< San Mateo 14 >

1 EN aquel tiempo Herodes el tetrarca oyó la fama de Jesús,
Nan lè sa a, Hérode, tetrak la, te tande nouvèl a Jésus.
2 Y dijo á sus criados: Este es Juan el Bautista: él ha resucitado de los muertos, y por eso virtudes obran en él.
Konsa, Li te di a sèvitè pa li yo: “Se Jean Baptiste sa a ye. Li gen tan leve soti vivan nan lanmò. Se pou sa li kapab fè tout mirak sa yo.”
3 Porque Herodes había prendido á Juan, y le había aprisionado y puesto en la cárcel, por causa de Herodías, mujer de Felipe su hermano;
Paske lè Hérode te fè yo arete Jean, li te mare li e mete li nan prizon akoz Hérodias, madanm a frè li, Philippe.
4 Porque Juan le decía: No te es lícito tenerla.
Paske Jean t ap di li ke li pa pèmèt pou l ta genyen l kon madanm.
5 Y quería matarle, mas temía al pueblo; porque le tenían como á profeta.
Epi malgre ke Hérode te vle touye li, li te pè pèp la paske yo te konsidere li kon yon pwofèt.
6 Mas celebrándose el día del nacimiento de Herodes, la hija de Herodías danzó en medio, y agradó á Herodes.
Men lè fèt nesans Hérode te rive, Pitit a Hérodias te vin danse devan yo, e Hérode te trè kontan.
7 Y prometió él con juramento de darle todo lo que pidiese.
Konsa, li menm te sèmante pou bay li nenpòt sa ke li te mande li.
8 Y ella, instruída primero de su madre, dijo: Dame aquí en un plato la cabeza de Juan el Bautista.
Akoz ke fi a te ankouraje pa manman l, li te di: “Ban m isit la menm sou yon plato, tèt a Jean Baptiste.”
9 Entonces el rey se entristeció; mas por el juramento, y por los que estaban juntamente á la mesa, mandó que se le diese.
Malgre sa te fè l tris, wa a te kòmande sa fèt akoz sèman an, e akoz tout vizitè ki te la avèk yo.
10 Y enviando, degolló á Juan en la cárcel.
Li te voye fè yo koupe tèt a Jean nan prizon an.
11 Y fué traída su cabeza en un plato, y dada á la muchacha; y ella la presentó á su madre.
Yo te pote tèt li sou yon plato e te bay fi a. Konsa, fi a te pote l bay manman l.
12 Entonces llegaron sus discípulos, y tomaron el cuerpo, y lo enterraron; y fueron, y dieron las nuevas á Jesús.
Disip li yo te vin pran kò a e te antere l. Apre, yo te ale bay rapò a Jésus.
13 Y oyéndo[lo] Jesús, se apartó de allí en un barco á un lugar descierto, apartado: y cuando las gentes [lo] oyeron, le siguieron á pie de las ciudades.
Lè Jésus tande sa, Li te retire kò L nan yon kannòt pou kont Li nan yon landwa izole. Lè foul la te tande sa, yo te sòti lavil la apye pou swiv Li.
14 Y saliendo Jesús, vió un gran gentío, y tuvo compasión de ellos, y sanó á los que de ellos había enfermos.
Lè L te debake atè, Li te wè yon gran foul. Li te gen konpasyon pou yo, e Li te geri malad yo.
15 Y cuando fué la tarde del día, se llegaron á él sus discípulos, diciendo: El lugar es desierto, y el tiempo es ya pasado: despide las gentes, para que se vayan por las aldeas, y compren para sí de comer.
Lè li te vin fènwa, disip yo te vin di Li: “Plas sa a dezète, e lè a gen tan depase. Konsa, voye foul la ale pou yo kapab rive nan bouk yo pou achte kèk manje.”
16 Y Jesús les dijo: No tienen necesidad de irse: dadles vosotros de comer.
Men Jésus te di yo: “Yo pa bezwen ale. Nou menm, bay yo manje!”
17 Y ellos dijeron: No tenemos aquí sino cinco panes y dos peces.
Yo te di Li: “Nou gen sèlman senk pen ak de grenn pwason.”
18 Y él les dijo: Traédmelos acá.
Li te di: “Pote yo ban Mwen!”
19 Y mandando á las gentes recostarse sobre la hierba, tomando los cinco panes y los dos peces, alzando los ojos al cielo, bendijo, y partió y dió los panes á los discípulos, y los discípulos á las gentes.
