< 詩篇 107 >

1 你們要稱謝耶和華,因他本為善; 他的慈愛永遠長存!
O bay remèsiman a Bondye, paske Li Bon, paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan.
2 願耶和華的贖民說這話, 就是他從敵人手中所救贖的,
Kite rachte a SENYÈ yo pale: “Se sa!” (Sila) ke Li fin rachte soti nan men advèsè a,
3 從各地,從東從西, 從南從北,所招聚來的。
e te ranmase soti nan peyi yo, soti nan lès e soti nan lwès, soti nan nò e soti nan sid.
4 他們在曠野荒地漂流, 尋不見可住的城邑,
Yo te mache egare nan dezè yo. Yo pa t jwenn yon vil pou yo ta rete.
5 又飢又渴, 心裏發昏。
Yo te grangou ak swaf. Nanm yo te fennen anndan yo.
6 於是,他們在苦難中哀求耶和華; 他從他們的禍患中搭救他們,
Yo te kriye fò a SENYÈ a nan gran twoub yo, Konsa, Li te delivre yo sòti nan twoub yo.
7 又領他們行走直路, 使他們往可居住的城邑。
Anplis, Li te mennen yo pa yon chemen dwat, pou rive nan yon vil ki deja etabli ak moun ladann.
8 但願人因耶和華的慈愛 和他向人所行的奇事都稱讚他;
Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou lanmou dous Li a, pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!
9 因他使心裏渴慕的人得以知足, 使心裏飢餓的人得飽美物。
Paske Li te satisfè nanm swaf la, e nanm grangou a, Li te ranpli li ak sa ki bon.
10 那些坐在黑暗中、死蔭裏的人 被困苦和鐵鍊捆鎖,
Te gen (sila) ki te viv nan tenèb yo ak nan lonbraj lanmò yo, Prizonye yo nan mizè ak chenn yo,
11 是因他們違背上帝的話語, 藐視至高者的旨意。
akoz yo te fè rebèl kont pawòl Bondye a, e te meprize konsèy a Pi Wo a.
12 所以,他用勞苦治服他們的心; 他們仆倒,無人扶助。
Akoz sa, Li te imilye kè yo ak travay fòse. Yo te chape tonbe e pa t gen moun ki pou bay yo sekou.
13 於是,他們在苦難中哀求耶和華; 他從他們的禍患中拯救他們。
Epi nan gwo pwoblèm yo, yo te rele fò a SENYÈ a. Li te delivre yo sòti nan gwo twoub yo.
14 他從黑暗中和死蔭裏領他們出來, 折斷他們的綁索。
Li te mennen yo sòti nan tenèb la, nan lonbraj lanmò a, e te kase chire kòd li yo.
15 但願人因耶和華的慈愛 和他向人所行的奇事都稱讚他;
Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou Lanmou dous Li a ak pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!
16 因為他打破了銅門, 砍斷了鐵閂。
Paske Li te kraze pòtay an bwonz yo, e te koupe ba fè yo.
17 愚妄人因自己的過犯 和自己的罪孽便受苦楚。
Yo te vin fou nèt nan rebelyon yo e akoz inikite yo, yo te aflije.
18 他們心裏厭惡各樣的食物, 就臨近死門。
Nanm yo te rayi tout kalite manje e yo te rive toupre pòtay lanmò yo.
19 於是,他們在苦難中哀求耶和華; 他從他們的禍患中拯救他們。
Konsa yo te kriye fò a SENYÈ a nan gran mizè yo, e Li te sove yo sòti nan gwo pwoblèm yo.
20 他發命醫治他們, 救他們脫離死亡。
Li te voye pawòl Li pou te geri yo, pou te delivre yo sòti nan destriksyon yo.
21 但願人因耶和華的慈愛 和他向人所行的奇事都稱讚他。
Kite yo bay remèsiman pou Lanmou dous Li a, ak mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!
22 願他們以感謝為祭獻給他, 歡呼述說他的作為!
