitè ou a pa konnen anyen nan afè sila a.”
Se pa jòdi a premye fwa mwen pale ak Seyè a pou li, mande Bondye padon. Monwa, ou pa bezwen akize ni mwen ni pesonn nan fanmi m' n'ap fè konplo sou ou. Mwen pa konn anyen sou koze sa a, monwa!
16 Men wa a te di: “Anverite, ou va mouri, Achimélec; ou menm avèk tout lakay papa ou!”
Wa a di l' konsa: -Akimelèk, yo pral touye ou, ou menm ansanm ak tout fanmi ou yo.
17 Epi wa a te di a gad ki te okipe li yo: “Vire mete prèt SENYÈ a a lanmò, akoz men yo avèk David e akoz yo te konnen ke li te sove ale e yo pa t revele sa a mwen menm.” Men sèvitè a wa yo pa t vle lonje men yo pou atake prèt SENYÈ yo.
Lèfini, li di gad ki te kanpe bò kote l' yo: -Touye prèt Seyè yo. Yo menm tou y'ap fè konplo ak David la. Yo te konnen byen pwòp se sove msye t'ap sove, yo pa di m' anyen. Men gad yo refize leve men yo sou prèt Seyè a pou touye yo.
18 Alò, wa a te di a Doëg: “Ou menm vire atake prèt yo.” Epi Doëg, Edomit lan, te vire atake prèt yo e te touye katre-ven-senk òm ki te abiye ak efòd len an.
Lè sa a, Sayil di Doèg: -Ou menm, touye prèt yo: Epi Doèg touye yo tout. Jou sa a, li touye katrevensenk prèt Seyè a.
19 Epi li te frape Nob, vil prèt yo avèk lam nepe, ni gason, ni fanm, ni timoun ni bebe, ansanm avèk bèf, bourik ak mouton avèk lam nepe.
Sayil fè touye tout moun ki te rete nan Nòb, lavil prèt yo: fanm kou gason, timoun, ti bebe nan tete, ansanm ak bèf, bourik, ak mouton. Yo touye tout.
20 Men youn nan fis Achimélec yo ki te rele Abiathar te chape sove ale pou twouve David.
Sèl Abyata, yonn nan pitit gason Akimelèk yo, te resi chape kò l'. Li kouri l' al jwenn David.
21 Abiathar te di David ke Saül te touye prèt SENYÈ yo.
Li rakonte David ki jan Sayil te masakre tout prèt Seyè yo.
22 Alò, David te di a Abiathar: “Mwen te konnen nan jou sa a, lè Doëg, Edomit lan, te la, ke li t ap byensi pale ak Saül. Mwen te fè rive lanmò a chak moun lakay papa ou yo.
David di l' konsa: -Depi mwen te wè Doèg, nèg peyi Edon an, la, mwen te konnen li pa t'ap pa di Sayil sa. Se mwen menm ki reskonsab lanmò tout fanmi ou yo.
23 Rete avèk mwen. Pa pè. Moun ki vle touye ou a ap eseye touye mwen tou. Ou va ansekirite avèk mwen.”
Ou mèt rete avè m'. Ou pa bezwen pè. Koulye a Sayil pral chache touye ni ou ni mwen. Bò kote m', anyen p'ap rive ou.

< 1 Samyèl 22 >