< 哥林多後書 3 >

1 我們豈又開始舉薦我們自己嗎﹖或是,難道我們也應像某些人一般,需要遞上薦書,或由你們寫薦書嗎﹖
Èske n ap kòmanse bay pwòp tèt nou lwanj ankò? Oswa èske nou menm bezwen, tankou kèk lòt moun, lèt rekòmandasyon pou nou menm, oswa petèt ki sòti de nou menm?
2 你們就是我們的薦書,是寫在我們心上,為眾人所共知共讀的,
Nou menm nan legliz Korent se lèt nou, ki ekri nan kè nou, ki rekonèt e ki li pa tout moun.
3 因為明顯地,你們就是我們供職所寫的基督的書信:不是用墨水寫的,而是以生活的天主聖神;不是寫在石版上,而是在血肉的心版上。
Li parèt klè ke nou se yon lèt ki sòti nan Kris la, ki pran swen pa nou menm, ki pa t ekri avèk lank, men avèk Lespri Bondye vivan an, pa sou tablèt wòch, men sou tablèt kè lòm.
4 我們藉著基督在天主前才敢這樣自信,
Yon konfyans konsa ke nou genyen atravè Kris la vè Bondye.
5 但這並不是說:我們憑自己能夠承擔什麼事,好似出於自己一般;而是說:我們夠資格,是出於天主,
Se pa ke nou ase fò nan nou menm pou konsidere ke tout bagay kapab sòti nan nou menm, men fòs nou an soti nan Bondye.
6 並且是衪使我們能夠做新約的僕役:這約並不是在於文字,而是在於神,因為文字人死,神卻叫人活。
Ki te osi fè nou ase fò tankou sèvitè a yon akò tounèf, pa selon lèt la, men selon Lespri a. Paske lèt la touye, men Lespri a bay lavi.
7 如果那以文字刻在石頭上而屬死的職務,尚且過光榮──甚至以色列子民為了梅瑟面貌上易於消逝的光榮,不能注視衪的面貌──
Men si zèv lanmò a, ak lèt la byen grave sou wòch te vini avèk glwa, jis pou fis Israël yo pa t kapab fikse atansyon yo sou figi Moïse akoz de glwa a figi li, malgre briyans lan te kòmanse ap bese,
8 那麼,屬神的職務,豈不更該有光榮嗎﹖
kòman zèv Lespri a p ap vin pi fò avèk laglwa a?
9 如果先前定罪的職務有過光榮,那麼,成義的職務更該多麼充滿光榮!
Paske si zèv kondanasyon an gen glwa, konbyen anplis zèv ladwati a p ap ranpli avèk glwa?
10 真實,那先前有過光榮的,因了這更超越的光榮,已算不得光榮了,
Paske anverite, sa ki te gen glwa a, nan ka sa a pa gen glwa, akoz glwa ki depase l la.
11 因為那易於消逝的曾一度有過光榮,那麼,那常存的更該多麼有光榮!
Paske si sa ki disparèt la te avèk glwa, bokou plis sa ki rete a gen glwa.
12 所以,我們既懷有這種希望,所以坦白行事,
Konsa, akoz ke nou gen yon espwa parèy a sa a, nou sèvi ak gran kouraj nan pawòl nou yo.
13 不像梅瑟一般,將帕子蒙在臉上,免得以色列子民看到那易於消逝的光榮終結;
Se pa tankou Moïse ki te konn mete yon vwal sou figi l pou fis Israël yo pa t kab gade avèk atansyon sou fen sa ki t ap disparèt la.
14 但是他們的心陷於遲純,因為直到今天,在讀舊約時,同漾的帕子仍然存在,沒有揭去,因為只有在基督內才能除去;
Men tèt yo te vin di; paske jis rive nan jou sa a, nan lekti ansyen akò a, menm vwal la rete toujou san leve, paske se jis nan Kris li vin leve.
15 而且直到今天,幾時讀梅瑟時,還有帕子蓋在他們的心上;
Men jis rive nan jou sa a, lè ekriti Moïse la vin li, yon vwal kouvri kè yo.
16 他們幾時轉向主,帕子就會除掉。
Men nenpòt lè yon moun vire vè Senyè a, vwal la vin sòti.
17 主就是那神;主的神在那裏,那裏就有自由。
Alò, Senyè a se Lespri a; e kote Lespri Senyè a ye, gen libète.
18 我們眾人以揭開的臉面反映主的光榮的,漸漸地光榮另上加光榮,都變成了與主同樣的肖像,正如由主,即神在我們內所完成的。
Men nou tout, avèk figi devwale k ap gade tankou nan yon miwa laglwa Senyè a k ap transfòme nan menm imaj a glwa sa a, jis rive nan glwa ki sòti nan Senyè a, ki se Lespri a.

< 哥林多後書 3 >