< 馬可福音 7 >

1 法利賽和一些從耶路撒冷來的經師,聚集到耶穌跟前。
Farizyen yo avèk kèk nan skrib yo te antoure Jésus lè yo te sòti Jérusalem.
2 他們曾看見他的幾個門徒用不潔的手,就是用沒有洗過的手吃飯──
Lè yo te wè ke kèk nan disip Li yo t ap manje pen avèk men enpi, sa vle di, san lave,
3 原來,法利賽人和所有的猶太人都拘守先人的傳授:若不仔細洗手,就不吃飯;
(pwiske Farizyen yo avèk tout Jwif yo pa manje sof ke yo lave men yo kòrèk, pou obsève tradisyon a ansyen yo.
4 從街市上回來,若不先沐浴,也不吃飯;還有其他許多按傳統應拘守的事:如洗杯,洗壼,洗銅器等──
Lè yo sòti nan mache, yo pa manje sof ke yo gen tan benyen. Anplis yo gen anpil lòt bagay ke yo konn resevwa kon prensip, tankou lavaj a tas, avèk krich, ak po kwiv yo.)
5 法利賽人和經師們就問耶穌說:「你的門徒為什麼不遵守先人的傳授,而用不潔的手吃飯﹖」
Pou sa, Farizyen yo ak skrib yo te mande L: “Poukisa disip ou yo pa mache selon tradisyon ansyen yo, men manje pen avèk men ki pa lave?”
6 耶穌對他們說:「依撒意亞論你們這些假善人預言得真好,正如所記載的:『這民族用嘴唇尊敬我,他們的心卻遠離我。
Li te reponn yo: “Byen jis Ésaïe te fè pwofesi sou nou kom ipokrit, lè li te ekri: ‘Pèp sa bay Mwen lonè avèk lèv yo, men kè yo lwen Mwen.
7 他們恭敬我,也是虛假的,因為他們所講授的教義,是人的規律。』
Men anven yo adore Mwen lè y ap enstwi kòm doktrin, prensip a lòm.’
8 你們離棄天主的誡命,而祇拘守人的傳授。」
“Nou neglije kòmandman a Bondye yo, pou kenbe tradisyon a lòm yo—kon lavaj krich yo ak anpil lòt bagay”
9 又向他們說:「真好啊! 你們為拘守你們的傳授,竟廢除了天主的誡命。
Li t ap di yo anplis: “Ak konesans nou mete kòmandman Bondye a akote, pou kenbe tradisyon pa nou yo.
10 梅瑟原說過:『你該孝敬你的父親及你的母親; 』又說:『咒罵了父親或母親的,應處以死刑。』
Paske Moïse te di: ‘Onore papa ou avèk manman ou’; epi ‘sila ki pale mal a papa li oswa manman li, fòk li mete a lanmò.’
11 你們卻說:人若對父親或母親說:所能供養你的,己成了「科爾班」,即「獻儀」,
“Men nou di: ‘Si yon nonm di a papa l, ni a manman l, nenpòt sa ke m genyen se Kòba’” (sa vle di, “bay a Bondye”),
12 那麼就允許那人不必再為父母做什麼了:
“Nou pa pèmèt moun nan fè anyen ankò ni pou papa l, ni pou manman l.
13 這樣你們便為了你們所傳授的遺教,廢棄了天主的話;並你們且還行了許多其他諸如此類的事。」
Konsa nou fè pawòl Bondye a vin nil ak tradisyon ke nou transmèt a youn lòt. Nou fè anpil bagay konsa.”
14 耶穌又叫過群眾來,對他們說:「你們都要聽我,且要明白!
Li te rele foul la kote Li ankò. Li te di yo: “Koute Mwen, nou tout, e konprann:
15 不是從人外面進入他內的,能污穢人,而是從人裏面出來的,才污穢人。
Nanpwen anyen deyò yon nonm k ap fè l sal, men se bagay ki sòti pa anndan yon nonm ki fè l sal.
16 凡有耳聽的,聽罷!」
Si yon moun gen zòrèy, kite li tande.”
17 耶穌離開群眾,回到家裏,他的門徒便問他這比喻的意義。
Lè Li te kite foul la, Li te antre nan kay la. Disip Li yo te kesyone L sou parabòl sila a.
18 耶穌就給他們說:「怎麼,連你們也不明白嗎﹖你們不曉得:凡從外面進入人內的,不能使人污穢,
Epi Li te di yo: “Èske nou si tèlman manke konprann tou? Èske nou pa konprann ke sa ki sòti deyò yon nonm pou antre ladann pa kapab souye l,
19 因為進不到他的心,但到他的肚腹內,再排洩到廁所裏去嗎﹖」──他這是說一切食物是潔淨的。
paske sa pa antre nan kè l, men nan vant li epi li vin elimine?” (Konsa Li te deklare ke tout kalite manje pwòp.)
