< Jòb 5 >
1 Rele non, Jòb! W'a wè si gen moun k'ap reponn ou! Ak kilès nan zanj Bondye yo ou ta vle pale?
“Rele koulye a; èske gen moun ki pou reponn? A kilès nan sen fidèl yo ke ou va vire?
2 Se moun fou ki kite chagren ap minen yo. Se moun sòt ki kite move san touye yo.
Paske rankin va touye moun ki plen foli, e jalouzi va touye moun senp lan.
3 Mwen menm, mwen wè moun fou ki te kwè zafè yo bon. M' rete konsa, mwen wè madichon tonbe sou kay yo.
Mwen te wè moun san konprann ki t ap pran rasin, e byen vit, mwen te denonse kay li.
4 Pitit yo pa ka jwenn yon moun pou pwoteje yo. Pa gen pesonn pou pran defans yo nan tribinal.
Fis li yo pa jwenn sekirite ditou; menm nan pòtay la, yo oprime, ni pa gen moun pou delivre yo.
5 Se moun grangou ki pral manje rekòt jaden yo. Yo pral pran ata sa ki donnen nan raje pikan. Se moun akrèk ki pral mete men sou tout byen yo.
Moun grangou yo devore rekòlt li, e mennen l yon kote plen pikan. Epi pelen an rete ovèt pou sezi tout byen yo.
6 Non. Lafliksyon pa tonbe sou moun konsa konsa. Ni moun pa rete konsa pou l' tonbe anba soufrans.
Paske malè pa sòti nan pousyè, ni gwo twoub pa pouse soti nan tè;
7 Menm jan tensèl dife fèt pou vole, konsa tou, moun fèt pou soufri.
paske lòm fèt pou gwo twoub, tankou etensèl dife vole anlè.
8 Si m' te nan plas ou, Job, se Bondye m' ta rele. Mwen ta mete sitiyasyon an devan l'.
“Men pou mwen, mwen ta chache Bondye, pou m ta plede kòz mwen devan Bondye.
9 Se li menm ki fè yon bann bèl bagay nou pa ka fin konprann, yon dal mèvèy nou pa ka fin konte.
Bondye Ki konn fè gwo bagay ki depase konesans lan; mèvèy ki pa kab menm konte yo.
10 Li voye lapli sou latè, li wouze tout jaden.
Li bay lapli sou tè a, e voye dlo sou chan yo,
11 Moun ki t'ap mache tèt bese yo, se li menm ki fè yo leve tèt yo. Se li menm ki konsole moun ki te nan lapenn yo.
Jiskaske Li leve sila ki enb yo, e sila ki an dèy yo, li leve bay sekou.
12 Li gate mannigèt bakoulou yo. Li pa janm kite yo rive fè sa yo te mete nan tèt yo.
Li anile manèv a sila ki gen riz yo pou men yo pa reyisi.
13 Li pran moun entelijan yo nan pèlen yo te tann. Li pa kite mètdam yo reyalize plan yo te fè.
Li kaptire saj yo nan pwòp riz pa yo, e konsèy a moun k ap twonpe moun nan vin kontrekare byen vit.
14 Gwo lajounen y'ap bite tankou nan fènwa. Gwo midi, y'ap tatonnen tankou nan mitan lannwit.
Nan gwo lajounen, yo jwenn ak tenèb, e yo egare gwo midi tankou se te lannwit.
15 Men, Bondye sove pòv la anba dan yo. Li delivre malere anba ponyèt grannèg k'ap peze yo.
Men li sove yo de nepe a pwop bouch yo, e menm malere a chape nan men pwisan an.
16 Li bay pòv yo espwa. Li fèmen bouch mechan yo.
Akoz sa, sila ki san sekou a gen espwa, e inikite oblije pe bouch li.
17 Ala bon sa bon pou yon moun lè Bondye ap korije l'! Lè Bondye ki gen tout pouvwa a ap pini ou, pa pran sa an jwèt!
“Gade byen kijan nonm ke Bondye bay chatiman an gen kè kontan. Konsa, pa meprize disiplin Toupwisan an.
18 Lè li blese ou, se li menm ankò k'ap mete renmèd pou ou. Lè li frape ou, se li menm ankò k'ap geri ou.
Paske se Li menm ki blese, e se Li menm ki retire blesè a; Li fè donmaj la, e pwòp men L ki geri l.
19 Lapo delivre ou nan tout move pa. Ankenn malè p'ap tonbe sou ou.
Soti sis fwa, Li va delivre ou de twoub ou yo; Menm nan sèt fwa, mal la p ap kab touche ou.
20 Nan grangou, li p'ap kite ou mouri. Nan lagè, li p'ap kite yo touye ou.
Nan gwo grangou Li va delivre ou devan lanmò, e nan lagè, devan pouvwa nepe a.
21 L'a pwoteje ou anba kout lang. Ou p'ap bezwen pè lè w'a wè gwo malè ap pwoche.
Ou va pwoteje devan blese a lang lan, e ou p ap pè vyolans lan lè l vin parèt.
22 W'a pase ni malè ni grangou nan rizib. Ou p'ap pè bèt nan bwa.
Ou va ri devan vyolans ak grangou, e ou p ap pè bèt sovaj yo.
23 Jaden w'ap travay yo p'ap gen wòch ladan yo. Bèt nan bwa p'ap janm atake ou.
Paske ou va fè alyans ak wòch chan yo, e bèt sovaj yo va anpè avèk ou.
24 Lè sa a, w'a viv ak kè poze lakay ou. Lè w'a vizite pak zannimo ou yo, w'a kontan.
Ou va konnen ke tant ou an pwoteje, paske ou va vizite lakay ou san krent ni pèt.
25 W'a gen anpil pitit. Y'a pouse tankou plant nan jaden.
Anplis, ou va konnen ke desandan ou yo va anpil, e sila ki sòti nan ou yo anpil tankou zèb latè.
26 Menm jan se lè mayi fin mi yo kase l', konsa tou se lè ou fin vye granmoun, w'a mouri.
Ou va rive nan tonbo a ak tout fòs ou, tankou gwo sak ble nan sezon li.
27 Jòb monchè, nou te kalkile sou bagay sa yo anpil. Se konsa sa ye, tande. Pa fè tèt di. Asepte verite a.
Gade sa byen; nou te fè ankèt li, e se konsa li ye. Tande sa e konnen l pou kont ou.”