< Ezayi 42 >

1 Seyè a di: -Men sèvitè m'ap soutni an! Men moun mwen chwazi a, moun ki fè m' plezi anpil la! Mwen mete lespri m' sou li. Li pral fè tout nasyon yo konnen sa ki rele jistis.
“Gade byen, men Sèvitè Mwen an, ke M ap soutni an; sila ke M chwazi a, ki fè nanm Mwen plezi a. Mwen te mete Lespri M sou Li. Li va mennen fè lajistis vin parèt devan nasyon yo.
2 Li pa nan rele, li pa nan pale fò. Li pa nan mache fè diskou nan tout lari.
Li p ap kriye menm, ni leve vwa l, ni fè vwa l tande nan lari.
3 Li p'ap kraze sa ki fèb yo. Li p'ap lage sa ki san sekou yo. Men, l'ap rann jistis jan sa dwe fèt.
Yon wozo ki brize, Li p ap kase, e yon fisèl bouji ki brile fèb, Li p ap etenn. Ak fidelite, Li va mennen lajistis e fè l vin parèt.
4 Li p'ap pèdi espwa, li p'ap pèdi kouraj, jouk l'a fin mete jistis toupatou sou latè, jouk moun ki nan zile yo va rete ap tann lòd l'ap bay yo.
Li p ap dekouraje oswa vin kraze jiskaske Li etabli lajistis sou tout latè, epi peyi kot yo va tann lalwa Li.”
5 Bondye sèl Mèt ki kreye syèl la epi ki louvri l' anwo tèt nou, li menm ki fòme tè a avèk tou sa k'ap viv sou li, li menm ki bay tout moun k'ap mache sou latè souf lavi, li pale, li di konsa:
Konsa pale Bondye SENYÈ a ki te kreye syèl yo e ki tann yo, ki te fè latè vin laj ak tout sa ki viv ladann, ki bay souf a tout pèp ki vivan sou li, e lespri lavi a tout moun ki mache ladann,
6 Se mwen menm, Seyè a, ki rele ou. Mwen ba ou pouvwa pou mete jistis kanpe sou latè. Mwen pran men ou. Mwen fòme ou, mwen mete ou pou pase yon kontra ak pèp la, pou m' bay tout nasyon yo limyè.
Mwen menm se SENYÈ a. Mwen te rele Ou nan ladwati. Anplis, Mwen va kenbe Ou nan men. Mwen va pran swen Ou. Mwen va chwazi Ou kon yon akò pou pèp la, kon yon limyè pou nasyon yo,
7 W'a louvri je avèg yo. W'a fè prizonye yo soti nan prizon. W'a libere sa ki nan kacho kote ki fè nwa a.
pou ouvri zye avèg yo, pou mennen prizonye yo sòti nan kacho a, e fè sila ki viv nan tenèb yo sòti nan prizon an.
8 Se mwen menm ki Seyè a, se konsa yo rele m'. Mwen p'ap bay yon lòt bondye pouvwa mwen an. Mwen p'ap kite yo bay zidòl yo lwanj ki pou mwen an.
“Mwen se SENYÈ a. Sa se non Mwen. Mwen p ap bay glwa Mwen a yon lòt, ni lwanj Mwen a imaj taye.
9 Gade! Tou sa mwen te di k'ap rive rive vre. Mwen pral di nou lòt bagay ki gen pou rive. Mwen pral fè nou konnen sa anvan menm sa rive.
Gade byen, ansyen bagay yo te fin akonpli; koulye a, Mwen deklare bagay nèf yo. Avan yo leve vin parèt, Mwen pwoklame yo a nou menm.”
10 Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Se pou tout moun toupatou sou latè fè lwanj li! Depi moun k'ap vwayaje sou lanmè ak tout bèt ki nan lanmè yo, jouk moun ki rete nan zile byen lwen yo.
Chante a SENYÈ a yon chan tounèf, lwanj Li jis rive nan dènye pwent latè! Nou menm ki desann nan lanmè a, ak tout sa ki ladann, nou menm lil yo ak sila ki viv sou yo.
11 Se pou dezè a ak tout lavil yo chante pou Seyè a! Se pou tout kote moun Keda yo rete a fè lwanj li! Se pou moun ki rete lavil Sela a rele byen fò sou tèt mòn yo tèlman yo kontan!
Kite dezè a ak vil li yo leve vwa yo; anplasman kote Kédar rete a. Kite sila ki rete nan Sela la chante anlè; kite yo chante ak kè kontan soti nan wotè mòn yo.
12 Se pou tout moun ki rete nan zile yo chante pou Seyè a, se pou yo fè lwanj li.
Kite yo bay glwa a SENYÈ a e deklare lwanj Li nan peyi kot yo.
13 Seyè a soti tankou yon vanyan gason! Li ranmase tout fòs li tankou yon nonm ki pral nan lagè. Li rele byen fò, li bay siyal pou lagè a! Tankou yon vanyan gason, l'ap kraze lènmi l' yo.
SENYÈ a va avanse tankou yon gèrye, li va chofe zèl Li tankou yon nonm lagè. Li va kriye fò, wi Li va leve yon kri lagè. Li va enpoze Li sou lènmi Li yo.