20 耶穌又說:「凡從人裏面出來的,那才使人污穢,
Li te di: “Sa ki sòti nan yon moun, se sa ki souye l.
21 因為從裏面,從人心裏出來的是些惡念、邪淫、盜竊、兇殺、
Paske pa anndan, sòti nan kè lòm tout move panse, fònikasyon, vòl, touye moun, adiltè,
22 姦淫、貪吝、毒辣、詭詐、放蕩、嫉妒、毀謗、驕傲、愚妄:
zak lanvi sa ki pou lòt, mechanste, desepsyon, sansyalite, jalouzi, kout lang, ògèy, ak tout kalite foli.
23 這一切惡事,都是從內裏出來的,並且使人污穢。」
Tout mal sa yo sòti pa anndan, epi souye yon nonm.”
24 耶穌從那裏起身,往提洛和漆冬境內去了。他進了一家,不願任何人知道,但是不能隱藏。
Jésus te leve e te pati pou rejyon Tyr la. Lè Li te antre nan yon kay, Li pa t vle pèsòn konnen sa, men Li pa t kab evite atire atansyon.
25 當下就有一個婦人,她的女兒附了邪魔,一聽說耶穌,就來跪伏在他腳前。
Men lè yon fanm ak yon tifi ki te gen yon move lespri te tande de Jésus, li te vin kote L nan menm moman an, e te tonbe nan pye Li.
26 這婦人是個外邦人,生於敘利腓尼基;她懇求耶穌把魔鬼從她女兒身上趕出去。
Alò, fanm sila a te yon moun etranje nan ras Siwofonisyèn. E li te kontinye mande L pou chase move lespri a sou pitit li a.
27 耶穌向她說:「應先讓兒女們吃飽了,因為拿兒女的餅扔給小狗是不對的。」
Jésus te di li: “Kite zanfan yo satisfè avan, paske li pa bon pou pran pen timoun yo pou jete l bay chen.”
28 那婦人卻回答說:「主! 是啊! 可是小狗在桌下也可吃孩子們的碎屑呢! 」
Men fanm nan te reponn Li: “Wi Mèt, men menm ti chen anba tab yo manje ti moso ke timoun yo lese tonbe yo.”
29 耶穌對她說:「為了這句話,你去罷! 魔鬼已從你女兒身上出去了。」
Konsa Li te di li: “Akoz repons sa a, al fè wout ou; move lespri a gen tan kite fi ou a.”
30 她一回到自己的家裏,看見孩子躺在床上,魔鬼已出去了。
E lè fanm nan te retounen lakay li, li te twouve tifi a byen kouche sou kabann nan, e move lespri a te gen tan kite li.
31 耶穌又從提洛境內出來,經過漆冬,向著加里肋亞海,到了十城區中心地帶。
Ankò Li te kite rejyon Tyr la, e te pase pa Sidon jiska lanmè Galilée a, nan rejyon Decapolis.
32 有人給他帶來一個又聾又啞的人,求他給他覆手。
Yo te mennen bay Li yon moun ki te soud, ki te pale avèk anpil difikilte, e yo te sipliye L pou mete men Li sou li.
33 耶穌便領他離開群眾,來到一邊,把手指放進他的耳朵裏,並用唾沫,抹他的舌頭,
Jésus te mennen l apa gran foul la, e te mete dwat Li anndan zòrèy moun nan. Li te krache, e te touche lang li avèk krache a.
34 然後望天嘆息,向他說:「厄法達」就是說:「開口罷! 」
Pandan Li gade vè syèl la, Li te soupire byen fò, e te di li: “Ifafata!” Sa vle di “Ouvri!”
35 他的耳朵就立時開了, 舌結也解了,說話也清楚了。
Konsa zòrèy li te louvri. Lang lou a te disparèt, e li te vin pale kon nòmal.
36 耶穌遂囑咐他們不要告訴任何人;但他越囑咐他們,他們便越發宣傳;
Li te bay yo lòd pou yo pa pale avèk pèsòn; men plis Li te bay lòd, plis yo te kontinye gaye nouvèl la toupatou.
37 人都不勝驚奇說:「他所做的一切都好:使聾子聽見叫啞吧說話。」
Yo te vin etone nèt. Yo t ap di: “Li fè tout bagay byen. Li fè menm soud yo tande, e bèbè yo pale”.

< 馬可福音 7 >