< 詩篇 66 >
Pou direktè koral la; yon chan, yon Sòm Rele fò ak lajwa a Bondye, tout latè a!
2 歌頌他名的榮耀! 用讚美的言語將他的榮耀發明!
Chante glwa a non Li! Ranpli lwanj Li ak laglwa!
3 當對上帝說:你的作為何等可畏! 因你的大能,仇敵要投降你。
Di Bondye: “Zèv Ou yo mèvèye”! Akoz grandè a pwisans Ou, menm, lènmi Ou yo va soumèt a Ou.
4 全地要敬拜你,歌頌你, 要歌頌你的名。 (細拉)
Tout latè va fè adorasyon a Ou menm. Li va chante lwanj Ou. Tout va chante lwanj a non Ou; Tan
5 你們來看上帝所行的, 他向世人所做之事是可畏的。
Vini pou wè zèv Bondye yo. Zèv etonnan anvè fis a lòm yo.
6 他將海變成乾地,眾民步行過河; 我們在那裏因他歡喜。
Li te chanje lanmè a an tè sèch. Yo te pase travèse rivyè apye. La menm, nou te rejwi nan Li!
7 他用權能治理萬民,直到永遠。 他的眼睛鑒察列邦; 悖逆的人不可自高。 (細拉)
Li renye ak pwisans pou tout tan. Zye Li veye sou nasyon yo. Pa kite rebèl yo egzalte kont Li.
8 萬民哪,你們當稱頌我們的上帝, 使人得聽讚美他的聲音。
Beni Bondye nou an, O pèp yo! Fè lwanj Li sone,
ki kenbe nou pami vivan yo, e ki pa kite pye nou glise.
10 上帝啊,你曾試驗我們, 熬煉我們,如熬煉銀子一樣。
Paske Ou te fè nou pase a leprèv, O Bondye. Ou te rafine nou tankou ajan konn rafine.
Ou te rale nou antre nan filè a. Ou te mete yon fado lou sou ren nou.
12 你使人坐車軋我們的頭; 我們經過水火, 你卻使我們到豐富之地。
Ou te fè moun monte sou tèt nou. Nou te pase nan dife ak nan dlo, men Ou te fè nou sòti antre yon kote avèk anpil abondans.
Mwen va vini lakay Ou avèk Ofrann brile. Mwen va peye Ou ve mwen yo,
ki te sòti nan lèv mwen, ke bouch mwen te pale lè m te nan gwo twoub yo.
15 我要把肥牛作燔祭, 將公羊的香祭獻給你, 又把公牛和山羊獻上。 (細拉)
Mwen va ofri a Ou menm yon ofrann brile nan grès a bèt gra yo, avèk lafimen a belye yo. Mwen va fè ofrann a towo yo avèk mal kabrit yo.
16 凡敬畏上帝的人,你們都來聽! 我要述說他為我所行的事。
Vin tande, nou tout ki gen lakrent Bondye e mwen va pale ou tout sa Li te fè pou nanm mwen.
Mwen te kriye a Li menm avèk bouch mwen. Ak lang mwen, mwen te leve Li wo.
Si mwen gade inikite nan kè m, Senyè a p ap koute mwen.
19 但上帝實在聽見了; 他側耳聽了我禱告的聲音。
Men anverite, Bondye te tande. Li te teni kont de vwa a priyè mwen.
20 上帝是應當稱頌的! 他並沒有推卻我的禱告, 也沒有叫他的慈愛離開我。
Beni se Bondye, ki pa t refize koute lapriyè mwen, ni ki pa t kache lanmou dous Li a sou mwen.