< Psalmi 76 >
1 V Judu je Bog poznan. Njegovo ime v Izraelu je veliko.
Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sòm Asaf sa a, se yon chante li ye. Yo konnen ki moun Bondye ye nan tout peyi Jida. Se tout moun k'ap nonmen non l' nan peyi Izrayèl.
2 Tudi v Salemu je njegovo šotorsko svetišče in njegovo bivališče na Sionu.
Li gen kay li lavil Salèm, li rete sou mòn Siyon.
3 Tam je prelomil puščice loka, ščit, meč in bitko. (Sela)
Se la li te kase flèch yo, se la li te kase zam yo gen pou defann yo, ak zam yo gen pou atake. Wi, li kase tout zam moun sèvi pou fè lagè.
4 Ti si veličastnejši in odličnejši kakor gore plena.
Gade jan ou gen pouvwa, Bondye! Gade jan w'ap mache tèt wo, lè w'ap desann soti nan mòn kote ou te kraze lènmi ou yo!
5 Arogantni so oplenjeni, spali so svoje spanje. Nihče izmed mogočnih mož ni našel svojih rok.
Sòlda ki te gen anpil kouraj nan lagè pèdi tout zafè yo. Koulye a y'ap dòmi nèt, yo mouri. Pa gen yonn nan vanyan gason sa yo ki te ka defann tèt yo.
6 Ob tvojem oštevanju, Bog Jakobov, sta tako bojni voz, kakor konj vržena v smrtno spanje.
Aa, Bondye Jakòb! Depi ou fè va sou yo, ni kavalye ni chwal, yo tout yo tonbe, yo mouri frèt.
7 Ti, celó tebe se je bati in kdo lahko stoji v tvojem pogledu, kadar si jezen?
Men ou menm, ou fè moun respekte ou! Kilès ki ka rete kanpe devan ou lè ou an kòlè?
8 Povzročil si, da se z neba sliši sodba; zemlja se je zbala in postala tiha,
Ou rete nan syèl la, ou fè konnen jan w'ap jije. Tout moun ki sou latè rete dousman tèlman yo pè,
9 ko je k sodbi vstal Bog, da reši vse krotke na zemlji. (Sela)
lè Bondye leve pou bay santans li, pou l' delivre tout malere y'ap peze sou tè a.
10 Zagotovo te bo hvalil človeški bes. Ostanek besa boš ti obrzdal.
Menm lè lèzòm an kòlè, sa sèvi yon lwanj pou ou. Moun ou sove anba lanmò va fè fèt pou ou.
11 Zaobljubi se in plačaj Gospodu, svojemu Bogu. Naj vsi tisti, ki so okoli njega, prinesejo darila tistemu, ki bi se ga morali bati.
Fè pwomès ou bay Seyè a ki Bondye, epi kenbe pawòl ou. Nou menm, tout nasyon ki bò kote l' yo, pote kado bay Bondye ki fè moun respekte l' la.
12 Odrezal bo duha princev. Strašen je do zemeljskih kraljev.
Li kraze lògèy chèf yo, li fè wa latè yo respekte l'.