< Nnwom 8 >

1 Dawid dwom. Awurade, yɛn Awurade, wo din kɛseyɛ ada adi wiase mmaa nyinaa. Wode wʼanuonyam atimtim ɔsoro nohɔ,
Pou chèf sanba yo. Se sou lè chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm David. Seyè, Mèt nou, se toupatou sou latè yo rekonèt jan ou gen pouvwa! Pouvwa ou moute pi wo pase syèl la!
2 mmofra ne nkokoaa mpo de wɔn ano kamfo wo, wʼatamfo nti; na wode bɔ atamfo ne aweretɔfo ano.
Ou fè timoun piti ak tibebe nan tete chante jan ou gen fòs, pou ou koresponn ak moun ki pa vle wè ou yo, pou ou fèmen bouch lènmi ou yo ak moun k'ap kenbe tèt avè ou yo.
3 Sɛ mehwɛ wo ɔsorosoro, wo nsateaa ano adwuma; ɔsram ne nsoromma a wode obiara asi nʼafa a,
Lè m'ap gade syèl ou fè ak men ou lan, lalin ak zetwal ou mete ladan li,
4 onipa ne hena a wokae no, na onipa ba nso ne hena a wʼani ku ne ho?
m'ap mande: -Kisa lèzòm ye pou ou chonje yo konsa? Kisa yo ye menm pou ou pran ka yo konsa?
5 Wobɔɔ no ma ɔyɛɛ akumaa kakra sen abɔfo na wode wʼanuonyam ne nidi abɔ no abotiri.
Ou fè yo yon ti kras pi piti pase ou, Bondye. Tankou yon kouwòn sou tèt yo, ou ba yo pouvwa ak respè.
6 Woyɛɛ no ɔsodifo maa wo nsa ano nnwuma wode nneɛma nyinaa ahyɛ nʼanan ase:
Ou mete yo pou yo donminen sou tou sa ou fè, ou mete tout bagay anba pye yo:
7 nguankuw ne anantwikuw nyinaa ne wuram mmoa nso,
Bèf kou kabrit, ansanm ak tout bèt nan bwa yo,
8 wim nnomaa ne po mu mpataa, nea ɛnenam po mu akwan so nyinaa.
zwazo nan syèl, pwason nan dlo, ansanm ak tout lòt bèt k'ap viv nan lanmè.
9 Awurade, yɛn Awurade, wo din yɛ kɛse wɔ asase nyinaa so! Wɔde ma dwonkyerɛfo. Wɔto no sɛnea wɔto “Ɔba no wu”.
Seyè, Mèt nou, se toupatou sou latè yo rekonèt jan ou gen pouvwa!

< Nnwom 8 >