< 詩篇 46 >

1 科辣黑後裔的詩歌,交與樂官,女聲高音。 天主是我們的救助和力量,天主是患難中最易尋到的保障。
Yon Sòm a fis a Koré yo, selon Alamot; Yon chanson Bondye se pwotèj nou ak fòs nou, yon sekou ki toujou la nan tan twoub la.
2 因此,縱使地動山崩,墮入海心,我們也決不會疑懼橫生;
Pou sa, nou p ap pè anyen, malgre latè ta chanje e malgre mòn yo ta chape antre nan fon lanmè.
3 海濤儘管洶湧翻騰,山岳儘管因浪震動:我們同在的是萬軍的天主,雅各伯的天主是我們的保護。
Malgre dlo li yo ta fè laraj e kimen, malgre mòn yo souke nan anfle ak ògèy yo. Tan
4 河流要使天主的城邑歡樂,即至高者所住的至聖居所,
Genyen yon rivyè ak flèv li yo ki fè kè vil Bondye a kontan; lye sen a kote Pi Wo a demere a.
5 天主定居其中,此城決不動搖;清晨曙光一現,天主即加扶牢。
Bondye nan mitan li. Li p ap deplase menm. Bondye va ede li vin parèt nan maten.
6 異民儘管擾亂,萬邦儘管騷動,天主一發鳴聲,大地即刻消溶。
Nasyon yo te fè gwo boulvèsman. Wayòm yo te souke. Li te leve vwa l e latè te fonn.
7 與我們同在的是萬軍的上主,雅各伯的天主是我們的保護。
SENYÈ dèzame yo avèk nou. Bondye Jacob la se sitadèl nou.
8 請你們前來觀看上主的作為,看祂在地上所行的驚人事蹟:
Vini, gade byen zèv a SENYÈ yo ki gwo dega Li fè nan tout latè.
9 祂消滅戰爭直達地極,祂斷弓毀矛,燒甲焚盔。
Li fè lagè yo sispann jis rive nan ekstremite latè. Li kase banza a, e koupe lans lan an de bout. Li brile cha yo avèk dife.
10 你們要停手!應承認我是天主,是萬民的至尊,是大地的上主。
“Kanpe la e konnen ke se Mwen menm ki Bondye. Mwen va leve wo pami nasyon yo. Mwen va leve wo sou tè a.”
11 與我們同在的,是萬軍的上主,雅各伯的天主是我們的保護。
SENYÈ dèzame yo avèk nou. Bondye Jacob la se sitadèl nou. Tan

< 詩篇 46 >