< 4 Мојсијева 29 >

1 А седмог месеца први дан да имате свети сабор; посао ропски ниједан не радите; то да вам је трубни дан.
“‘Alò, nan setyèm mwa nan premye jou nan mwa a, nou va osi fè yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay ki di. Li va pou nou yon jou pou soufle twonpèt.
2 И принесите жртву паљеницу за мирис угодни Господу, једно теле, једног овна, седам јагањаца од године здравих;
Ou va ofri yon ofrann brile kòm yon odè ki bon a SENYÈ a: yon towo, yon belye, ak sèt mal mouton nan laj 1 nan, san defo;
3 А дар уз њих белог брашна смешаног с уљем три десетине уз теле и две десетине уз овна,
osi, ofrann sereyal pa yo, farin fen mele avèk lwil: twa dizyèm efa pou towo a, de dizyèm pou belye a,
4 И по једну десетину уз свако јагње од седам јагањаца;
epi yon dizyèm pou chak nan sèt jenn mouton yo.
5 И једног јарца за грех, ради очишћења вашег;
Ofri yon mal kabrit pou yon ofrann peche, pou fè ekspiyasyon pou nou,
6 Осим жртве паљенице у почетку месеца и дара њеног, и осим свагдашње жртве паљенице и дара њеног и налива њихових по уредби њиховој, за мирис угодни, за жртву огњену Господу.
anplis, ofrann brile a lalin nèf yo avèk ofrann sereyal li, ofrann brile ki fèt tout tan an avèk ofrann sereyal li, ofrann bwason pa li, selon òdonans pa yo, pou yon odè ki santi bon, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.
7 И десети дан тог месеца седмог да имате свети сабор; и мучите душе своје; не радите никакав посао;
“‘Epi nan dizyèm jou nan setyèm mwa a, nou va fè yon konvokasyon sen, e nou va imilye nou. Nou p ap fè okenn travay.
8 Него принесите Господу за мирис угодни жртву паљеницу, једно теле, једног овна, седам јагањаца од године, а нека вам је здраво;
Nou va prezante yon ofrann brile bay SENYÈ a kòm yon odè ki santi bon: yon towo, yon belye, sèt mal mouton nan laj 1 nan, ki pa gen okenn defo;
9 И дар уз њих белог брашна помешаног с уљем три десетине уз теле, две десетине уз овна,
epi ofrann sereyal pa yo, farin fen mele avèk lwil: twa dizyèm efa pou towo a, de dizyèm pou yon belye,
10 По једну десетину уза свако јагње од оних седам јагањаца;
yon dizyèm pou chak nan sèt jenn mouton yo;
11 Јарца једног за грех, осим жртве за грех ради очишћења, и осим свагдашње жртве паљенице и дара њеног и налива њихових.
yon mal kabrit pou yon ofrann peche, anplis ke ofrann peche pou ekspiyasyon an, epi ofrann brile ki fèt tout tan an, avèk ofrann sereyal la, ak ofrann bwason pa li a.
12 И петнаести дан тог месеца седмог да имате свети сабор; ниједан посао ропски не радите; него празнујте празник Господу седам дана.
“‘Nan kenzyèm jou a nan setyèm mwa a, nou va fè yon konvokasyon sen. Nou va obsève yon fèt a SENYÈ a pandan sèt jou.
13 И принесите жртву паљеницу, огњену жртву за угодни мирис Господу, тринаест телаца, два овна, четрнаест јагањаца од године, а нека су здрави;
Nou va prezante yon ofrann brile, yon ofrann pa dife kòm yon odè ki santi bon a SENYÈ a: trèz towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan, ki san defo;
14 И дар уз њих брашна белог смешана с уљем по три десетине уза свако теле од тринаест телаца, по две десетине уза сваког овна од она два овна,
epi ofrann sereyal pa yo, farin fen mele avèk lwil: twa dizyèm efa pou chak nan trèz towo yo, de dizyèm pou chak nan de belye yo,
15 И по једну десетину уза свако јагње од оних четрнаест јагањаца;
epi yon dizyèm pou chak nan katòz belye yo;
16 И једног јарца за грех, осим свагдашње жртве паљенице и дара њеног и налива њеног.
epi yon mal mouton pou yon ofrann peche, anplis ofrann brile kontinyèl la, ofrann sereyal la, ak ofrann bwason pa li a.
17 А други део дванаест телаца, два овна, четрнаест јагањаца од године здравих,
“‘Epi nan dezyèm jou a: douz towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan san defo;
18 И дар њихов и налив њихов, уз теоце, уз овнове и уз јагањце, по броју њиховом, како је уређено;
epi ofrann sereyal avèk ofrann bwason pa yo pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn mouton yo, pa nimewo a yo selon òdonans lan;
19 И јарца једног за грех, осим свагдашње жртве паљенице и дара њеног и налива њеног.
epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis ofrann kontinyèl la avèk ofrann sereyal ak ofrann bwason pa yo.
