< Salmos 101 >
1 Un salmo de David. Cantaré de tu inmenso amor y de tu buen juicio. Cantaré alabanzas a ti, Señor.
Yon Sòm David Mwen va chante de lanmou dous avèk jistis. A Ou menm, O SENYÈ, mwen va chante lwanj.
2 Me aseguraré de que mi vida sea irreprochable. ¿Cuándo vendrás a ayudarme? Mi vida será íntegra, incluso en privado.
Mwen va prete atansyon a chemen san repwòch la. Kilè Ou va vini kote mwen? Mwen va mache anndan lakay mwen ak entegrite nan kè m.
3 No me fijaré en nada malo. Porque odio hacer el mal, y no quiero tener nada que ver con él.
Mwen p ap mete okenn vye bagay devan zye m. Mwen rayi zèv a (sila) ki chite yo. Sa p ap tache men l sou mwen.
4 No tendré malos pensamientos, ni consideraré acción perversa, por más mínima que sea.
Yon kè ki pèvès va oblije kite prezans mwen. Mwen p ap aksepte konnen okenn mal.
5 Haré callar a cualquiera que levante calumnias contra su prójimo. No toleraré a nadie que sea orgulloso o arrogante.
Nenpòt moun ki bay vwazen li kout lang an sekrè, li menm, mwen va detwi. Nenpòt moun ak rega awogan oswa ògèy, mwen p ap sipòte li.
6 Yo busco a gente leal que viva conmigo; solo aquellos que son dignos de confianza me servirán.
Zye m va sou fidèl a peyi a pou yo kab rete avè m. (Sila) ki mache nan chemen san fot la, se li menm ki va sèvitè mwen.
7 Nadie deshonesto vivirá en mi casa; ningún mentiroso será permitido en mi presencia.
(Sila) ki pratike manti p ap rete lakay mwen. (Sila) ki bay manti p ap kenbe pozisyon li devan m.
8 Trabajo cada día para silenciar a los malvados de la tierra, para librar a la ciudad del Señor de todos los que hacen mal.
Chak maten mwen va detwi tout mechan nan peyi yo, Pou m kab koupe retire nan vil SENYÈ a, tout moun ki fè inikite yo.