< Zaburi 40 >
1 Nalimungoja Yahwe kwa uvumilivu; alinisikia na kusika kilio changu.
Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Mwen te mete tout espwa m' nan Seyè a. Li te panche zòrèy li bò kote m', li te tande m' lè m' t'ap rele.
2 Yeye akanitoa nje ya shimo la kutisha, nje ya matope, naye aliiweka miguu yangu juu ya mwamba na kuzifanya hatua zangu salama.
Li rale m' soti nan twou kote m' t'ap peri a, nan gwo ma labou a. Li mete m' sou gwo wòch la, li fè m' kanpe dwat ankò.
3 Yeye ameweka wimbo mpya mdomoni mwangu, sifa kwa Mungu. Wengi watauona na kumheshimu yeye na kumwamini Yahwe.
Li mete yon chante tou nèf nan bouch mwen, yon chante pou m' fè lwanj Bondye nou an. Anpil moun, lè yo wè sa, yo pral pè, y'a mete konfyans yo nan Seyè a.
4 Amebarikiwa mtu yule ambaye humfanya Yahwe tumaini lake naye hathamini majivuno wala wale wanaokengeuka kwa uongo.
Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan Seyè a, pou moun ki p'ap swiv ni moun k'ap fè awogans yo ni moun k'ap bay manti yo!
5 Yahwe Mungu wangu, matendo ya ajabu ambayo wewe umeyafanya, ni mengi, na mawazo yako yatuhusuyo sisi hayahesabiki; Ikiwa ningetangaza na kuyazungumza kwao, ni mengi sana hayahesabiki.
Seyè, Bondye mwen, ou te fè anpil bèl mèvèy pou nou, ou te fè anpil lide pou nou. Pa gen tankou ou, Seyè! Mwen ta renmen fè moun konnen yo, mwen ta renmen pale sou yo. Men, yo sitèlman anpil, mwen pa ka rakonte yo.
6 Wewe haufurahishwi katika sadaka au matoleo, bali wewe umeyafungua masikio yangu; wala haukuhitaji sadaka ya kuteketeza au sadaka ya dhambi.
Ou pa bezwen yo fè okenn ofrann bèt pou boule pou ou, ni pou yo fè ou kado anyen. Men, ou louvri zòrèy mwen yo. Ou pa mande pou yo boule okenn vyann bèt pou ou, ni pou yo touye bèt pou wete peche.
7 Ndipo nilisema mimi, “Tazama, nimekuja; imeandikwa kuhusu mimi katika kitabu cha hati.
Lè sa a mwen di: -Men mwen, mwen vini, jan sa ekri sou mwen nan liv la.
8 Ninafurahia kuyafanya mapenzi yako, Mungu wangu; sheria zako ziko moyoni mwangu.”
Bondye mwen, mwen pran plezi m' nan fè sa ou vle m' fè. Wi, mwen kenbe lalwa ou nan fon kè m'
9 Katika kusanyiko kubwa nimetangaza habari njema ya haki yako; Yahwe, wewe unajua sikuizuia midomo yangu.
Seyè, lè tout pèp Bondye a te reyini, mwen te fè yo konnen jan ou fè nou gras. Wi, ou konn sa, mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen.
10 Sikuficha haki yako moyoni mwangu; nimetangaza uaminifu wako na wokovu wako; sijaficha uaminifu wa agano lako au uaminifu wako kwenye kusanyiko kubwa.
Mwen pa t' manke pa di jan ou fè nou gras, jan ou bay moun sekou. Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, mwen pa t' manke pa di jan ou renmen nou, jan ou toujou kenbe pawòl ou.
11 Usiache kunitendea kwa rehema, Yahwe; Uaminifu wa agano lako na uaminifu wako unihifadhi siku zote.
Seyè, ou pa janm sispann gen pitye pou mwen. W'ap toujou pwoteje m', paske ou renmen m'. Ou p'ap janm lage m'.
12 Mabaya yasiyo hesabika yamenizunguka; Maovu yangu yamenipata nami siwezi kuona chochote; nayo ni mengi kuliko nywele za kichwa changu, na moyo wangu umeniangusha.
Kote m' vire, malè tonbe sou mwen. Mwen pa ka konte yo. Peche m' yo twòp pou mwen. Mwen pa k'ap sipòte yo. Yo pi plis pase cheve nan tèt mwen. Mwen pèdi tout kouraj mwen.
13 Yahwe, tafadhari uniokoe; njoo haraka unisaidie Yahwe.
Seyè, tanpri, delivre m' non! Prese vin pote m' sekou, Seyè.
14 Waaibike na wafedheheke kabisa wanaufuatilia uhai wangu wauondoe. Warudishwe nyuma na wadharaulike, wale wanaofurahia kuniumiza.
Moun k'ap chache touye m' yo, se pou yo tout wont, se pou yo pa ka leve tèt yo. Moun ki anvi wè malè rive mwen, se pou yo renka kò yo, se pou yo wont.
15 Waogopeshwe kwa sababu ya aibu yao, wale waniambiao, “Aha, aha!”
Moun k'ap lonje dwèt sou mwen yo, se pou sezisman pran yo tèlman yo wont.
16 Bali wale wote wakutafutao wafurahi na kushangilia katika wewe; na kila mmoja apendaye wokovu wako aseme daima, “Asifiwe Yahwe.”
Men, tout moun ki vin jwenn ou, se pou yo kontan, se pou yo fè fèt. Tout moun ki renmen jan ou delivre yo a, se tout tan pou yo di: -Seyè a gen gwo pouvwa!
17 Mimi ni maskini na muhitaji; lakini Bwana hunifikiria. Wewe ni msaada wangu nawe huja kuniokoa; usichelewe, Mungu wangu.
Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye. Men ou menm ki mèt mwen, pa bliye m'. Se ou ki tout sekou mwen, se ou ki tout delivrans mwen. Bondye mwen, pa mize!