< Nnwom 88 >

1 Kora mma dwom a wɔde ma dwonkyerɛfo sɛ wɔnto no “Mahalat Leannot” sanku so. Esrahini Heman ɔhaw ne amanehunu dwom. Awurade, woyɛ me nkwagye Nyankopɔn misu wɔ wʼanim adekyee ne adesae.
Chante sa a se yon sòm pitit Kore yo. Pou chèf sanba yo. Fè yo chante ansanm tankou timoun lekòl. Se chante Eman, moun lavil Ezra. Seyè, Bondye, se ou menm ki delivrans mwen! Lajounen kou lannwit m'ap rele nan pye ou!
2 Ma me mpaebɔ nnu wʼanim; brɛ wʼaso ase tie me sufrɛ.
Se pou lapriyè m' rive nan zòrèy ou. Koute byen sa m'ap mande ou.
3 Ɔhaw ahyɛ me kra ma na me nkwa rebɛn owu. (Sheol h7585)
Anpil malè tonbe sou mwen, mwen pa kapab ankò. Mwen prèt pou mouri. (Sheol h7585)
4 Wɔkan me fra wɔn a wɔrekɔ ɔda mu no; mete sɛ obi a onni ahoɔden.
Mwen tankou moun ki sou dènye souf li, tankou moun ki pa gen fòs ankò.
5 Wɔayi me asi nkyɛn wɔ awufo mu, te sɛ atɔfo a wɔdeda ɔda mu, wɔn a wonkae wɔn bio, na wonhwɛ wɔn bio.
Mwen tonbe atè tankou yon moun mouri, tankou yon moun yo touye ki kouche nan simityè. Wi, tankou yon moun ou bliye nèt, tankou yon moun ou pa ka fè anyen ankò pou li.
6 Woatow me akyene ɔda ase tɔnn, wɔ sum kabii mu.
Ou voye m' jete nan yon gwo twou byen fon, kote ki fè nwa anpil, nan yon twou san fon.
7 Wʼabufuwhyew ayɛ duru wɔ me so; woama wʼasorɔkye nyinaa abu afa me so.
Mwen santi ou ankòlè anpil sou mwen. Se kraze w'ap kraze m' anba men ou.
8 Woafa me nnamfonom a wɔbɛn me afi me nkyɛn woama me ho ayɛ wɔn ahi. Woaka me ahyɛ mu na mintumi nguan;
Ou fè tout zanmi m' yo lage m'. Yo yonn pa ka santi m' bò kote yo! Mwen fèmen yon kote mwen pa ka soti.
9 awerɛhow ama mʼani so ayɛ kusuu. Awurade misu frɛ wo da biara; metrɛw me nsam kyerɛ wo.
Je m' ap boule m' tèlman m'ap soufri. Seyè, se chak jou m'ap rele ou, m'ap louvri de bra m' ba ou!
10 Woyɛ anwonwade kyerɛ awufo ana? Wɔn a wɔawuwu no sɔre kamfo wo ana?
Eske se pou moun mouri ou fè mirak? Eske mò ka leve pou fè lwanj ou?
11 Wɔka wʼadɔe ho asɛm wɔ ɔda mu, anaasɛ wo nokware ho asɛm wɔ ɔsɛe kurom ana?
Eske moun ki anba tè ka fè konnen jan ou renmen nou? Eske moun ki nan twou san fon an ka fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou?
12 Wohu wʼanwonwade wɔ beae a hɔ aduru sum, anaa wo trenee nnwuma no wɔ awerɛfiri asase so ana?
Eske moun ki nan fènwa a ka wè mèvèy ou yo? Eske moun ki nan peyi kote yo bliye tout bagay la ka wè jan ou bon!
13 Nanso Awurade, misu frɛ wo sɛ boa me; me mpaebɔ du wʼanim adekyee mu.
Seyè, m'ap rele ou vin ede mwen. Se chak maten m'ap lapriyè nan pye ou.
14 Adɛn, Awurade, na wopo me na wode wʼanim hintaw me?
Seyè, poukisa ou voye m' jete lwen ou konsa? Poukisa ou kache figi ou pou mwen?
15 Mahu amane fi me mmofraase na mabɛn owu; wʼahunahuna ama mabrɛ na mapa abaw.
Depi mwen jenn gason se soufri m'ap soufri, m'ap pase ra lanmò. Ou sitèlman pini mwen, mwen pa konn sa pou m' fè ankò.
16 Wʼabufuwhyew abu afa me so; wʼahunahuna asɛe me.
Nan kòlè ou, ou fè m' pase kont tray mwen. Se fini ou fini avè m' tèlman ou pini m'.
17 Daa nyinaa wotwa me ho hyia sɛ nsuyiri, na wɔabu afa me so koraa.
Tout lajounen ou sènen m' tankou dlo inondasyon, ou fèmen m' toupatou.
18 Woafa me yɔnkonom ne mʼadɔfo afi me nkyɛn kɔ; na sum ayɛ mʼadamfo a ɔbɛn me pɛɛ.
Ou te fè tout kanmarad mwen yo ak zanmi m' yo vire do ban mwen. Moun mwen te konn rakonte ti koze m' yo disparèt.

< Nnwom 88 >