< Ezayi 43 >

1 Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, men sa Seyè a ap di nou koulye a, li menm ki te kreye nou an. Nou menm moun Izrayèl yo, men sa l'ap di nou, li menm ki te fè nou ak men l': -Nou pa bezwen pè anyen! M'ap toujou pwoteje nou. Se mwen menm ki te ban nou non nou pote a. Se pou mwen nou ye.
Men koulye a, konsa pale SENYÈ a, Kreyatè ou a, O Jacob, e Sila ki te fòme ou a, O Israël: “Pa pè, paske Mwen te rachte ou. Mwen te rele ou pa non ou. Se pa M ou ye!
2 Lè n'ap pase sou lanmè, m'ap kanpe la avèk nou. Lè n'ap janbe gwo dlo, dlo a p'ap bwote nou ale. Lè n'ap mache nan mitan dife, dife p'ap boule nou. Flanm dife a p'ap fè nou anyen.
Lè w ap pase nan gwo dlo yo, Mwen va la avèk ou; epi nan rivyè yo, yo p ap debòde sou ou. Lè w ap mache nan dife a, ou p ap brile, ni flanm nan p ap brile ou.
3 Paske mwen menm, mwen se Seyè a, Bondye nou an. Se Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Se mwen menm k'ap delivre nou! Pou m' te ka delivre nou mwen te bay peyi Lejip, peyi Letiopi ansanm ak peyi Seba a nan plas nou.
Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a, Sila Ki Sen en Israël la, Sovè ou a. Mwen te bay Égypte kon ranson ou Cush ak Saba nan plas ou.
4 M'ap bay tout moun lòt nasyon yo pou m' ka sove lavi nou, paske mwen konsidere nou anpil. Nou gen anpil valè pou mwen, mwen renmen nou anpil.
Akoz ou presye nan zye M, akoz ou gen gran valè e Mwen renmen ou, Mwen va bay lòt moun nan plas ou e lòt pèp an echanj pou lavi ou.
5 Nou pa bezwen pè anyen. Mwen la avèk nou. M'ap fè tout moun nou yo tounen lakay yo. M'ap sanble nou soti nan peyi sou bò solèy leve ak nan peyi sou bò solèy kouche.
Pa pè, paske Mwen avèk ou; Mwen va mennen desandan ou yo soti nan lès e ranmase ou nan lwès.
6 M'ap di moun ki rete sou bò nan nò yo: Kite yo ale! M'ap di moun ki rete sou bò nan sid yo: Kite yo tounen! Kite pitit gason m' yo tounen soti byen lwen. Kite pitit fi m' yo tounen soti toupatou sou latè.
Mwen va di a nò: ‘Lage yo!’ Epi a sid: ‘Pa anpeche yo!’ Mennen fis Mwen yo soti lwen e fi Mwen yo soti nan dènye pwent latè yo—
7 Se pèp mwen yo ye. Se mwen menm ki kreye yo pou yo ka sèvi yon lwanj pou mwen. Se mwen menm menm ki te fè yo. Se nan men mwen yo soti.
tout moun ki rele pa non Mwen e ke Mwen te kreye pou glwa Mwen, ke M te fòme, menm sa ke m te fè.”
8 Seyè a di ankò: -Fè pèp la konparèt devan m'. Se yon bann moun ki gen je men ki pa wè. Yo gen zòrèy men yo pa tande.
Mennen fè parèt pèp ki avèg la, malgre yo gen zye e soud la, malgre yo gen zòrèy.
9 Rele tout nasyon yo, fè yo tout reyini ansanm. Fè yo sanble nan tribinal la. Kilès nan bondye moun sa yo ki te di davans sa ki gen pou rive a? Kilès ki te fè nou konnen bagay k'ap rive koulye a? Fè bondye sa yo vini ak temwen ki pou kanpe pale pou yo. Lè y'a tande yo, y'a ba yo rezon!
