< Књига пророка Језекиља 31 >
1 А једанаесте године, трећег месеца, првог дана, дође ми реч Господња говорећи:
Nan onzyèm ane, nan twazyèm mwa, nan premye nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
2 Сине човечји, кажи Фараону цару мисирском и народу његовом: На шта си налик у величини својој?
“Fis a lòm, pale a Farawon, wa Égypte la, ak gwo foul lame li yo: ‘Ak kilès ou sanble nan grandè ou?
3 Ето, Асирац беше кедар на Ливану, лепих грана и дебелог хлада и високог раста, коме врхови беху међу густим гранама.
Gade byen, Assyrie te yon pye sèd nan Liban. Branch li yo te bèl nan lonbraj forè a, e byen wo. Tèt li te rive pami nwaj yo.
4 Вода га одгоји, бездана га узвиси; она рекама својим течаше око његовог стабла и пушташе потоке своје к свим дрветима пољским.
Dlo te fè l grandi, pwofondè te fè li wo. Ak rivyè li yo, li te tout tan ap vin elaji lizyè li toupatou. Li te voye kanal li yo nan tout pyebwa chan yo.
5 Зато раст његов надвиси сва дрвета пољска, и умножише се гране његове, и од мноштва воде раширише се одводе његове кад их пушташе.
Akoz sa, wotè li te piwo ke tout pyebwa chan yo, e branch li yo te vin anpil e byen long akoz anpil dlo ki te fè l gaye yo.
6 На гранама његовим вијаху гнезда све птице небеске, и под гранама његовим све звери пољске лежаху се, и у хладу његовом сеђаху сви велики народи.
Tout zwazo syèl yo te fè nich nan branch li yo. Anba branch sila yo, tout bèt chan yo te vin fè pitit. Tout gran nasyon yo te vin rete anba lonbraj li.
7 И беше леп величином својом и дужином грана својих, јер му корен беше код велике воде.
Konsa, li te bèl nan grandè li, nan longè branch li yo; paske rasin li te lonje rive kote anpil dlo.
8 Кедри у врту Божјем не могаху га заклонити, јеле не могаху се изједначити с његовим гранама, и јавори не беху као огранци његови; ниједно дрво у врту Божјем не беше на лепоту тако као он.
Pye sèd nan jaden Bondye yo pa t ka egal ak li. Pye sipre yo pa t ka gen branch tankou l, ni pa t gen lòt bwa ki konpare ak branch li yo. Menm bwa pen an pa t gen branch kon li. Pa t gen pyebwa nan jaden Bondye yo ki ta ka parèy li nan bèlte.
9 Учиних га лепог мноштвом грана да му завиђаху сва дрвета едемска што беху у врту Божјем.
Mwen te fè l bèl ak fòs kantite branch li yo, e tout pyebwa Éden yo te jalou devan l.’
10 Зато овако вели Господ Господ: Што је висок нарастао, и дигао врх свој међу густе гране, и срце се његово понело висином његовом,
“Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz li byenwo nan wotè l, te mete tèt li rive pami nwaj yo, e kè l te awogan nan wotè li,
11 Зато га дадох у руку најсилнијем међу народима да чини с њим шта хоће, одвргох га за безбожност његову.
pou sa, Mwen va livre li nan men a pi pwisan an a nasyon yo. Li va regle sa nèt. Selon mechanste li, konsa Mwen te chase li.
12 И туђинци, најљући између народа, посекоше га и оставише га; гране му попадаше по горама и по свим долинама, и огранци му се изломише по свим потоцима на земљи; и сви народи земаљски отидоше из хлада његовог и оставише га.
Etranje yo, pi pwisan a nasyon yo, te koupe li a tè e te kite li. Sou mòn yo e nan tout vale yo, branch li yo te vin tonbe, e gwo branch li yo te vin kase nan tout ravin peyi yo. Konsa, tout pèp sou latè yo te desann kite lonbraj li e te menm kite li.
13 На изваљеном пању његовом станују све птице небеске, и на гранама су његовим све звери пољске,
Nan gwo dega li yo, tout zwazo syèl yo va vin demere e tout bèt chan yo va sou branch pa l ki tonbe,
14 Да се не поноси висином својом ни једно дрво крај воде и не диже врха свог међу густе гране, и од свих што се натапају да се ни једно не узда у себе ради своје величине; јер су сви предани на смрт, бачени у најдоњи крај земље међу синове људске с онима који силазе у јаму.
pou tout pyebwa akote dlo yo pa ka vin leve tèt yo wo nan wotè yo. Pwisan pa yo p ap mete tèt yo pami nwaj yo, menm sa yo akote sous dlo yo pa ka kanpe dwat nan wotè yo. Paske yo tout te livre a lanmò, pou rive anba tè pami fis a lòm yo, ak sila ki desann nan twou fòs yo.’
15 Овако вели Господ Господ: У који дан сиђе у гроб, учиних жалост, покрих бездану њега ради, и уставих реке њене, и велика вода стаде, и расцвелих за њим Ливан, и сва дрвета пољска повенуше за њим. (Sheol )
“Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Nan jou ke li te desann nan sejou mò yo, Mwen te koze lamantasyon. Mwen te fèmen pwofondè a sou li epi te bouche rivyè li yo. Epi anpil dlo li yo Mwen te vin bouche nèt. Mwen te fè Liban kriye ak gwo doulè pou li e tout pyebwa nan chan yo te vin fennen akoz li. (Sheol )
16 Праском падања његовог устресох народе, кад га свалих у гроб с онима који силазе у јаму; и утешише се на најдоњој страни земље сва дрвета едемска, што је најбоље и најлепше на Ливану, сва што се натапаху. (Sheol )
Mwen te fè tout nasyon yo tranble nan son a chit li a, lè M t ap fè l desann nan sejou mò yo ak sila ki desann nan twou fòs yo. Tout pyebwa byen wouze Liban yo, pi byen chwazi ak pi meyè a Liban yo, te vin rekonfòte anba tè. (Sheol )
17 И они сиђоше с њим у гроб к онима што су побијени мачем, и мишица његова, и који сеђаху у хладу његовом међу народима. (Sheol )
Yo menm tou te desann avè l nan sejou mò yo akote sila ki te touye pa nepe yo. Epi sila ki te fòs li yo, te rete anba lonbraj li pami nasyon yo. (Sheol )
18 На које си међу дрветима едемским налик славом и величином? Али ћеш бити оборен с дрветима едемским у најдоњи крај земље, међу необрезанима ћеш лежати с онима који су побијени мачем. То је Фараон и сав народ његов, говори Господ Господ.
“‘A kilès nan pyebwa Éden yo ou egal konsa nan glwa ak grandè? Malgre sa, ou va vin desann ak pyebwa Éden yo jis rive anba tè. Ou va vin kouche nan mitan ensikonsi yo, avèk sila ki te touye pa nepe yo. “‘Se konsa Farawon va ye ak tout gwo foul lame li yo!” deklare Senyè BONDYE a.”