Li te kòmande tout foul la chita atè. Li te pran senk pen avèk de pwason yo. Li te gade anwo nan syèl la, e te beni manje a. Li te kase pen yo, Li te bay disip yo, epi disip yo te bay foul la.
20 Y comieron todos, y se hartaron; y alzaron lo que sobró de los pedazos, doce cestas llenas.
Tout te manje e tout te byen satisfè. Yo te ranmase sa ki te rete nan mòso kase yo, e yo te rete douz panyen byen plen.
21 Y los que comieron fueron como cinco mil hombres, sin las mujeres y los niños.
Te gen anviwon senk-mil gason ki te manje san konte fanm avèk timoun.
22 Y luego Jesús hizo á sus discípulos entrar en el barco, é ir delante de él á la otra parte [del lago], entre tanto que él despedía á las gentes.
Imedyatman, Li te fè disip yo antre nan kannòt la pou ale lòtbò a, pandan Li menm te voye foul la ale.
23 Y despedidas las gentes, subió al monte, apartado, á orar: y como fué la tarde del día, estaba allí solo.
Apre li te voye foul la ale, Li te monte mòn nan Li sèl Li, pou L ta kapab priye. Lè lannwit vin rive, Li te la pou kont Li.
24 Y ya el barco estaba en medio de la mar, atormentado de las ondas; porque el viento era contrario.
Men kannòt la te deja byen lwen tè a, byen bat pa vag lanmè yo, paske van an te byen move.
25 Mas á la cuarta vela de la noche, Jesús fué á ellos andando sobre la mar.
Nan katriyèm vèy nwit lan, Li te vin kote yo ap mache sou lanmè a.
26 Y los discípulos, viéndole andar sobre la mar, se turbaron, diciendo: Fantasma es. Y dieron voces de miedo.
Lè disip Li yo te wè L ap mache sou lanmè a, yo te krent, e yo te di: “Sa se yon fantom” epi yo te kriye fò avèk laperèz.
27 Mas luego Jesús les habló, diciendo: Confiad, yo soy; no tengáis miedo.
Men imedyatman, Jésus te pale avèk yo e te di: “Pran kouraj! Se Mwen menm! Pa pè.”
28 Entonces le respondió Pedro, y dijo: Señor, si tú eres, manda que yo vaya á ti sobre las aguas.
Konsa, Pierre te reponn Li: “Senyè, si se Ou menm, kòmande m vin kote Ou sou dlo a.”
29 Y él dijo: Ven. Y descendiendo Pedro del barco, andaba sobre las aguas para ir á Jesús.
Li te reponn: “Vini!” Pierre te sòti nan kannòt la, e te mache sou dlo a vè Jésus.
30 Mas viendo el viento fuerte, tuvo miedo; y comenzándose á hundir, dió voces, diciendo: Señor, sálvame.
Men lè l te wè van an, li te vin pè, e te kòmanse desann nan dlo a. Li te rele: “Senyè, sove m!”
31 Y luego Jesús, extendiendo la mano, trabó de él, y le dice: Oh [hombre] de poca fe, ¿por qué dudaste?
Lapoula, Jésus te lonje men li e te kenbe l. Li te di l konsa: “Ou menm avèk mank lafwa, poukisa ou te doute?”
32 Y como ellos entraron en el barco, sosegóse el viento.
Lè yo te fin antre nan kannòt la, van an te vin sispann.
33 Entonces los que estaban en el barco, vinieron y le adoraron, diciendo: Verdaderamente eres Hijo de Dios.
Sila ki te nan kannòt yo te adore Li. Yo te di: “Anverite, Ou se Fis Bondye a!”
34 Y llegando á la otra parte, vinieron á la tierra de Genezaret.
Lè yo te fin travèse, yo te rive atè nan Génésareth.
35 Y como le conocieron los hombres de aquel lugar, enviaron por toda aquella tierra alrededor, y trajeron á él todos los enfermos;
Lè moun nan plas sa yo te rekonèt Li, yo te voye nouvèl nan tout ozanviwon an, e yo te pote bay Li tout sila ki te malad yo.
36 Y le rogaban que solamente tocasen el borde de su manto; y todos los que tocaron, quedaron sanos.
Yo t ap sipliye L pou yo ta kapab sèlman touche rebò a vètman Li, e tout sila ki te touche L yo te geri nèt.

< San Mateo 14 >