< 撒母耳記上 27 >

1 達味心裏想:「終有一天我會落在撒烏耳手中,倒不如逃到培肋舍特 中去,使撒烏耳絕望,再不在全以色列境內找我,我方能擺脫他的毒手」。
Konsa, David te di nan tèt li: “Alò, yon jou mwen va peri nan men Saül. Nanpwen anyen k ap pi bon pou mwen pase pou m chape ale nan peyi Filisten yo. Konsa, Saül va dekouraje nan chache mwen toujou sou tout teritwa Israël la, e mwen va chape nan men li.”
2 達味遂帶了他那六百人,動身往加特王瑪敖客的兒子阿基士那裏去。
Konsa, David te leve e te travèse, li menm avèk sis-san òm ki te avè l yo, kote Akisch, fis a Maoc la, wa a Gath la.
3 達味和他的兩個妻子:依次勒耳人阿希諾罕與曾作加爾默耳人納巴耳妻子的阿彼蓋耳,他的部隊,以及他們的眷屬,同阿基士一起住在加特。
Epi David te viv avèk Akisch nan Gath, li menm avèk mesye pa li yo, chak moun avèk tout moun lakay yo. David te avèk de madanm pa li yo, Achinoam Jizreyelit la ak Abigaïl, Kamelit la, vèv a Nabal la.
4 有人告訴撒烏耳,達味逃到加特去了,撒烏耳就再不去搜他。
Alò, sa te pale a Saül ke David te sove ale Gath. Konsa, li pa t chache li ankò.
5 達味向阿基士說:「假使我在你眼中獲得寵幸,請在鄉間城鎮裏給 戈一塊地方,叫我住在;為什麼你的僕人要同你一起住在京城內呢﹖」
Alò, David te di a Akisch: “Si koulye a, mwen jwenn favè nan zye ou, kite yo ban mwen yon plas nan youn nan vil andeyò yo, pou m kapab viv la. Paske poukisa sèvitè ou ta viv nan vil wayal la avèk ou?”
6 那一天,阿基士就將漆刻拉格賜他;因此漆刻拉格直到今天還屬猶大王。
Konsa, Akisch te bay li Tsiklag nan jou sa a. Konsa, Tsiklag te devni pou wa Juda yo jis rive jodi a.
7 達味住在培肋舍特人地方,共計一年零四個月。
Nonb de jou ke David te viv nan peyi a Filisten yo se te 1 nan, kat mwa.
8 達味帶著他的人上去,襲擊了革叔爾人、基爾齊人和阿瑪肋克人。這些民族所住的地方,是從特郎經叔爾直到埃及地。
Alò, David avèk mesye pa li yo te monte pou te fè atak sou Gechouryen, Gizyen avèk Amalekit yo; paske se yo menm ki te mèt tè sa a depi nan tan ansyen yo, nan wout soti Schur, menm pou rive nan peyi Égypte la.
9 當達味攻擊那地方時,沒有讓那裏的男女生存,只把牛、羊、驢、駱馲和衣服搶來,帶回交給阿基士王。
David te atake peyi a, e pa t kite yon gason ni yon fanm vivan. Li te pran tout mouton, bèf, bourik, chamo, avèk rad. Apre, li te retounen kote Akisch.
10 每當阿基士間說:「今天你們襲擊了什麼地方﹖」時,達味總是答說:「襲擊了猶大的南方,刻尼人的南方」。
Alò, Akisch te di: “Se kibò ou te atake jodi a?” Epi David te reponn: “Kont Negev la nan Juda e kont Negev a Kenyen yo.”
11 達味沒有讓那裏的男女活著帶回加特來,因為達味想:「怕他們對我們不利的宣傳說:達味這樣對待了我們」。這是他住在培肋舍特地方整個時期內的作風。
David pa t kite yon mesye ni yon fanm vivan pou mennen yo nan Gath. Li te di: “Otreman, yo va pale afè nou, e di: ‘Se konsa David te fè e se konsa li aji pandan tout tan ke li rete nan peyi Filisten yo.’”
12 阿基士相信了達味,心中想:「他在自己民族以色列人中,已留下臭名,他要永久作我的奴隸了」。
Konsa, Akisch te kwè David, Li te di: “Anverite, li vin fè tèt li rayisab pami pèp Israël pa l la. Konsa, li va sèvitè pa m jis pou tout tan.”

< 撒母耳記上 27 >