20 А трећи дан једанаест телаца, два овна и четрнаест јагањаца од године здравих;
“‘Epi nan twazyèm jou a: onz towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan san defo;
21 И дарове њихове и наливе њихове, уз теоце, уз овнове и уз јагањце, по броју њиховом, како је уређено;
epi ofrann sereyal pa yo, ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn mouton yo, selon nimewo òdonans lan;
22 И једног јарца за грех, осим свагдашње жртве паљенице и дара њеног и налива њеног.
epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile k ap fèt tout tan an, ofrann sereyal la, ak ofrann bwason pa li a.
23 А четврти дан десет телаца, два овна, четрнаест јагањаца од године здравих;
“‘Epi nan katriyèm jou a: de towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan san defo;
24 И дар њихов и наливе њихове, уз теоце, уз овнове и уз јагањце, по броју њиховом, како је уређено;
ofrann sereyal pa yo a ak ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn ti mouton yo, selon nimewo òdonans lan;
25 И једног јарца за грех, осим свагдашње жртве паљенице и дара њеног и налива њеног.
epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis ofrann brile ki fèt tout tan an, ofrann sereyal la ak ofrann bwason pa li.
26 А пети дан девет телаца, два овна, четрнаест јагањаца од године здравих;
“‘Epi nan senkyèm jou a: nèf towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan san defo’
27 И дар њихов и наливе њихове, уз теоце, уз овнове и уз јагањце, по броју њиховом, како је уређено;
epi ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou mouton yo selon nimewo òdonans lan;
28 И једног јарца за грех, осим свагдашње жртве паљенице и дара њеног и налива њеног.
epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile ki fèt tout tan an ak ofrann sereyal avèk ofrann bwason pa li a.
29 А шести дан осам телаца, два овна, четрнаест јагањаца од године здравих,
“‘Alò, nan sizyèm jou a: uit towo, de belye, katòz mal mouton 1 nan san defo;
30 И дар њихов и наливе њихове, уз теоце, уз овнове и уз јагањце, по броју њиховом, како је уређено;
epi ofrann sereyal yo ak ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn ti mouton yo, selon nimewo òdonans lan;
31 И једног јарца за грех, осим свагдашње жртве паљенице и дара њеног и налива њеног.
epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile ki fèt tout tan an avèk ofrann sereyal ak ofrann bwason pa li a.
32 А седми дан седам телаца, два овна, четрнаест јагањаца од године здравих,
“‘Alò, nan setyèm jou a: sèt towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan, san defo;
33 И дар њихов и наливе њихове, уз теоце, уз овнове и уз јагањце, по броју њиховом, како је уређено;
epi ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason yo pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn mouton yo selon nimewo òdonans lan,
34 И јарца за грех, осим свагдашње жртве паљенице и дара њеног и налива њеног.
epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile ki fèt tout tan an, ofrann sereyal la ak ofrann bwason pa li a.
35 А осми дан да вам је празник; ниједан посао ропски не радите.
“‘Nan uityèm jou a, nou va fè yon asanble solanèl; nou pa pou fè okenn travay di nan jou sa yo.
36 Него принесите жртву паљеницу, жртву огњену за угодни мирис Господу, једно теле, једног овна, седам јагањаца од године здравих.
Men nou va prezante yon ofrann brile, yon ofrann pa dife kòm yon ofrann ki santi bon bay SENYÈ a: yon towo, yon belye, sèt mal mouton nan laj 1 nan san defo;
37 И дар њихов и наливе њихове, уз теле, уз овна и уз јагањце, по броју њиховом, како је уређено;
ofrann sereyal la ak ofrann bwason pa yo pou towo a, pou belye a ak pou jenn mouton yo, selon nimewo òdonans lan;
38 И једног јарца за грех, осим свагдашње жртве паљенице и дара њеног и налива њеног.
epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile ki fèt tout tan an ak ofrann sereyal la avèk ofrann bwason pa li a.
39 То приносите Господу на празнике своје, осим оног што бисте по завету или од своје воље принели за жртве паљенице или дарове или наливе или жртве захвалне.
“‘Nou va prezante sila yo bay SENYÈ a nan lè fèt apwente nou chwazi yo—anplis, ofrann ve nou yo ak ofrann bòn volonte nou yo—pou ofrann brile nou yo, pou ofrann sereyal pa nou yo, ofrann bwason pa nou yo ak ofrann lapè nou yo.’”
40 И каза Мојсије синовима Израиљевим све што заповеди Господ.
Moïse te pale avèk fis Israël yo an akò avèk tout sa ke SENYÈ a te kòmande li yo.

< 4 Мојсијева 29 >