< Четвертая книга Царств 22 >
1 Сын осми лет бе Иосиа, егда нача царствовати, и тридесять едино лето царствова во Иерусалиме. Имя же матери его Иедида, дщи Едеева, от Васурофа.
Jozyas te gen witan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan tranteyennan. Manman l' te rele Jedida. Se te pitit fi Adaja, moun lavil Bozka.
2 И сотвори правое пред очима Господнима, и хождаше во всех путех Давида отца своего, не совратися ни на десно, ни на шуее.
Jozyas te fè sa ki dwat devan Seyè a. Li mache pye pou pye dèyè David, zansèt li, nan tou sa l'ap fè san li pa janm fè sa ki mal.
3 И бысть во осмоенадесять лето царства Иосиина, в седмый месяц, посла царь Сафана, сына Езелиина, сына Месолламля, книгочию дому Господня, глаголя:
Wa Jozyas t'ap mache sou dizwitan depi li t'ap gouvènen. Yon jou li pran sekretè palè a, Chafan, pitit gason Azalya a, pitit pitit Mechoulam lan, li voye l' nan Tanp Seyè a, li di l' konsa:
4 взыди к Хелкии жерцу великому и запечатлей сребро внесеное в дом Господень, еже собраша стрегущии врат от людий,
—Ale jwenn Ilkija, granprèt la. W'a di l' pou l' fè rapò kantite lajan prèt ki desèvis devan pòt Tanp lan ranmase nan men pèp la.
5 и да дадут е в руки творящих дела приставником в храме Господни: да дадят е творящым дела в дому Господни, еже подкрепляти разселины храма,
W'a di l' pou l' renmèt lajan an nan men mesye ki reskonsab travay ki pou fèt nan Tanp lan, pou yo menm yo ka peye moun k'ap travay repare Tanp lan, ki vle di:
6 древоделем и каменосечцем и покупающым древа и камение тесаное на утверждение разселин храма.
bòs chapant yo, kontremèt yo ak bòs mason yo, lèfini pou yo achte bwa ak wòch yo bezwen pou fè reparasyon nan Tanp lan.
7 Обаче не сочисляху их о сребре даемем им, яко верно тии творяху.
Li p'ap bezwen fè regleman ak moun sa yo, paske se moun serye yo ye.
8 И рече Хелкиа жрец великий ко Сафану книгочию: книгу закона (Божия) обретох в дому Господни. И даде Хелкиа книгу Сафану, и прочте ю.
Lè Chafan, sekretè a, fin bay Ilkija lòd wa a, Ilkija di l' konsa: —Mwen jwenn liv lalwa a nan Tanp Seyè a. Ilkija bay Chafan liv la. Chafan li l'.
9 И вниде в дом Господень и царю Иосии, и возвести царю слово и рече: слияша раби твои сребро обретшееся в дому Господни, и даша е приставницы в руки творящым дела в храме Господни.
Lèfini, li tounen al jwenn wa a, li fè rapò li. Li di l' konsa: —Moun ou yo pran tout lajan ki te nan Tanp lan, yo renmèt li bay moun ki reskonsab fè reparasyon nan Tanp Seyè a.
10 И рече Сафан книгочия к царю, глаголя книгу закона даде ми Хелкиа жрец. И прочте ю Сафан пред царем.
Lèfini, li di wa a: —Ilkija, prèt la, te ban m' yon liv tou. Chafan li liv la pou wa a.
11 И бысть яко услыша царь словеса книги законныя, и раздра ризы своя,
Lè wa a tande pawòl ki te ekri nan liv la, li chire rad sou li a sitèlman li te sezi.
