< 2 Ahemfo 8 >
1 Na Elisa aka akyerɛ ɔbea a onyan ne ba no se, “Wo ne wo fifo ntu nkɔ baabi foforo, efisɛ Awurade ahyɛ sɛ ɔkɔm mmra Israel mfe ason.”
Elize te pale ak madanm ki te manman ti gason li te fè tounen vivan sot nan lanmò a, li te di l' pou li pati ansanm ak tout fanmi l' al viv nan yon lòt peyi paske Seyè a te fè konnen talè konsa yon gwo grangou tapral tonbe sou tout peyi a pou sètan.
2 Enti ɔbea no yɛɛ sɛnea Onyankopɔn nipa no hyɛe no. Ɔfaa ne fifo kɔtenaa Filistifo asase so mfe ason.
Fanm lan leve, li fè sa pwofèt la te ba li konsèy fè a. Li pati ansanm ak tout fanmi l' al rete nan peyi Filisti a pandan sètan.
3 Ɔkɔm no twaa mu no, ɔsan baa Israel asase so, kohuu ɔhene no sɛ ɔregye ne fi ne nʼasase.
Lè sètan yo fin pase, li tounen nan peyi Izrayèl, l' al jwenn wa a, li mande l' pou yo renmèt li kay li ak jaden li.
4 Na ɔhene no ne Gehasi a ɔyɛ Onyankopɔn nipa no somfo rekasa. Na ɔhene no rebisa se: Ka nneɛma akɛse a Elisa ayɛ no bi kyerɛ me.
Li jwenn wa a t'ap pale ak Gerazi, domestik pwofèt Bondye a, paske wa a te mande l' pou l' te vin rakonte l' tout bèl bagay Elize te fè yo.
5 Saa bere no ara na na Gehasi reka nyan a Elisa nyan abarimaa bi no ho asɛm akyerɛ no. Bere koro no ara mu na abarimaa no na kɔɔ ɔhene no anim, kɔsrɛɛ ɔhene no se ɔmfa ne fi ne ne dan mma no no. Gehasi teɛɛ mu se, “Hwɛ, me wura! Ɔbea no ni na, na ne babarima a Elisa nyan no no nso ni!”
Gerazi t'ap rakonte wa a kijan Elize te fè pitit gason yon fanm leve soti vivan nan lanmò lè madanm lan vin pale ak wa a pou kay li ak jaden l' yo. Gerazi di wa a: —Monwa, men madanm lan ansanm ak pitit gason Elize te fè leve soti vivan nan lanmò a.
6 Ɔhene no bisaa ɔbea no se, “Ɛyɛ nokware ana?” Ɔbea no buae se ɛyɛ ampa. Enti ɔhene no ka kyerɛɛ ne mpanyimfo no mu baako se ɔnhwɛ na biribiara a wahwere no, wɔmfa mma no. Ne nnɔbae a wotwae a na onni hɔ nyinaa, wɔde maa no.
Wa a mande madanm lan pou li rakonte l' jan sa te pase. Lè madanm lan fini, wa a bay yonn nan chèf li yo lòd renmèt madanm lan tou sa ki te pou li ansanm ak tou sa jaden yo te rapòte depi jou li te kite peyi a rive jouk jou li tounen an.
7 Na Elisa kɔɔ Damasko a ɛyɛ Aram kuropɔn no mu a na ɔhene Ben-Hadad yare da no. Obi ka kyerɛɛ ɔhene no se, “Onyankopɔn nipa no aba hɔ,”
Apre sa, Elize ale lavil Damas. Bennadad, wa peyi Siri a, te malad. y' al di wa a pwofèt la te nan lavil la.
8 na ɔka kyerɛɛ Hasael se, “Fa akyɛde kɔma Onyankopɔn nipa no. Na ka kyerɛ no, na ommisa Awurade se, ‘Me ho bɛtɔ me bio ana?’”
Wa a rele Azayèl, yonn nan chèf li yo, li di l' konsa: —Pote yon bagay fè pwofèt Bondye a kado. Lèfini, mande l' pou l' pale ak Seyè a pou konnen si m'ap leve anba maladi sa a.
9 Na Hasael hyehyɛɛ yoma aduanan so nnepa a efi Damasko, sɛ akyɛde a ɔde rekɔma Elisa. Ɔkɔɔ ne nkyɛn ka kyerɛɛ no se, “Wo somfo Ben-Hadad a ɔyɛ Aramhene asoma me wo nkyɛn se mimmebisa se, ‘Menya ahotɔ ana?’”
