< 哥林多前書 15 >

1 兄們,我願意你們認清,我們先前給你們傳報的福音,這福音你們已接受了,且在其站穩了,
Koulye a, mwen fè konnen a nou menm, frè m yo, levanjil ke mwen te preche a nou an, ke osi nou te resevwa a ladann osi nou kanpe.
2 假使你們照我給你們所傳報的話持守了福音,就必因這福音得救,否則,你們就白白地信了。
Pa li menm osi nou ap sove, si nou kenbe fèm a pawòl ke m te preche a nou an, amwenske nou te kwè anven.
3 我當日把我所領受而天傳給你們的,其中首要的是:基督照經上記載的,為我們的罪死了,
Paske mwen te livre a nou kon bagay ki pi enpòtan nan sa ke mwen osi te resevwa a, ke Kris la te mouri pou peche nou yo selon Ekriti sen yo,
4 被埋葬了,且照經上記載的,第三天復活了,
ke Li te antere, e ke Li te leve nan twazyèm jou a selon Ekriti yo.
5 並且顯現給刻法,以顯現給那十二位;
Epi ke Li te parèt a Céphas, e answit, a douz yo.
6 此後,又一同顯現給五百多弟兄,其中多半到現在還活,有些已經死了。
Apre sa, Li te parèt a plis ke senk san frè yon sèl kou, pifò nan yo rete la jiska prezan, malgre kèk nan yo gen tan mouri.
7 隨後,顯現給雅各伯,以後顯現給宗徒;
Answit Li te parèt a Jacques, e answit tout apot yo.
8 最後也顯現給這個像流浪兒的人。
Epi an dènye, tankou youn pitit ki pa t fèt nan pwòp moman an, Li te parèt a mwen menm tou.
9 我原是宗徒中最小的一個,不配稱為宗徒,因為我迫害過天主的教會。
Paske mwen se pi piti a pami apot yo, e ki pa menm dign pou rele apot, paske mwen te konn pèsekite legliz Bondye a.
10 然而,因天主火恩寵,我成為今日的我;天主賜給我的恩寵沒有落空,我比眾人更勞碌;其實不是我,而是天主的恩寵偕同我。
Men, pa gras Bondye, mwen sa ke mwen ye a, e gras Li anvè mwen pa anven, men mwen te travay menm plis pase yo tout, malgre se pa t mwen, men gras a Bondye ki te avè m nan.
11 總之,不拘是我,或是他們,我都這樣傳了,你們也都這樣信了。
Alò, kit se te pa mwen, kit se te pa yo, konsa nou te preche, epi konsa nou tout te kwè.
12 我們既然傳報了基督已由死者中復活了,怎麼你們中還有人說:死人復活是沒有的事呢?
Alò, si Kris la preche, ke Li te leve nan lanmò, kijan kèk pami nou ap di ke pa gen rezirèksyon mò yo?
13 假如死人復活是沒有的事,基督也就沒有復活,
Si pa gen rezirèksyon pou mò yo, menm Kris la pa t leve.
14 假如基督沒有復活,那麼我們的宣講便是空的,你們的信仰也是空的。
Epi si Kris la pa t leve, answit nou ap preche anven, e lafwa nou osi anven.
15 此外,如果死人真不復活,我們還被視為天主的假證人,因為我們相反天主作證,說天主使基督復活了,其實並沒有使祂復活,
Anplis ke sa, nou menm vin twouve nou kòm fo temwen a Bondye, paske nou te temwaye kont Bondye, ke Li te leve Kris la, ke Li pa t leve vrèman, si anfèt mò yo pa leve.
16 因為如果死人不復活,基督也就沒有復活;
Paske si mò yo pa leve, menm Kris la pa t leve.
17 如果基督沒有復活,你們的信仰便是假的,你們還是在罪惡中
Epi si Kris la pa t leve, lafwa nou vin san valè, e nou toujou nan peche nou yo.
18 那麼,那些在基督內死了的人,就喪亡了。
Answit sila ki mouri nan Kris yo peri.
19 如果我們在今生只寄望於基督,我們就是眾人中最可憐的了。
Konsa, si nou te mete espwa nou nan Kris sèlman nan vi sa a, nou pami moun ki pi pitwayab ke tout moun.
20 但是基督從死者中實在復活了,做了死者的初果。
Men alò, Kris te vrèman leve soti nan lanmò, kon premye fwi de sila ki mouri yo.
21 因為死亡既因一人而來,死者的復活也因一人而來;
Paske si se pa yon sèl moun, lanmò te vini, pa yon moun osi, rezirèksyon mò yo te vini.