14 Bondye di: -Gen lontan depi m' fèmen bouch mwen! Mwen pa di anyen, mwen kenbe pou m' pa pale. Men koulye a, mwen tankou yon fanm ki gen tranche. M'ap rele, m'ap plenn, souf mwen ap koupe, mwen pa kapab ankò.
Mwen te rete an silans depi lontan sa. Mwen te rete kalm e te kontwole Mwen. Koulye a, tankou yon fanm k ap fè pitit, Mwen va plenyen. Mwen va rale gwo souf e respire fò.
15 Mwen pral ravaje tout mòn yo, gwo kou piti. Mwen pral fè tout plant yo ak tout pyebwa yo cheche. Mwen pral fè tè nan fon yo tounen sab lanmè pou bwè tout dlo larivyè yo. M'ap cheche lagon dlo yo.
Mwen va ravaje tout mòn yo ak kolin yo, e zèb ak raje yo va vin fennen nèt. Mwen va fè rivyè lafen lil yo, e seche letan.
16 M'ap fè avèg yo mache sou yon wout yo pa t' janm konnen anvan. M'ap pran men yo, m'ap mennen yo sou chemen yo pa t' janm konn fè anvan. M'ap fè kote ki fè nwa yo vin fè klè, kote ki gen anpil bit ak twou yo vin plat. Se tout bagay sa yo mwen pral fè rive. Wi, m'ap fè yo rive vre.
Mwen va mennen avèg yo pa yon chemen yo pa konnen, nan wout yo pa konnen, Mwen va gide yo. Mwen va fè tenèb la vin limyè devan yo e move kote yo va vin plat. Se bagay sa yo Mwen va fè e Mwen p ap kite yo pa fèt.
17 Tout moun ki mete konfyans yo nan zidòl, tout moun k'ap rele estati yo bondye, yo pral bese tèt yo atè, yo pral wont.
“Sila ki mete konfyans yo nan zidòl yo e ki di a imaj fonn yo: ‘Se nou menm ki dye pa nou’, va voye tounen pa dèyè e va vin wont nèt.
18 Seyè a di: -Nou menm moun soudè yo, koute! Nou menm moun avèg yo, gade byen!
“Tande, nou menm ki soud! Epi gade, nou menm ki avèg, pou nou ka wè.
19 Ki moun ki pi avèg, ki moun ki pi soudè pase sèvite m' lan, moun mwen delivre a? Ki moun ki pi soudè, ki moun ki pi avèg pase mesaje m'ap voye a, sèvitè Bondye a?
Se kilès ki avèg sof ke sèvitè Mwen an, oswa tèlman soud tankou mesaje ke Mwen voye a? Se kilès ki avèg tankou sila ki anpè avè M, oswa tèlman avèg tankou sèvitè a SENYÈ a?
20 Nou menm moun Izrayèl, nou te wè anpil bagay. Men, sa pa t' di nou anyen! Nou gen zòrèy pou nou tande, men nou pa t' tande anyen
Nou te wè anpil bagay, men nou pa swiv yo; zòrèy nou louvri, men nanpwen moun ki tande.
21 Seyè a se yon Bondye ki soti pou sove pèp Izrayèl la. Li ta vle pou tout pèp la respekte lòd li yo, pou yo tout fè lwanj li.
SENYÈ a te kontan pou koz ladwati Li; pou fè lalwa a gran e plen respe.
22 Men koulye a, yo fin piye pèp li a, yo pran tou sa yo te genyen. Yo fèmen yo tout nan kacho. Yo mete yo tout nan prizon. Yo vòlò tou sa yo te genyen san pesonn pa delivre yo. Yo piye yo nèt ale san pesonn pa di: Renmèt yo zafè yo!
Men pèp sa a se yon pèp depouye e piyaje. Yo tout kole nan kav yo oswa kache nan prizon yo. Yo devni viktim san okenn moun ki pou delivre yo; yon piyaj san okenn moun ki pou di: “Restore yo!”
23 Ki moun nan nou k'ap pare zòrèy li pou l' tande sa m'ap di la a? Ki moun nan nou k'ap fè atansyon pou l' toujou koute depi koulye a?
Se kilès pami nou k ap prete zòrèy a sa a? Kilès k ap okipe sa e kòmanse koute depi koulye a?
24 Ki moun ki te lage moun Jakòb yo nan men vòlò yo? Ki moun ki te lage moun Izrayèl yo nan men piyajè yo? Se te Seyè a menm ki te fè sa. Nou te fè peche kont li. Nou pa t' vle viv jan l' te mande nou viv la. Nou pa t' vle swiv lòd li.
Se kilès ki te livre Jacob pou l depouye e Israël a piyajè yo? Èske se pa t SENYÈ a, kont sila nou te peche a? Paske yo te refize mache nan chemen Li yo; ni yo pa t swiv lalwa Li.
25 Se konsa, li fè pèp la santi jan l' te move, li fè yo konnen soufrans lagè. Tankou dife, kòlè Bondye tonbe sou tout peyi a. Men yo yonn pa t' vle rekonèt sa. Kòlè Bondye boule peyi a nèt. Men, yo yonn pa t' pran sa pou anyen!
Pou sa, Li te vide sou li chalè kòlè Li ak fòs kouraj batay la. Sa te fè l pran flanm toupatou, men li pa t rekonèt sa a. Li t ap brile l, men li pa t okipe sa.”

< Ezayi 42 >