< ၁ ကရိန္ထိနး 13 >

1 မရ္တျသွရ္ဂီယာဏာံ ဘာၐာ ဘာၐမာဏော'ဟံ ယဒိ ပြေမဟီနော ဘဝေယံ တရှိ ဝါဒကတာလသွရူပေါ နိနာဒကာရိဘေရီသွရူပၑ္စ ဘဝါမိ၊
Si mwen pale avèk lang a lèzòm ak zanj yo, men mwen pa gen lanmou, mwen tankou yon klòch k ap fè gwo bwi oubyen yon senbal k ap sone.
2 အပရဉ္စ ယဒျဟမ် ဤၑွရီယာဒေၑာဎျး သျာံ သရွွာဏိ ဂုပ္တဝါကျာနိ သရွွဝိဒျာဉ္စ ဇာနီယာံ ပူရ္ဏဝိၑွာသး သန် ၑဲလာန် သ္ထာနာန္တရီကရ္တ္တုံ ၑက္နုယာဉ္စ ကိန္တု ယဒိ ပြေမဟီနော ဘဝေယံ တရှျဂဏနီယ ဧဝ ဘဝါမိ၊
Si m gen don pwofesi, e konnen tout mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen.
3 အပရံ ယဒျဟမ် အန္နဒါနေန သရွွသွံ တျဇေယံ ဒါဟနာယ သွၑရီရံ သမရ္ပယေယဉ္စ ကိန္တု ယဒိ ပြေမဟီနော ဘဝေယံ တရှိ တတ္သရွွံ မဒရ္ထံ နိၐ္ဖလံ ဘဝတိ၊
Si mwen bay tout sa ke m posede pou bay manje a pòv yo, e si mwen livre kò m pou brile, men mwen pa gen lanmou, sa p ap rapòte m anyen.
4 ပြေမ စိရသဟိၐ္ဏု ဟိတဲၐိ စ, ပြေမ နိရ္ဒွေၐမ် အၑဌံ နိရ္ဂရွွဉ္စ၊
Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan.
5 အပရံ တတ် ကုတ္သိတံ နာစရတိ, အာတ္မစေၐ္ဋာံ န ကုရုတေ သဟသာ န ကြုဓျတိ ပရာနိၐ္ဋံ န စိန္တယတိ,
Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa.
6 အဓရ္မ္မေ န တုၐျတိ သတျ ဧဝ သန္တုၐျတိ၊
Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a.
7 တတ် သရွွံ တိတိက္ၐတေ သရွွတြ ဝိၑွသိတိ သရွွတြ ဘဒြံ ပြတီက္ၐတေ သရွွံ သဟတေ စ၊
Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.
8 ပြေမ္နော လောပး ကဒါပိ န ဘဝိၐျတိ, ဤၑွရီယာဒေၑကထနံ လောပ္သျတေ ပရဘာၐာဘာၐဏံ နိဝရ္တ္တိၐျတေ ဇ္ဉာနမပိ လောပံ ယာသျတိ၊
Lanmou pa janm disparèt. Si gen don pwofesi, y ap vin disparèt. Si gen don lang, yo va fini. Si gen konesans, li va disparèt.
9 ယတော'သ္မာကံ ဇ္ဉာနံ ခဏ္ဍမာတြမ် ဤၑွရီယာဒေၑကထနမပိ ခဏ္ဍမာတြံ၊
Paske nou konnen yon ti pati e nou pwofetize yon ti pati;
10 ကိန္တွသ္မာသု သိဒ္ဓတာံ ဂတေၐု တာနိ ခဏ္ဍမာတြာဏိ လောပံ ယာသျန္တေ၊
men lè sa ki pafè a vini, sa ki poko konplè a va disparèt.
11 ဗာလျကာလေ'ဟံ ဗာလ ဣဝါဘာၐေ ဗာလ ဣဝါစိန္တယဉ္စ ကိန္တု ယော်ဝနေ ဇာတေ တတ္သရွွံ ဗာလျာစရဏံ ပရိတျက္တဝါန်၊
Lè m te timoun, mwen te konn pale tankou yon timoun, panse tankou yon timoun, rezone tankou yon timoun. Lè m te vin gran, mwen te kite bagay timoun yo.
12 ဣဒါနီမ် အဘြမဓျေနာသ္ပၐ္ဋံ ဒရ္ၑနမ် အသ္မာဘိ ရ္လဘျတေ ကိန္တု တဒါ သာက္ၐာတ် ဒရ္ၑနံ လပ္သျတေ၊ အဓုနာ မမ ဇ္ဉာနမ် အလ္ပိၐ္ဌံ ကိန္တု တဒါဟံ ယထာဝဂမျသ္တထဲဝါဝဂတော ဘဝိၐျာမိ၊
Paske koulye a nou wè twoub, konsi nan yon glas, men answit nou va wè fasafas. Koulye a m konnen yon ti pati, men answit, mwen va konnen tout bagay menm jan ke Bondye konnen tout bagay de mwen an.
13 ဣဒါနီံ ပြတျယး ပြတျာၑာ ပြေမ စ တြီဏျေတာနိ တိၐ္ဌန္တိ တေၐာံ မဓျေ စ ပြေမ ၑြေၐ္ဌံ၊
Men koulye a, lafwa, lesperans, ak lanmou; rete twa bagay sa yo. Men pi gran nan bagay sa yo, se lanmou.

< ၁ ကရိန္ထိနး 13 >