12 и заповеда царь Хелкии жрецу и Ахикаму сыну Сафаню, и Аховору сыну Михеину и Сафану книгочию и Асаию рабу цареву, глаголя:
Li fè chache Ilkija, prèt la, Akikam, pitit Chafan an, Achbò, pitit Mikaja a, Chafan, sekretè palè a, ak Asaja, nèg konfyans wa a. Li ba yo lòd sa a:
13 приидите, испросите Господа о мне и о всех людех и о всем Иуде, и о словесех книги обретшияся сея, яко велик гнев Господень разжженый на нас, понеже не послушаша отцы наши словес книги сея, еже творити по всем написанным на ны.
—Ale chache konnen sa Seyè a vle nou fè, mwen menm ansanm ak tout pèp Jida a, avèk tout pawòl ki nan liv nou jwenn lan! Seyè a move anpil sou nou, paske zansèt nou yo pa t' okipe sa yo di nan liv la, ni yo pa t' fè tou sa ki ekri ladan l'.
14 И иде Хелкиа жрец и Ахикам, и Аховор и Сафан и Асаиас ко Олдаме пророчице, жене Селима сына Фекуева, сына Араса ризохранителя: и сия живяше во Иерусалиме в масене: и глаголаша к ней по сему.
Se konsa Ilkija, prèt la, Akikam, Akbò, Chafan ak Asaja al kay Oulda, yon pwofèt fanm ki te rete nan katye yo te fèk bati lavil Jerizalèm lan. Oulda sa a se te madanm yon nonm yo rele Chaloum, pitit Tikva, pitit pitit Aras ki te reskonsab rad seremoni yo. Mesye yo di Oulda sa ki te rive.
15 И рече им: сице глаголет Господь Бог Израилев: рцыте мужеви пославшему вы ко мне:
Oulda reponn: —Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Tounen al di moun ki voye nou bò kote m' lan:
16 тако глаголет Господь: се, Аз наведу злая на место сие и на живущыя в нем, вся словеса книжная, яже прочте царь Иудин:
Men mesaj Seyè a voye ba li. Mwen pral voye yon malè sou lavil Jerizalèm ansanm ak sou tout moun li yo jan sa ekri nan liv wa Jida a te li a.
17 понеже оставиша Мя и кадяху богом другим, яко да прогневают Мя делесы рук своих, и разжжется ярость Моя на место сие и не угаснет:
Yo vire do ban mwen, yo fè sèvis pou lòt bondye. Avèk tout zak sa yo, yo fè m' fè kolè. Mwen move anpil sou lavil Jerizalèm. Kolè m' poko ap pase.
18 и ко царю Иудину пославшему вас вопросити Господа, сице рцыте ему: тако глаголет Господь Бог Израилев: словеса, яже слышал еси,
Men sa n'a di wa peyi Jida a ki voye nou vin konnen volonte Bondye a. Wi, men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di l': Ou tande sa ki ekri nan liv la.
19 за сия, яко умягчися сердце твое и смирился еси пред лицем Господним, услышав елика глаголах на место сие и на живущыя в нем, еже быти в погубление и в проклятие, и раздрал еси ризы твоя, и плакался предо Мною, и Аз убо услышах, глаголет Господь:
Sa fè kè ou fè ou mal, ou soumèt ou devan mwen, lè ou tande deklarasyon mwen fè sou lavil sa a ak sou tout moun li yo. Se bagay ki pral fè moun mete men nan bouch. Y'ap sèvi ak non yo pou bay madichon. Wi, lè ou tande sa ou chire rad sou ou, dlo koule nan je ou. Se poutèt sa, mwen menm tou, mwen tande ou. Se mwen menm, Seyè a, k'ap di ou sa.
20 сего ради Аз приложу тя ко отцем твоим, и соберешися во гроб твой в мире, и не узриши очима твоима всех злых, яже Аз имам навести на место сие и на живущыя в нем.
Ou menm, w'ap mouri ak kè poze nan kabann ou, y'ap antere ou nan menm kavo ak zansèt ou yo. Ou p'ap gen tan wè malè m'ap voye sou lavil Jerizalèm lan. Mesye yo tounen pote mesaj la bay wa Jozyas.