22 就如在亞當內眾人都死了,照樣在基督內,眾人都要復活;
Paske tankou nan Adam tout moun te mouri an, menm jan an tou nan Kris tout moun va gen lavi.
23 不過各人要照自己的次第,首先是為初果的基督,然後是在基督內再來時屬於基督的人,
Men chak moun nan pwòp lòd li: Kris, kon premye fwi yo, apre sa sila ki nan Kris yo lè L vini.
24 再後才是結局;那時基督將消滅一切率領者、一切當權者和大能者,把自己的王權交於天主父。
Answit va vini lafen, lè Li livre wayòm nan a Bondye, Papa a, lè Li fin aboli tout wayòm yo, tout otorite yo, avèk tout pwisans yo.
25 因為基督必須為王,直到把一切仇敵屈服在祂腳下。
Paske fòk li renye jiskaske Li mete tout lènmi Li yo anba pye Li.
26 最後被毀滅的仇敵便是死亡;
Dènye lènmi ki va aboli a se lanmò.
27 因為天主使萬物都屈服在祂腳下。既然說萬物都已屈服了,顯然那使萬物屈服於祂的不在其內。
Paske “Li te fè tout bagay soumèt anba pye Li.” Men lè Li di: “Tout bagay soumèt”, li byen klè ke Li menm ki te fè tout bagay soumèt a Li menm nan, pa ladann.
28 萬物都屈服於祂以後,子自己也要屈服於那使萬物屈服於自己的父,好叫天主成為萬物之中的萬有。
Lè tout bagay soumèt a Li menm, answit Fis la, Li menm, osi va vin soumèt a Sila ki te soumèt tout bagay a Li menm nan, pou Bondye kapab tout nan tout bagay.
29 不然,那些代死人受洗的是什麼呢?如果死人總不復活,為什麼還代他們受洗呢?
Otreman, kisa sila yo ki batize pou mò yo va fè? Si mò yo pa leve menm, alò poukisa yo batize pou yo?
30 我們天又為什麼時時冒險呢?
Poukisa nou menm tou, nou an danje a chak moman?
31 弟兄們,我希望指著我在我們的主基督耶穌內,對你們所有的榮耀起誓說:我是天天冒死的。
Mwen dakò fè nou konnen, frè m yo, pa fyète ke m gen nan nou, ak nan Jésus Kri Senyè nou an, mwen mouri chak jou.
32 我若只憑人的動機,當日在厄弗所與野獸博鬥,為我有什麼益處?如果死不復活,「我們吃喝吧,明天就要死了。」
Si se te pou yon motif moun ke m te goumen avèk bèt sovaj chak jou an Éphèse yo, ki pwofi sa t ap ban mwen? Si mò yo pa leve “Annou manje ak bwè, paske demen n ap mouri.”
33 你們不可為人所誤:「交結惡友必敗壞善行。」你們當徹底醒寤,別再犯罪了。
Pa twonpe tèt nou: “Move zanmi gate bon prensip.”
34 你們中有些人實在不認識天主了:我說這話是為叫你們羞愧。
Vin reflechi byen serye jan nou ta dwe fè a, e sispann fè peche; paske kèk nan nou pa menm gen konesans a Bondye. Mwen pale sa pou fè nou wont.
35 可是人要說:死人將怎樣復活呢?他們將帶著什麼樣的身體回來呢?
Men yon moun va di: “Kijan mò yo leve a?” Epi “avèk ki kalite kò yo ap vini?”
36 糊塗人哪! 你所撒的種子,若不先死了,決不得生出來;
Moun sòt! Sa ke nou simen pa kapab vin gen lavi amwenske li mouri;
37 所以你所撒種的,並不是那將要生出的形體,而是一粿赤裸的籽粒,譬如一顆麥粒,或者別的種粒;
Epi sa ke nou simen an, nou pa simen kò a li menm, men yon senp ti grenn, petèt yon ble oubyen yon lòt bagay.
38 但天主隨自己的心意給它一個形體,使每個種子各有各的本體。
Men Bondye bay li yon kò jis jan ke Li te dezire a, e a chak grenn semans yo yon kò pou kont li.
39 不是所有的肉體都是同樣的肉體:人體是一樣,獸體又是一樣,鳥體另是一樣,魚體卻又另是一樣。
Tout chè pa menm kalite chè. Gen yon chè pou lòm, e yon lòt chè pou bèt, yon lòt chè pou zwazo, e yon lòt pou pwason.
40 還有天上的物體和地上的物體:天上物體的華麗是一樣,地上物體的華麗又是一樣;
Gen osi kò selès ak kò tèrès, men laglwa selès la se youn, e laglwa tèrès la se yon lòt.