Se konsa Azayèl al wè Elize, li pran tout kalite bon bagay li jwenn lavil Damas, li chaje yo sou karant chamo pote bay Elize. Lè li rive devan Elize, li di l' konsa: —Pitit ou, Bennadad, wa peyi Siri a, voye m' vin mande ou si l'ap leve anba maladi l' la.
10 Na Elisa ka kyerɛɛ no se, “Kɔ na kɔka kyerɛ no se, ‘Wubenya ahotɔ.’ Nanso Awurade ada no adi akyerɛ me sɛ, nea ɛbɛyɛ biara, obewu.”
Elize reponn: —Seyè a fè m' konnen l'ap mouri, men ou menm, al di l' l'ap refè.
11 Elisa hwɛɛ Hasael anim, kosii sɛ Hasael yɛɛ basaa. Na Onyankopɔn nipa no fii ase sui.
Lè li fin di sa, Elize pran gade Azayèl nan je. Lè Azayèl wè sa, sa jennen l' anpil. Elize rete konsa, dlo pran kouri nan je l'.
12 Hasael bisae se, “Adɛn na me wura resu?” Elisa buae se, “Efisɛ minim bɔne a wobɛyɛ Israelfo. Wobɛhyew wɔn nkurow a wɔabobɔ ho ban, akunkum wɔn mmerante, de wɔn mma nketewa adwiradwira fam, apaapae apemfo yafunu!”
Azayèl mande l': —Mèt, poukisa w'ap kriye a? Elize reponn: —Paske mwen gen tan konnen tou sa ou pral fè pèp Izrayèl la pase. Ou pral met dife nan gwo fò yo, ou pral touye jenn gason l' yo ak nepe, ou pral kraze pitit yo, ou pral louvri vant fanm ansent yo.
13 Na Hasael buae se, “Ɛbɛyɛ dɛn na me a mensɛ hwee yi, betumi adi dwuma kɛse a ɛte sɛɛ yi?” Elisa buae se, “Awurade akyerɛ me se, wo na wobɛyɛ Aramhene.”
Azayèl mande l': —Kisa m' ye menm pou m' ta rive fè tou sa? Mwen pa pi bon pase yon chen. Elize reponn li: —Seyè a fè m' konnen se ou ki pral wa peyi Siri.
14 Bere a Hasael san kɔe no, ɔhene no bisaa no se, “Asɛm bɛn na Elisa ka kyerɛɛ wo?” Hasael buae se, “Ɔka kyerɛɛ me sɛ, nea ɛbɛyɛ biara, wo ho bɛyɛ wo den.”
Azayèl kite Elize, li tounen al jwenn mèt li ki mande l': —Sa Elize di ou? Li reponn: —Li di m' li sèten w'ap refè.
15 Nanso ade kyee no, Hasael faa ntama a mu yɛ duru, de nuu nsu mu, de kataa ɔhene no anim, kosii sɛ owui. Na Hasael sii nʼanan mu sɛ Aramhene.
Men nan denmen, Azayèl pran yon dra, li plonje l' nan dlo, li mete l' sou figi wa a. Wa a toufe, li mouri. Azayèl moute wa sou fotèy Siri a nan plas Bennadad.
16 Ɔhene Yehosafat babarima Yehoram bedii Yuda so bere a ɔhene Yoram adi ade wɔ Israel mfe anum. Na Yoram yɛ Ahab babarima.
Wa Joram, pitit gason Akab la, t'ap mache sou senkan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Joram, pitit gason Jozafa ki te wa peyi Jida a, moute wa nan plas papa l'.
17 Bere a Yehoram dii hene no, na wadi mfe aduasa abien. Odii ade wɔ Yerusalem mfirihyia awotwe.
Li te gen tranndezan lè li moute wa. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan witan.
18 Nanso Yehoram dii Israel ahemfo anammɔn akyi. Na ɔyɛ omumɔyɛfo te sɛ ɔhene Ahab, efisɛ na waware Ahab mmabea no mu baako. Na Yehoram yɛɛ nea na ɛyɛ bɔne wɔ Awurade ani so.
Li te marye ak yon pitit fi Akab. Tankou lòt moun fanmi Akab yo, li mache pye pou pye dèyè wa peyi Izrayèl yo. Li fè sa ki mal nan je Seyè a.
19 Nanso na Awurade mpɛ sɛ ɔsɛe Yuda, efisɛ na ɔne Dawid ayɛ apam, ahyɛ bɔ sɛ, nʼasefo na wɔbɛkɔ so adi ɔman no so afebɔɔ.
