< Jòb 6 >
1 Jòb pran lapawòl, li di konsa:
Epi Job te reponn:
2 -Si yo te ka pran pèz lapenn mwen, si yo te ka peze tout malè mwen yo nan balans,
“O ke doulè m ta kab peze pou mete nan balans lan, ansanm ak gwo dega ki vin sou mwen yo!
3 yo ta jwenn yo pi lou pase tout sab ki bò lanmè. Lè sa a, nou pa ta sezi tande m' pale jan m'ap pale a.
Paske li ta pi lou pase sab lanmè yo. Akoz sa a, pawòl mwen yo te tèlman san règ.
4 Bondye ki gen tout pouvwa a plante flèch li yo sou mwen. Pwazon yo a anvayi tout kò m'. Bondye voye sou mwen tout kalite malè pou fè kè m' kase.
Paske flèch Toupwisan an fin antre anndan m; lespri m ap bwè pwazon. Gwo laperèz Bondye a vin alinye kont mwen.
5 Bourik mawon pa ranni lè li gen zèb pou l' manje. Ni bèf pa rele lè li gen manje devan l'.
Èske bourik mawon ranni sou zèb li, oswa bèf rele sou manje li?
6 Moun pa manje manje ki san gou, manje ki san sèl. Blan ze pa gen bon gou nan bouch.
Èske bagay san gou kapab manje san sèl, oswa èske pati blan nan zye poul a gen gou?
7 Mwen pa menm gen apeti pou bagay konsa. Tou sa mwen manje fè kè m' tounen.
Nanm mwen p ap touche yo. Yo tankou manje abominab pou mwen.
8 Si Bondye te ka ban mwen sa m' mande l' la! Si li te ka fè m' jwenn sa m'ap tann lan!
“O ke sa m mande ta kab rive, e ke Bondye ta ban m sa m anvi wè a!
9 Si sèlman sa ta fè l' plezi pou l' touye m'! Si li ta vle lonje men l' pou l' disparèt mwen!
Ke Bondye ta dakò pou kraze m nèt, ke Li ta lache men l pou retire mwen nèt!
10 Se ta va yon gwo konsolasyon pou mwen. Malgre tout soufrans mwen yo, mwen ta danse, mwen ta fè fèt, paske mwen konnen mwen pa janm dezobeyi lòd Bondye ki apa a bay.
Kite sa toujou kòm konsolasyon mwen; wi, kite mwen rejwi nan doulè k ap kraze mwen, pou m pa t renye pawòl a Sila Ki Sen an.
11 Mwen pa gen fòs pou m' tann ankò. Pa gen ankenn espwa pou mwen. Sa m' bezwen viv toujou fè?
Ki jan fòs mwen ye, pou m ta tan? Epi kilès lafen mwen, ke m ta dwe sipòte?
12 Se pa wòch mwen ye. Se pa bout fè kò m' ye.
Èske fòs mwen tankou wòch, o èske chè m kon bwonz?
13 Mwen pa gen fòs ankò pou m' kenbe. Kote m' vire, mwen pa jwenn sekou.
Èske se pa ke nanpwen sekou anndan m, ke tout sajès fin chase lwen mwen?
14 Nan tray m'ap pase koulye a, mwen bezwen bon zanmi ki pou soutni m', menm si mwen ta vire do bay Bondye.
“Paske pou nonm ki pèdi tout espwa a, li ta dwe twouve konpasyon nan zanmi li; menm a li menm ki kon pèdi lakrent Wo Pwisan an.
15 Men, frè m' yo, nou p'ap di m' anyen la a. Nou tankou ravin chèch ki pa gen dlo depi lapli pa tonbe.
Frè m yo te aji ak desepsyon kon yon ravin, kon flèv ravin ki vin sèch;
16 Nan sezon fredi, lè lanèj ap fonn, yo plen dlo sal ki frèt kou glas.
ki vin sal tankou glas k ap fonn kote lanèj kon kache.
17 Men, nan sezon lesèk, pa yon gout dlo! Chalè solèy la cheche yo nèt.
Nan sezon sèch, yo pa la; lè li cho, yo disparèt sou plas yo.
18 Bann vwayajè yo kite chemen yo pou y' al dèyè dlo. Yo pèdi nan dezè a. Yo mouri.
Chemen a kous pa yo tòde tout kote; yo monte rive vin anyen; yo vin disparèt.
19 Vwayajè ki soti nan peyi Cheba ak nan peyi Saba ap touye tèt yo chache dlo.
Karavàn Théma yo te vin veye; vwayajè Séba yo te gen espwa yo.
20 Yo pa ka jwenn. Rive devan ravin lan, yo pa konn sa pou yo fè.
Yo te desi paske yo te mete konfyans; yo te vini la, e te etone.
21 Wi, mezanmi. Nou tankou yon ravin chèch pou mwen. Nou wè nan ki eta mwen ye, nou pè, n'ap renka kò nou dèyè.
Anverite, koulye a se konsa ou ye; ou wè laperèz e ou vin pè.
22 Eske m' te mande nou pou nou fè m' kado kichòy? Osinon pou nou fè yon moun kado pou mwen nan sa nou genyen?
Èske mwen te di ou: ‘Ban m yon bagay’? Oswa m te fè yon demann anba tab pou retire nan richès ou?
23 Eske mwen te mande nou pou nou vin wete m' anba grif yon lènmi, osinon pou nou delivre m' anba men yon moun k'ap fè m' soufri?
Oswa ‘delivre m nan men advèsè a’? Oswa ‘rachte mwen nan men opresè sila yo’?
24 Bon. Pale avè m'. Si m' antò, fè m' wè kote m' antò a. Lè sa a, m'a pe bouch mwen. M'a koute nou.
“Enstwi mwen e mwen va pe la! Montre mwen kote mwen gen tò.
25 Pawòl ki pale verite bon pou tande. Men, m' pa wè sa nou vle di m' la a.
Kèl doulè pawòl onèt sa yo genyen! Men kisa diskou ou a pwouve?
26 Ou di mwen fin dekouraje. Se depale m'ap depale. Poukisa atò w'ap kritike pawòl mwen yo konsa?
Èske ou gen entansyon repwoche pawòl mwen yo, lè ou konnen se van ki mèt pawòl yo lè moun dekouraje nèt?
27 Konsa tou, ou ta rive jwe lajan sou tèt timoun san papa. Ou ta fè lajan sou tèt bon zanmi ou.
Konsa, ou ta menm tire osò pou òfelen yo e fè twòk pou zanmi ou.
28 Koulye a, monchè, tanpri, gade m' nan je. Mwen p'ap ba ou manti.
Alò, souple, gade mwen e wè si se manti m ap fè nan figi ou.
29 Tounen non! Pa fè m' lenjistis sa a! Tounen, mwen di ou. Se kòz mwen m'ap defann.
Rete la, koulye a e pa kite enjistis fèt. Retounen kote m! Jiska prezan, ladwati mwen rete ladan an.
30 Eske se manti m'ap bay? Dapre nou, mwen pa konnen sa ki byen ak sa ki mal?
Èske gen enjistis sou lang mwen? Èske bouch mwen pa kapab distenge gou gwo malè?”