41 太陽的光輝是一樣,月亮的光輝又是一樣,星辰的光輝另是一樣;而且星辰與星辰的光輝又有分別。
Gen yon glwa nan solèy la, yon lòt glwa nan lalin lan, e yon lòt nan zetwal yo; paske chak zetwal apa nan glwa li.
42 死人的復活也是這樣:撒種的是可杇壞的,復活起來的是不可杇壞的;
Menm jan an tou pou rezirèksyon a mò yo. Li simen kòm yon kò perisab, men li leve kòm yon kò enperisab.
43 播種的是可羞辱的,復活起來的是光榮的;播種的是軟弱的,復活起來的是強健的;
Li simen nan dezonè, li leve nan laglwa. Li simen nan feblès, li leve nan pouvwa.
44 播種的是屬生靈身體,復活起來的是屬神的身體;既有屬生靈的身體,也就有屬神的身體。
Li simen kòm yon kò natirèl; li leve kòm yon kò espirityèl. Si gen yon kò natirèl, anplis gen yon kò espirityèl.
45 經上也這樣記載說:『第一個人亞當成了生靈,』最後的亞當成了使人生活的神。
Menm jan an osi sa ekri: “Premye lòm nan, Adam, te devni yon nanm vivan.” Dènye Adam an, Jésus Kris, yon lespri ki bay lavi.
46 但屬神的不是在先,而是屬生靈的,然後才是屬神的。
Sepandan, sa ki gen lespri a pa vini avan, men sa ki natirèl la, answit sa ki gen lespri a.
47 第一個人出於地,屬於土,第二個人出於天。
Premye lòm nan sòti nan latè. Li se moun tèrès. Dezyèm lòm nan sòti nan syèl la.
48 那屬於土的怎樣,凡屬於土的也怎樣;那屬天上的怎樣,凡屬天上的也怎樣。
Jan tè a ye a, se konsa sila ki tèrès yo ye tou; e menm jan selès la ye a, konsa selès yo ye tou.
49 我們怎樣帶了那屬於土的肖像,也要怎樣帶那屬於天上的肖像。
Jis jan ke nou pote imaj a tèrès la, konsa osi nou va pote imaj a selès la.
50 弟兄們,我告訴你們:肉和血不能承受天主的國,可杇壞的也不能承受不可杇壞的。
Alò m ap di sa, frè m yo, ke chè ak san pa kapab eritye wayòm Bondye a; ni sa ki perisab la pa kapab eritye sa ki enperisab la.
51 看,我告訴你們一件奧秘的事:我們眾不都死亡,卻全要改變,
Gade byen, m ap di nou yon mistè. Se pa nou tout ki va mouri, men nou tout va chanje,
52 這是在眨眼之間,在末次吹號筒時發生的。的確,號筒一韾,死人必要復活,成為不朽的,我們也必要改變,
nan yon moman, nan yon ti bat zye, nan dènye twonpèt la. Paske twonpèt la va sone, mò yo va vin leve enperisab, e nou tout va vin chanje.
53 因為這可朽壞的,必須穿上不可朽壞的;這可死的,必須穿上石可死的。
Paske perisab la dwe abiye avèk enperisab la, e mòtèl sa a dwe abiye avèk imòtalite.
54 幾時這可朽壞的,穿上了不可朽壞的;這可死的穿上了不可死的,那時就要應驗經上所記載的這句話:『在勝利中,死亡被吞滅了』
Men lè perisab sila a fin abiye avèk enperisab la, e mòtèl sila a fin abiye avèk imòtalite a, alò va vin akonpli pawòl ki ekri a: “Lanmò vin vale nèt pa viktwa.”
55 『死亡!你的勝利在哪裡?死亡!你的刺在哪裡?』 (Hadēs g86)
“O lanmò, kote viktwa ou? O lanmò, kote doulè pikan an?” (Hadēs g86)
56 死亡的刺就是罪過,罪過的權勢就是法律。
Doulè pikan lanmò a se peche, e pouvwa a peche a se Lalwa a.
57 感謝天主賜給了我們因我們的主耶穌基督所獲得的勝利。
Men gras a Bondye, ki bannou viktwa atravè Senyè nou an, Jésus Kri.
58 所以我親愛的弟兄,你們要堅定不移,在主的工程上該時常發奮勉力,因為你們知道,你們的勤勞在主內決不會落空。
Pou sa, byeneme frè m yo, rete fidèl, san varye, toujou ranpli avèk bon zèv Senyè a, avèk konesans ke travay nou nan Senyè a pa anven.

< 哥林多前書 15 >