Men, Seyè a pa t' vle detwi peyi Jida a, paske li te pwomèt David, sèvitè l' la, t'ap toujou gen yon moun nan ras li pou gouvènen peyi a devan Seyè a.
20 Yehoram bere so na Edomfo sɔre tiaa Yuda, na wosii wɔn ankasa wɔn hene.
Sou reny wa Joram, moun peyi Edon yo pran lezam kont moun peyi Jida yo. Yo pran libète granmoun yo. Yo nonmen yon wa pou gouvènen yo.
21 Enti Yehoram faa ne nteaseɛnam nyinaa, kɔtow hyɛɛ Sair kurow so. Edomfo twaa ɔne ne nteaseɛnamkafo ho hyiae, nanso ɔfaa anadwo sum no mu guanee. Yehoram asraafo nso guanee.
Se konsa Joram soti ak tout cha lagè li yo, li mache sou lavil Zayi. Lame moun Edon yo sènen l'. Pandan lannwit, li menm ak chèf cha lagè li yo, yo leve yo atake moun Edon yo ki te sènen yo, yo pase soti nan mitan yo, yo chape. Tout sòlda yo gaye al lakay yo.
22 Edom atew Yuda so atua de besi nnɛ. Saa bere no ara mu na Libna kurow nso sɔre tiae.
Se depi lè sa a, peyi Edon an soti anba lòd peyi Jida, yo granmoun lakay yo. Se menm lè a tou moun lavil Libna yo pran libète granmoun yo tou.
23 Nsɛm a esisii wɔ Yehoram ahenni mu ne nea ɔyɛe nyinaa no wɔankyerɛw angu Yuda Ahemfo Abakɔsɛm Nhoma no mu ana?
N'a jwenn rès istwa Joram ak tou sa li te fè ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.
24 Bere a Yehoram wui no, wosiee no wɔ ne mpanyimfo nkyɛn wɔ Dawid kurom. Na ne babarima Ahasia na odii nʼade sɛ ɔhene.
Lè Joram mouri, yo antere l' nan kavo zansèt li yo nan lavil David la. Apre sa, se Okozyas, pitit li a, ki moute wa nan plas li.
25 Yehoram babarima Ahasia fii ase dii hene wɔ Yuda wɔ ɔhene Yoram adedi wɔ Israel ne mfe dumien mu no mu. Na Ahab babarima ne ɔhene Yoram no.
Wa Joram, pitit Akab la, t'ap mache sou douzan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Okozyas, pitit Joram, moute wa sou fotèy peyi Jida a.
26 Bere a Ahasia dii ade no, na wadi mfirihyia aduonu abien, na odii ade wɔ Yerusalem afe. Ne na ne Atalia a na ɔyɛ Israelhene Omri nena.
Li te gen venndezan. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan ennan. Manman l' te rele Atali. Se te pitit fi Akab, pitit pitit fi Omri, tou de wa peyi Izrayèl.
27 Ahasia dii amumɔyɛsɛm, dii bɔne a ɔhene Ahab fifo yɛe no anammɔn akyi. Ɔyɛɛ amumɔyɛsɛm wɔ Awurade ani so, efisɛ wɔbɔɔ ne din bataa aware a ɔkɔwaree Ahabfini no ho.
Okozyas mache pye pou pye dèyè moun fanmi Akab yo. Li te marye nan fanmi wa Akab. Li fè sa ki mal nan je Seyè a tankou yo.
28 Ahasia de ne ho kɔbɔɔ Israelhene Yoram ho wɔ ne ko a ɔko tiaa Aramhene Hasael wɔ Ramot-Gilead no.
Wa Okozyas mete tèt ansanm ak wa Joram, pitit Akab, pou y' al atake Azayèl, wa peyi Siri a. Lame yo kontre yonn ak lòt bò lavil Ramòt nan peyi Galarad. Sòlda peyi Siri yo blese Joram nan batay la.
29 Bere a wopiraa ɔhene Yoram wɔ ɔko no mu no, ɔsan baa Yesreel sɛ ɔrebɛsa nʼapirakuru no. Bere a Yoram wɔ hɔ no, Yudahene Ahasia kɔsraa no.
Joram tounen lavil Jizreyèl pou l' te refè anba kou sòlda peyi Siri yo te ba li lavi Ramòt lè li t'ap goumen ak Azayèl, wa peyi Siri a. Okozyas, pitit Joram, wa peyi Jida a, desann lavil Jizreyèl al wè wa Joram, pitit Akab la, paske Joram te malad.