Anplis, kite yo ofri sakrifis a remèsiman yo e pale sou afè zèv Li yo ak chan lajwa.
23 在海上坐船, 在大水中經理事務的,
(Sila) ki desann bò kote lanmè nan bato yo, ki fè komès sou gwo dlo yo,
24 他們看見耶和華的作為, 並他在深水中的奇事。
yo te konn wè zèv SENYÈ yo, avèk mèvèy Li yo nan gran fon an.
25 因他一吩咐,狂風就起來, 海中的波浪也揚起。
Paske Li te pale e fè leve yon gwo van tanpèt, ki te fè leve gwo vag lanmè yo.
26 他們上到天空,下到海底; 他們的心因患難便消化。
Yo te leve jis rive nan syèl yo e te desann jis rive nan fon yo. Nanm yo te fann avèk mizè.
27 他們搖搖晃晃,東倒西歪,好像醉酒的人; 他們的智慧無法可施。
Yo te gaye, bite tankou moun sou. Yo te fin about nèt.
28 於是,他們在苦難中哀求耶和華, 他從他們的禍患中領出他們來。
Yo te kriye a Bondye nan mizè yo, e Li te mennen yo sòti nan twoub yo.
29 他使狂風止息, 波浪就平靜。
Li te fè tanpèt la vin kalm, jiskaske vag lanmè yo te vin kalm.
30 風息浪靜,他們便歡喜; 他就引他們到所願去的海口。
Konsa, yo te kontan akoz yo te kalme, e Li te gide yo pou rive nan pò ke yo te pito a.
31 但願人因耶和華的慈愛 和他向人所行的奇事都稱讚他。
Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou lanmou dous Li a, pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!
32 願他們在民的會中尊崇他, 在長老的位上讚美他!
Kite yo leve L wo, anplis, nan asanble a pèp la, e beni Li nan asanble ansyen yo.
33 他使江河變為曠野, 叫水泉變為乾渴之地,
Li chanje rivyè yo vin tounen dezè, e sous dlo yo an tè deseche.
34 使肥地變為鹼地; 這都因其間居民的罪惡。
Yon tè fètil vin tounen savann tè sale, akoz mechanste a (sila) ki rete ladann yo.
35 他使曠野變為水潭, 叫旱地變為水泉。
Li chanje dezè a vin tounen gwo sous dlo, e tè deseche a an sous k ap koule.
36 他使飢餓的人住在那裏, 好建造可住的城邑,
Epi la, li fè moun grangou yo vin rete, pou yo vin etabli yon vil ki plen moun,
37 又種田地,栽葡萄園, 得享所出的土產。
pou yo ka plante chan yo, plante chan rezen yo, e ranmase yon gwo rekòlt.
38 他又賜福給他們,叫他們生養眾多, 也不叫他們的牲畜減少。
Anplis, Li beni yo! Yo miltipliye anpil, e li pa kite bèt chan pa yo bese.
39 他們又因暴虐、患難、愁苦, 就減少且卑下。
Lè yo vin febli, koube nèt, akoz opresyon avèk mizè ak tristès,
40 他使君王蒙羞被辱, 使他們在荒廢無路之地漂流。
Li vide wont sou prens yo e fè yo vin mache egare nan yon savann ki san chemen.
41 他卻將窮乏人安置在高處,脫離苦難, 使他的家屬多如羊群。
Men Li fè malere a chita wo ansekirite, byen lwen tout afliksyon, e fè fanmi li yo byen pwoteje kon yon twoupo.
42 正直人看見就歡喜; 罪孽之輩必塞口無言。
Moun dwat yo wè l e yo kontan. Men tout mechan yo fèmen bouch yo.
43 凡有智慧的,必在這些事上留心, 也必思想耶和華的慈愛。
Se kilès ki saj? Kite li bay atansyon a bagay sa yo e konsidere lanmou dous SENYÈ a.

< 詩篇 107 >