< Псалми 132 >

1 Пісня проча́н.
Yon chan pou monte vè tanp lan. Sonje, SENYÈ, pou koz David, ak tout soufrans li an,
2 що клявсь Господе́ві, присяга́вся був Сильному Якова:
jan li te sèmante a SENYÈ a, e te fè ve a Toupwisan a Jacob la:
3 „Не ввійду́ я в наме́т свого дому, не зійду́ я на ложе постелі своєї,
Anverite, mwen p ap antre lakay mwen, ni kouche sou kabann mwen;
4 не дам сну своїм о́чам, дріма́ння пові́кам своїм,
mwen p ap kite zye m dòmi, ni pòpyè zye m fèmen,
5 аж поки не знайду́ я для Господа місця, місця перебува́ння для Сильного Якова“!
jiskaske m jwenn yon kote pou SENYÈ a, yon abitasyon pou Toupwisan a Jacob la.
6 Ось ми чули про Нього в Ефра́фі, на Яа́рських полях ми знайшли Його.
Men koute, nou te tande koze sa a nan Éphrata, nou te twouve l nan plèn Jaar a.
7 Увійдім же в мешка́ння Його, поклоні́мось підні́жкові ніг Його!
Annou antre nan abitasyon Li a. Annou fè adorasyon kote machpye twòn Li an ye a.
8 Встань же Господи, йди до Свого відпочи́нку, Ти й ковчег сили Твоєї!
Leve, O SENYÈ, vini nan plas repo Ou a, Ou menm avèk lach fòs Ou.
9 Священики Твої хай зодя́гнуться в правду, і будуть співати Твої богобі́йні!
Kite prèt Ou yo abiye nan ladwati, e kite fidèl Ou yo chante ak lajwa.
10 Ради Давида, Свого раба, не відве́ртай лиця́ від Свого́ помаза́нця.
Pou koz David, sèvitè Ou a, pa vire fas kont onksyone Ou a.
11 Господь присягнув був Давидові правду, і не відступить від неї: „Від пло́ду утро́би твоєї Я посаджу́ на престолі твоїм!
SENYÈ a te sèmante a David anverite. Sou (sila) Li p ap fè bak: “Nan fwi a kò Ou, mwen va etabli sou twòn Ou.
12 Якщо бу́дуть сино́ве твої пильнува́ти Мого́ заповіта й свідо́цтва Мого, що його Я навча́тиму їх, то й сини їхні на вічні віки́ будуть сидіти на троні твоїм!“
Si fis ou yo kenbe akò Mwen ak temwayaj ke Mwen va enstwi yo, fis pa yo tou va chita sou twòn Ou an jis pou tout tan.”
13 Бо вибрав Сіо́на Госпо́дь, уподо́бав його на осе́лю Собі:
Paske SENYÈ a te chwazi Sion. Li te vle l pou abitasyon Li.
14 „То місце Мого відпочинку на вічні віки́, пробуватиму тут, бо його уподо́бав, —
“Sa se plas repo Mwen, jis pou tout tan. Isit la Mwen va rete, paske Mwen te vle sa.
15 пожи́ву його щедро благословлю́, і хлібом убогих його нагоду́ю!
Mwen va beni pwovizyon li ak abondans. Mwen va satisfè malere li yo ak pen.
16 Священиків його зодягну́ у спасі́ння, а його богобійні співатимуть радісно.
Anplis, Mwen va abiye prèt li yo ak Sali, e fidèl li yo va chante byen fò ak lajwa.
17 Я там ви́рощу рога Давидового, для Свого помаза́нця вготую світи́льника, —
La Mwen va koze kòn a David la boujonnen pou l parèt. Mwen te prepare yon lanp pou onksyone pa M nan.
18 ворогів його со́ромом позодяга́ю, а на ньому корона його буде ся́яти“!
Lènmi li yo, Mwen va abiye yo ak wont. Men sou li menm, kouwòn li an va briye.”

< Псалми 132 >