Kite tout nasyon yo reyini ansanm e tout pèp yo rasanble. Kilès pami yo ki kapab deklare sa e pwoklame a nou menm bagay a tan ansyen yo? Kite yo prezante temwen pa yo pou yo ka jistifye, oswa kite yo tande e di: “Sa se vrè”.
10 Men pawòl Seyè a di: -Se nou menm menm ki pou sèvi m' temwen. Se nou menm mwen te chwazi pou sèvi m', pou nou konnen m', pou nou kapab mete konfyans nou nan mwen, pou nou ka konprann se mwen menm sèl ki Bondye tout bon an. Anvan mwen, pa t' gen lòt bondye. Apre mwen, p'ap gen lòt bondye.
“Nou se temwen Mwen,” deklare SENYÈ a, “Ak sèvitè ke M te chwazi; pou nou ka konnen, kwè nan Mwen e konprann ke Mwen se Li menm nan. Avan Mwen, pa t gen lòt Bondye ki te fòme e apre Mwen, p ap gen menm.
11 Se mwen menm sèl ki Granmèt la, Seyè a. Pa gen lòt ki ka delivre nou pase mwen menm!
Mwen menm, Mwen se SENYÈ a e nanpwen sovè apa de Mwen menm.
12 Se mwen menm ki te di nou davans sa ki gen pou rive. Se mwen menm ki delivre nou. Pa gen ankenn lòt bondye lòt nasyon yo ki janm fè sa pou nou. Nou menm, se temwen mwen nou ye. Se mwen ki Bondye. Se Seyè a menm ki di sa.
Se Mwen ki te deklare, sove, pwoklame e pat genyen dye etranje pami nou. Konsa, nou se temwen M”, deklare SENYÈ a: “Epi Mwen se Bondye.
13 M' pa janm chanje. Pesonn pa ka chape anba men mwen. Ki moun ki ka defèt sa mwen fè?
Menm depi nan letènite, Mwen se Li menm e pa genyen moun ki ka delivre fè sòti nan men M; Mwen aji e se kilès ki ka ranvèse l?”
14 Men sa Seyè k'ap delivre nou an di: Men sa Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa a di: -Pou m' ka sove nou, m'ap voye yon lame mache sou lavil Babilòn. M'ap fè yo tout kouri met deyò. Wi, moun Kalde yo pral desann soti sou batiman ki te tout lògèy yo a.
Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè nou an, Sila Ki Sen an Israël la; “Pou koz nou, Mwen voye kote Babylone e Mwen va mennen yo tout desann kote nou kon kaptif, menm Kaldeyen yo nan bato anndan sila yo rejwi yo.
15 Se mwen menm Seyè a, Bondye pa nou an, ki yon Bondye apa. Se mwen menm ki te kreye pèp Izrayèl la. Se mwen menm ki wa nou!
Mwen se SENYÈ a, Sila Ki Sen pa nou an, Kreyatè Israël la, Wa nou an.”
16 Nan tan lontan, se li menm, Seyè a, ki te louvri yon chemen nan mitan lanmè a pou nou. Li te fè yon wout nan mitan gwo dlo ki te fin debòde yo.
Konsa pale SENYÈ a, ki fè yon wout sou lanmè a, e yon chemen nan dlo pwisan yo,
17 Li te fè moun yo sanble yon gwo lame ak anpil zam, anpil cha lagè ak tout chwal yo. Li fè yo tonbe atè, yo pa janm ka leve ankò. Yo mouri tankou yon bouji lè ou soufle sou li.
Ki mennen fè parèt cha avèk cheval la, lame ak mesye pwisan a (Yo va kouche ansanm e yo p ap leve ankò; yo te etenn tankou yon fisèl bouji):
18 Men sa Seyè a di: Pa chita ap chonje tan lontan. Pa rete ap kalkile sa ki fin pase!
Pa kite ansyen bagay yo antre nan tèt nou, ni reflechi sou bagay ki fin pase.
