< Psalms 27 >

1 A psalm of David. The Lord is my light and my salvation! How could anyone scare me? The Lord is my life's fortress! How could anyone terrify me?
Se yon sòm David. Seyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m' pè? Se Seyè a k'ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m' tranble?
2 When evil people come at me to tear me apart, it's my enemies, those who are against me, they're the ones who trip and fall.
Lè mechan yo ap mache sou mwen, lè lènmi m' yo ap chache touye m', se yo menm k'ap bite, se yo menm k'ap tonbe.
3 Even if an army surrounds me, I won't be frightened. Even if I am attacked, I will still trust in God.
Menm si tout yon lame ta sènen m' toupatou, mwen p'ap pè anyen. Menm si yo ta vle fè m' lagè, m'ap toujou gen konfyans nan Bondye.
4 I only ask the Lord for one thing: I just want to live in the house of the Lord throughout my life, contemplating the Lord's goodness and thinking about his Temple.
Mwen mande Seyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m' ta pase tout lavi m' nan kay Seyè a, pou m' ka gade bèl bagay li yo byen, pou m' ka pran tan m' pou m' kalkile nan kay ki apa pou li a.
5 When troubles come he will protect me and keep me safe, hiding me in his house, as secure as if he'd placed me on a high rock.
Jou malè tonbe sou mwen, l'a pwoteje m' lakay li. L'a kache m' byen fon nan tanp li a. L'a leve m' mete yon kote pou anyen pa rive m'.
6 He will hold my head high over my enemies who are all around me. I shall offer sacrifices in his house with shouts of joy, and I will sing praises to the Lord.
Se konsa m'ap genyen batay la sou tout lènmi k'ap sènen m' yo. M'a bat tanbou, m'a ofri bèt pou touye bay Bondye nan tanp li a. M'a chante, m'a fè lwanj Seyè a.
7 Listen to me, Lord, when I call for help. Be gracious and answer me.
Seyè, tande m' non lè m'ap rele ou! Gen pitye pou mwen, reponn mwen non!
8 You told me, “Come to me.” I am coming to you, Lord.
Ou pale nan kè m', ou di m' vin jwenn ou. M'ap vin jwenn ou, Seyè.
9 Don't refuse to talk to me. Don't be angry with your servant and turn away. You are the one who helps me, so please don't reject me and abandon me, God of my salvation.
Pa vire do ban mwen. Pa fache, pa repouse moun k'ap sèvi ou la. Se ou ki tout sekou mwen. Pa kite m' pou kont mwen, pa lage m'.
10 Even if my father and my mother abandon me, the Lord will take care of me.
Papa m' ak manman m' te mèt lage m', Seyè a va ranmase mwen.
11 Lord, teach me your way and lead me along the right path, because my enemies are against me—
Seyè, moutre m' jan ou vle m' viv la. Fè m' mache nan chemen ki pa gen move pa a, paske mwen gen anpil lènmi k'ap veye m'.
12 don't hand me over to them and their evil intentions, for they are making false accusations against me and threatening me with violence.
Pa lage m' nan men lènmi m' yo. Yo soti pou yo touye m'. Se yon bann moun k'ap bay manti.
13 However, I'm absolutely sure that I will see the Lord's goodness even in this life.
Mwen menm, mwen sèten m'a viv pou m' wè jan Bondye sèvi byen ak pèp li a.
14 Trust in the Lord! Be confident—he will give you courage! Trust in the Lord!
Mete espwa ou nan Seyè a! Gen konfyans, pa dekouraje! Wi, mete espwa ou nan Seyè a!

< Psalms 27 >