< 歷代志上 10 >

1 [撒烏耳陣亡]那時,培肋舍特攻打以色列,以色列人由培肋舍特人面前逃走,在基耳波亞山陣亡的人很多。
Alò, Filisten yo te goumen kont Israël; epi mesye Israël yo te sove ale devan Filisten yo e te mouri sou Mòn Guilboa.
2 培肋舍特人追擊撒烏耳和他的兒子,殺了撒烏耳的兒子約納堂、阿彼納達布和瑪耳基叔亞;
Filisten yo te kouri prese dèyè Saül avèk fis li yo, e Filisten yo te touye Jonathan, Abinadab ak Malki-Schua, fis a Saül yo.
3 戰爭就集中攻打撒烏耳,弓箭手發現了他,他遂為弓箭手所射傷。
Batay la te vin rèd kont Saül e ekip banza yo te rive sou li. Konsa li te blese pa ekip banza yo.
4 當時撒烏耳對自己的執戟者說:「拔出你的劍來,將我刺死,免得那些為受割損的人來凌辱我。」但是,執戟者十分害怕,不肯作這事;於是撒烏耳拔出劍來,伏劍自刎。
Alò, Saül te di a sila ki te pote zam li yo: “Rale nepe ou e frennen m nèt avè l pou ensikonsi sila yo pa vin abize mwen.” Men pòtè zam li yo pa t fè l, paske li te krent anpil. Pou sa, Saül te pran nepe li e te tonbe sou li.
5 執戟者見撒烏耳已死,也伏劍自刎。
Lè pòtè zam li an te wè ke li te mouri, li menm tou te tonbe sou nepe li e te mouri.
6 這樣,撒烏耳和他的三個兒子,並他的全家一同陣亡了。
Konsa, Saul te mouri avèk twa fis li yo, e tout lakay li te mouri ansanm.
7 所有住在平原的以色列人見軍隊逃散,撒烏耳和他的三個兒子陣亡了,也都棄城逃走;培肋舍特人遂來住在那裏。
Lè tout mesye Israël ki te nan vale yo, te wè ke yo te sove ale, e ke Saül avèk fis li yo te mouri, yo te sove ale kite vil yo. Epi Filisten yo te vin rete ladan yo.
8 次日,培肋舍特人來剝去陣亡者的衣服時,發現撒烏耳和他的兒子橫臥在基耳波亞山上。
Li te vin rive nan pwochen jou a, lè Filisten yo te vini pou depouye mò yo, ke yo te twouve Saül avèk fis li yo tonbe sou Mòn Guilboa a.
9 他們便剝去了他的衣服,取下他的首級和武器,送到培肋舍特地方,到處給他們的神和人民報喜信。
Konsa, yo te depouye li e te pran tèt li avèk zam avèk boukliye li yo e te voye mesaje antoure tout peyi Filisten yo pou pote bòn nouvèl la rive nan zidòl pa yo avèk pèp la.
10 以後,將撒烏耳的武器放在他們的神廟裏;將他的首級釘在達貢廟內。
Yo te mete zam avèk boukliye li yo lakay dye pa yo e te tache kolè tèt li lakay Dagon an.
11 基肋阿得雅貝士的居民,一聽說培肋舍特人對撒烏耳所行的一切,
Lè tout moun Jabès-Galaad yo te tande tout sa ke Filisten yo te fè a Saül,
12 所有的勇士便起身前去,收殮了撒烏耳和他兒子的屍體,帶回雅貝士,將他們的骨骸葬於雅貝士的篤耨香樹下,且禁食七天。
tout mesye gwo kouraj yo te leve e pran kò a Saül avèk kò a fis li yo pou te pote yo Jabès, yo te antere yo anba chenn nan Jabès e te fè jèn pandan sèt jou.
13 撒烏耳之死,是由於他背叛上主,沒有遵守上主的話,並且還求問過招魂的女巫,
Konsa, Saül te mouri pou mal ke li te fè kont SENYÈ a, akoz pawòl a SENYÈ a ke li pa t kenbe; epi osi, paske li te fè demand a youn nan sila ki pale ak mò yo, pou mande konsèy,
14 而沒有求其問上主;因此上主使他死亡,將王位移交給葉瑟的兒子達味。
epi pa t mande konsèy a SENYÈ a. Pou sa, Li te touye li, e te bay wayòm nan a David, fis a Jesse a.

< 歷代志上 10 >