< Isaías 64 >

1 Oh, que desgarres los cielos, que bajaras, para que las montañas tiemblen ante tu presencia...
O ke Ou ta chire syèl yo, ke Ou ta desann, ke mòn yo ta tranble devan prezans Ou—
2 como cuando el fuego enciende la broza, y el fuego hace que el agua hierva. Da a conocer tu nombre a tus adversarios, para que las naciones tiemblen ante tu presencia.
tankou dife anflame touf bwa chan an, tankou dife fè dlo bouyi. Fè non Ou rekonèt a advèsè Ou yo, pou nasyon yo ka tranble devan prezans Ou!
3 Cuando hiciste cosas increíbles que no buscamos, bajaste, y las montañas temblaron ante tu presencia.
Kon lè Ou te fè bagay mèvèy ke nou pa t prevwa yo; Ou te desann. Mòn yo te tranble devan prezans Ou.
4 Porque desde antiguo los hombres no han oído, ni percibido por el oído, ni el ojo ha visto un Dios aparte de ti, que trabaja para él y que le espera.
Depi nan jou ansyen yo, yo pa t tande ni sezi ak zorèy, ni zye pa t wè yon Bondye sof ke Ou, k ap aji pou sila k ap tann Li an.
5 Te encuentras con el que se alegra y hace justicia, los que te recuerdan en tus caminos. He aquí que te enojaste y pecamos. Llevamos mucho tiempo en pecado. ¿Nos salvaremos?
Ou rankontre avèk sila ki rejwi a nan fè sa ki dwat, ki sonje Ou nan chemen pa Ou yo. Gade byen, Ou te fache paske nou te peche, nou te kontinye nan peche pandan anpil tan. Èske nou va sove?
6 Porque todos nos hemos vuelto como un impuro, y toda nuestra justicia es como un vestido contaminado. Todos nos desvanecemos como una hoja; y nuestras iniquidades, como el viento, nos llevan.
Paske nou tout te vini tankou yon moun ki pa pwòp. Tout zèv ladwati nou yo tankou yon rad ki sal nèt; konsa, nou tout vin fennen kon yon fèy, e inikite nou yo tankou van, pote nou ale.
7 No hay nadie que invoque tu nombre, que se agita para agarrarte; pues nos has ocultado tu rostro, y nos han consumido por medio de nuestras iniquidades.
Nanpwen moun ki rele non Ou, ki leve pou atache a Ou menm; paske Ou te kache figi Ou a nou menm e te livre nou nan pouvwa inikite nou yo.
8 Pero ahora, Yahvé, tú eres nuestro Padre. Nosotros somos la arcilla y tú nuestro alfarero. Todos somos obra de tu mano.
Pou sa, O SENYÈ, Ou se Papa nou, nou se ajil la e se Ou ki met kanari a; nou tout se zèv men Ou yo.
9 No te enfades, Yahvé. No te acuerdes de la iniquidad para siempre. Mire y vea, se lo rogamos, todos somos tu gente.
Pa vin fache depase, O SENYÈ, ni sonje inikite nou yo pou tout tan. Gade byen, gade koulye a, nou tout se pèp Ou a.
10 Tus ciudades sagradas se han convertido en un desierto. Sión se ha convertido en un desierto, Jerusalén una desolación.
Vil sen Ou yo te vin yon dezè; Sion te vin yon dezè, Jérusalem yon kote dezole.
11 Nuestra santa y hermosa casa donde nuestros padres te alabaron se quema con fuego. Todos nuestros lugares placenteros están despojados.
Bèl kay sen nou an, kote papa nou yo te ba Ou lwanj yo, te brile ak dife; epi tout bagay ki te chè a nou menm te vin kraze nèt.
12 ¿Te vas a contener por estas cosas, Yahvé? ¿Guardarás silencio y nos castigarás muy severamente?
Èske Ou va ralanti Ou menm, devan bagay sa yo, O SENYÈ? Èske Ou va rete an silans e bannou lapèn ki depase mezi a?

< Isaías 64 >