< Salmos 111 >
1 Alabaré a Jehová con todo el corazón, en la compañía y congregación de los rectos.
Louwe SENYÈ a! Mwen va bay lwanj a SENYÈ a ak tout kè m, Ansanm ak moun ladwati yo ak nan asanble a.
2 Grandes son las obras de Jehová: buscadas de todos los que las quieren.
Gran se zèv a SENYÈ yo! Yo etidye pa tout moun ki pran plezi nan yo.
3 Honra y hermosura es su obra; y su justicia permanece para siempre.
Ranpli ak bèlte avèk majeste se zèv Li yo. Ladwati Li dire jis pou tout tan.
4 Hizo memorables sus maravillas: clemente y misericordioso es Jehová.
Li te fè mèvèy Li yo pou nou sonje nèt. SENYÈ a ranpli ak gras avèk mizerikòd.
5 Dio mantenimiento a los que le temen: para siempre se acordará de su concierto.
Li te bay manje a (sila) ki gen lakrent Li yo. Li va sonje akò Li a jis pou tout tan.
6 La fortaleza de sus obras anunció a su pueblo: dándoles la heredad de los Gentiles.
Li te fè pèp Li wè pouvwa a a zèv Li yo, lè L te bay yo nasyon yo kòn eritaj.
7 Las obras de sus manos son verdad y juicio: fieles son todos sus mandamientos;
Zèv men Li yo se verite avèk jistis. Tout prensip Li yo vrè.
8 Afirmados por siglo de siglo: hechos en verdad y en rectitud.
Yo va andire jis pou tout tan. Yo fèt nan verite avèk ladwati.
9 Redención ha enviado a su pueblo; ordenó para siempre su concierto: santo y terrible es su nombre.
Li te voye delivrans a pèp Li a. Li te òdone akò Li a jis pou tout tan. Sen e mèvèye, se non Li.
10 El principio de la sabiduría es el temor de Jehová; entendimiento bueno es a todos los que guardan sus mandamientos: su loor permanece para siempre.
Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès. Tout (sila) ki fè kòmandman Li yo gen bon konprann. Lwanj Li dire jis pou tout tan!