< Псалми 139 >
1 Господе! Ти ме кушаш и знаш.
Pou direktè koral la; Yon Sòm David O SENYÈ, Ou te sonde mwen e te konnen mwen.
2 Ти знаш кад седам и кад устанем; Ти знаш помисли моје издалека;
Ou konnen lè m chita ak lè m leve. Ou konprann panse mwen yo de lwen.
3 Кад ходим и кад се одмарам, Ти си око мене, и све путеве моје видиш.
Ou konn egzamine chemen mwen fè avèk kouche mwen, e rekonèt bagay pi entim nan chemen mwen yo.
4 Још нема речи на језику мом, а Ти, Господе, гле, већ све знаш.
Menm avan mwen gen yon pawòl sou bouch mwen, Men gade, O SENYÈ, Ou konnen tout li menm.
5 Састраг и спред Ти си ме заклонио, и ставио на ме руку своју.
Ou fin antoure mwen ni devan, ni dèyè e Ou te poze men Ou sou mwen.
6 Чудно је за ме знање Твоје, високо, не могу да га докучим.
Konesans konsa twò mèvèye pou mwen. Li twò wo. Mwen pa kab rive kote l.
7 Куда бих отишао од духа Твог, и од лица Твог куда бих побегао?
Kibò mwen kab ale kite lespri Ou? Oswa kibò mwen kab sove ale pou m ta kite prezans Ou?
8 Да изађем на небо, Ти си онде. Да сиђем у пакао, онде си. (Sheol )
Si mwen monte nan syèl la, Ou la. Si m fè kabann mwen nan sejou mò yo, men vwala, Ou la. (Sheol )
9 Да се дигнем на крилима од зоре, и преселим се на крај мора:
Si mwen pran zèl nan maten, si m ta rete nan pati lanmè pi lwen an,
10 И онде ће ме рука Твоја водити, и држати ме десница Твоја.
menm la, se men Ou k ap mennen mwen, e se men dwat Ou k ap kenbe m.
11 Да кажем: Да ако ме мрак сакрије; али је и ноћ као видело око мене.
Si mwen di: “Anverite, tenèb la va kouvri mwen, e limyè ki antoure mwen an va vin fènwa,”
12 Ни мрак неће замрачити од Тебе, и ноћ је светла као дан: мрак је као видело.
menm tenèb la pa tenèb pou Ou, e fènwa a klere menm jan ak lajounen. Tenèb ak limyè se menm pou Ou menm.
13 Јер си Ти створио шта је у мени, саставио си ме у утроби матере моје.
Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo. Ou te tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.
14 Хвалим Те, што сам дивно саздан. Дивна су дела Твоја, и душа моја то зна добро.
Mwen va bay Ou anpil remèsiman, paske mwen fèt yon fason mèvèye. Zèv Ou yo depase bon konprann e nanm mwen byen konnen sa.
15 Ниједна се кост моја није сакрила од Тебе, ако и јесам саздан тајно, откан у дубини земаљској.
Fòm mwen pa t kache a Ou menm lè m te fèt nan sekrè a, e tise kon mèvèy etonnan nan fon tè a.
16 Заметак мој видеше очи Твоје, у књизи је Твојој све то записано, и дани забележени, кад их још није било ниједног.
Zye Ou te wè matyè san fòm mwen. Epi nan liv Ou a, te deja ekri tout jou ki te òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.
17 Како су ми недокучиве помисли Твоје, Боже! Како им је велик број!
Anplis, SENYÈ, a la presye se panse Ou yo yo pou mwen! A la gran, yo gran anpil!
18 Да их бројим, више их је него песка. Кад се пробудим, још сам с Тобом.
Si m te konte yo, yo t ap an kantite depase sab. Lè m leve nan dòmi, mwen toujou avèk Ou.
19 Да хоћеш, Боже, убити безбожника! Крвопије, идите од мене.
O ke Ou ta touye mechan yo, O Bondye. Soti sou mwen, O moun ki vèse san.
20 Они говоре ружно на Тебе; узимају име Твоје узалуд непријатељи Твоји.
Paske yo pale kont Ou ak mechanste, e lènmi Ou yo pran non Ou an ven.
21 Зар да не мрзим на оне, који на Те мрзе, Господе, и да се не гадим на оне који устају на Тебе?
Èske m pa rayi (sila) ki rayi Ou yo, O SENYÈ? Epi èske mwen pa t blese menm de (sila) ki leve kont Ou yo?
22 Пуном мрзошћу мрзим на њих; непријатељи су ми.
Mwen rayi yo ak yon rayisman ale nèt. Yo devni lènmi m.
23 Окушај ме, Боже, и познај срце моје, испитај ме, и познај помисли моје.
Sonde mwen, O Bondye e konnen kè mwen. Mete mwen a leprèv e konnen panse mwen yo.
24 И види јесам ли на злом путу, и води ме на пут вечни.
Konsa, wè si gen okenn move chemen nan mwen e mennen mwen nan chemen etènèl la.