< 撒母耳記上 28 >

1 那時培肋舍特人調集軍隊要進攻以色列人,阿基士對達味說:「你該知道你和你的人應協助我作戰」。
Alò, li te vin rive nan jou sa yo ke Filisten yo te rasanble kan lame pa yo pou fè lagè, pou goumen kont Israël. Epi Akisch te di a David: “Konnen byensi ke ou va sòti avè m nan kan an, ou menm avèk mesye pa ou yo.”
2 達味回答阿基士說:「好! 你就要知道你的僕人要作什麼」。阿基士對達味說:「那麼,我就立你常作我的護衛」。
David te di a Akisch: “Se bon, ou va vin konprann sa ke sèvitè ou kapab fè.” Akisch te reponn a David: “Se bon, mwen va fè ou gad pèsonèl mwen pou tout lavi ou.”
3 那時撒慕已死,全以色列人舉喪哀悼他.把他葬在他的故鄉辣瑪。撒烏耳也早已將招魂的和行巫術的人驅逐出境。
Nan lè sa a Samuel te fin mouri, tout Israël te deja kriye pou li e te antere l Ramah, pwòp vil pa li. Epi Saül te fin retire nan peyi a tout kalite moun sila ki te konn rele mò yo ak divinò yo.
4 培肋舍特人調齊以後,來到叔能紮營。
Konsa, Filisten yo te rasanble ansanm e te vin fè kan nan Sunem. Epi Saül te rasanble tout Israël ansanm pou yo te fè kan nan Guilboa.
5 撒烏耳看見培肋舍特人的軍營就害怕起來,心中非常恐慌,
Lè Saül te wè kan Filisten yo, li te pè e kè li te tranble anpil.
6 遂去求問上主,但上主沒有藉夢境,也沒有藉「烏陵」,也沒有藉先知答覆他。
Lè Saül te fè demann SENYÈ a, SENYÈ a pa t reponn li, ni nan rèv, ni avèk Orim, ni pa pwofèt yo.
7 撒烏耳便對臣僕說:「你們給我找個召魂的女巫,我頊到她那裏去求問」。他的臣僕回答他說:「現今在恩多爾有個招魂的女巫」。
Alò, Saül te pale sèvitè li yo: “Chache pou mwen yon fanm ki konn pale ak mò, pou m kab ale kote li pou mande li kèk bagay.” Sèvitè li yo te di li: “Gade byen, gen yon fanm ki konn pale ak mò nan En-Dor.”
8 撒烏耳就改裝易服,帶了兩個人作伴,夜間來見那女人,對她說:「求妳用招魂的法術給我占卜,將向妳指出的人給我招上來」。
Alò, Saül te kache idantite li avèk lòt rad e te desann, li menm avèk de lòt mesye avèk li. Yo te vin kote fanm nan pandan nwit lan. Li te di: “Evoke fè monte pou mwen lespri la, souple, e mennen monte non moun sila ke m va nonmen pou ou a.”
9 那女人回答說:「啊! 你知道撒慕爾作了什麼,他已經將國內招魂和行巫術的人剷除,為什麼你來陷陷阱害我的性命,叫我死呢﹖。
Men fanm nan te di li: “Gade byen, ou konnen sa ke Saül te fè a, jan li te retire sila ki evoke mò avèk divinò nan peyi a. Alò poukisa w ap mete yon pèlen pou lavi mwen pou ou kab fè m mouri?”
10 撒烏耳就指著上主對她發誓說:「上主永在! 為這事妳決不會受害」。
Saul te fè ve a li ke: “Jan SENYÈ a viv la, p ap gen pinisyon k ap rive ou pou afè sila a.”
11 那女人問說:「要我給你招誰上來﹖」他答說:「妳給我招撒烏耳上來」。
Alò, fanm nan te di: “Se kilès ke m ap fè monte pou ou a?” Epi li te di: “Mennen monte Samuel pou mwen.”
12 那女人一看見撒慕爾就大喊一聲,對撒烏耳說:「你為什麼哄騙我﹖你就是撒烏耳! 」
Lè fanm nan te wè Samuel, li te kriye fò avèk yon gwo vwa; epi fanm nan te pale avèk Saül e te di: “Poukisa ou te twonpe mwen? Paske se Saül ke ou ye.”
13 王對她說:「不要怕! 妳究竟看見了什麼﹖」那女人回答撒烏耳說:「我看見神由地中上來」。
Wa a te di li: “Pa pè; men se kisa ou wè?” Epi fanm nan te di Saül: “Mwen wè yon èt diven k ap monte sòti sou latè.”