19 Men m'ap fè yon lòt bagay pou nou. Li konmanse rive deja. Nou pa wè li? Mwen pral fè yon wout nan mitan dezè a. Mwen pral fè gwo dlo koule nan savann lan.
Gade byen, Mwen va fè yon bagay tounèf; koulye a, li va pete vin parèt. Èske nou p ap rekonèt li? Menm yon chemen nan dezè a Mwen va fè, ak rivyè yo nan dezè a.
20 Bèt nan bwa pral fè lwanj mwen. Chen mawon ak otrich pral fè fèt pou mwen. Paske m'ap mete dlo nan dezè a. M'ap fè gwo dlo koule nan savann lan pou pèp mwen chwazi pou rele m' pa m' lan ka jwenn dlo pou yo bwè.
Bèt nan chan yo va bay glwa a Mwen menm, chen mawon nan chan yo ak otrich yo, akoz Mwen te bay dlo nan savann nan e rivyè nan dezè a pou pèp chwazi Mwen an ka bwè.
21 Pèp mwen te fè pou mwen an va chante, l'a fè lwanj mwen.
Pèp ke M te fòme pou Mwen an va deklare lwanj Mwen.
22 Seyè a di: -Men se pa mwen menm nou te sèvi, nou menm fanmi Jakòb yo! Nou menm pèp Izrayèl la, nou te bouke avè m'.
Men ou pa t rele Mwen, O Jacob; men ou tevin fatige ak Mwen, O Israël.
23 Nou pa t' ofri mouton nou yo pou yo te boule pou mwen. Se pa t' pou fè lwanj mwen nou te touye bèt nou yo. Mwen pa t' fòse nou fè ofrann grenn jaden nou yo pou mwen. Mwen pa t' fatige nou pou lansan nou pa boule pou mwen.
Ou pa t mennen ban Mwen mouton a ofrann brile ou yo, ni ou pa t onore M ak ofrann brile ou yo, ni ou pa t onore M ak sakrifis ou yo. Mwen pa t mete gwo fado sou ou ak ofrann yo, ni fè ou fatige ak lansan.
24 Nou pa t' depanse lajan nou achte lansan pou mwen. Ni nou pa t' ofri m' grès bèt nou touye yo pou sa te fè m' plezi. Men, se nou menm ki kraze m' ak peche nou yo. Se nou menm ki fatige m' ak mechanste n'ap fè yo.
Ou pa t mennen ban M kann dous ak lajan, ni ou pa t plen M ak grès a sakrifis ou yo. Olye de sa, ou te chaje Mwen ak peche ou yo. Ou te fatige M ak inikite ou yo.
25 Se mwen menm ankò k'ap efase tou sa nou fè ki mal. Se paske se mwen kifè m'ap fè l'. Mwen p'ap kenbe nou nan kè poutèt peche nou yo.
Mwen menm, Mwen se Sila ki efase transgresyon ou yo, pou koz Mwen; e Mwen p ap sonje peche ou yo.
26 Ede m' chonje sa ki te pase. Ann konparèt ansanm nan tribinal la. Ou pral pale pou defann tèt ou, pou fè wè se ou ki gen rezon.
Mete M nan memwa ou. Annou diskite ka nou ansanm. Prezante ka ou pou ou ka jistifye ak eprèv ou.
27 Premye zansèt nou an te fè sa li pa t' dwe fè. Mesaje nou yo te vire do ban mwen.
Premye zansèt ou yo te peche, e enstriktè ou yo te trangrese kont Mwen.
28 Se poutèt sa mwen avili moun ki reskonsab kay yo mete apa pou mwen an. Se poutèt sa mwen lage fanmi Jakòb la pou yo detwi yo nèt. Mwen kite yo pase moun pèp Izrayèl yo nan betiz.
Pou sa, Mwen va deklare prens a sanktyè yo pa pwòp; Mwen va fè Jacob yon malediksyon, e Israël kon yon repwòch.

< Ezayi 43 >