14 撒烏耳問說:「什麼形狀﹖」她答說:「上來了一位老人,身披外氅」。撒烏耳便知道這是撒慕爾,遂俯首至地下拜。
Li te di li: “Se ak kilès ke li sanble?” Epi li te di: “Yon granmoun k ap monte e li vlope nan yon manto.” Epi Saül te konnen ke se te Samuel. Li te bese avèk figi li atè pou te rann omaj.
15 撒慕爾對撒烏耳說:「為什麼你擾亂我,叫我上來﹖」撒烏耳答說:「我很是苦痛。培肋舍特人攻擊我,上主已遠離我,又不藉先知,也不藉夢境答覆我,所以我招你上來,指教我該作什麼」。
Alò, Samuel te di a Saül: “Poukisa ou twouble m e mennen m monte?” Saül te reponn: “Mwen nan gwo pwoblèm anpil; paske Filisten yo ap fè lagè kont mwen, Bondye te kite mwen e Li pa reponn mwen ankò, ni pa pwofèt yo, ni nan rèv. Pou sa, mwen te rele ou, pou ou kapab fè m konnen kisa pou m fè.”
16 撒慕爾說:「上主既已離開了你,你為什麼還來問我﹖
Samuel te di: “Poukisa konsa ou vin mande mwen, akoz SENYÈ a te kite ou e te devni lènmi ou?
17 上主對你實踐了衪藉我所說的話:上主已由你手中奪去王權,賜給了你的近人達味;
SENYÈ a gen tan fè selon sa Li te pale nan mwen an. SENYÈ a fin chire wayòm nan soti nan men ou, e Li te bay li a vwazen ou an, a David menm.
18 因為你沒有聽從上主的話,沒有執行衪對阿瑪肋克所懷的盛怒,為此,上主今天這樣對待了你。
Kòmsi ou pa t obeyi SENYÈ a, e ou pa t fè gwo kòlè Li vin tonbe sou Amalek, konsa SENYÈ a te fè ou bagay sa a nan jou sa a.
19 上主還要把以色列和你一起交在培肋舍特人手中;明日你和你的兒子要同我在一起;並且上主也要把以色列軍隊交在培肋舍特人手中」。
Anplis SENYÈ a va, osi, bay Israël ansanm avèk ou menm nan men Filisten yo. Konsa, demen ou menm avèk fis ou yo va avèk mwen. Anverite, SENYÈ a va fè bay lame Israël la nan men a Filisten yo!”
20 撒烏耳一聽撒慕爾的話,非常恐懼,忽然跌倒在地;又因他一日一夜沒有吃喝,一點力氣也沒有了。
Alò, Saül, lapoula, te tonbe atè nèt. Li te plen laperèz akoz pawòl a Samuel yo. Ni pa t gen fòs nan li, paske li pa t manje manje nan tout jou sa a, ni nan nwit lan.
21 那女人就走到撒烏耳跟前,看見他很是驚慌,就對他說:「看,你的婢女聽了你的話,不顧性命,聽從了你給我說的話。
Fanm nan te rive bò kote Saül. Li te wè ke li te tèlman gen krent jiskaske li te sezi, e li te di li: “Gade byen, sèvant ou te obeyi a ou menm e mwen te pran lavi mwen nan men m pou te koute pawòl ke ou te pale mwen yo.
22 現今你也該聽從你婢女的話:我給你拿點食物來,你吃了,好有力氣走路」。
Koulye a, pou sa, souple koute vwa sèvant ou an e kite mwen mete yon mòso pen devan ou. Manje pou ou kapab gen fòs lè ou pran chemen an.”
23 他卻拒絕說:「我不吃」。但是他的臣僕和那女人都勉強他,他才聽從了他們的話,從地上起來,坐在床上。
Men li te refize. Li te di: “Mwen p ap manje.” Men sèvitè li yo te ankouraje li e li te koute yo. Konsa, li te leve sou tè a pou te chita sou kabann nan.
24 那女人在家裏有頭肥牛,急忙宰了,又把麵調好,烤成無酵餅,
Fanm nan te gen yon jenn bèf gra nan kay la. Byen vit li te kòche li, li te pran farin, li te frape l fè bòl, e li te kwit li fè pen san ledven.
25 擺在撒烏耳和他臣僕面前;他們吃了以後,當夜就起身走了。
Li te mennen li devan Saül avèk sèvitè li yo e yo te manje. Apre yo te leve sòti menm nwit lan.

< 撒母耳記上 28 >