< Псалтирь 96 >
1 Псалом Хвалебная песнь Давида. На построение дома. Воспойте Господу песнь новую; воспойте Господу, вся земля;
Chante a SENYÈ a yon chan tounèf! Chante a SENYÈ a tout latè a.
2 пойте Господу, благословляйте имя Его, благовествуйте со дня на день спасение Его;
Chante a SENYÈ a! Beni non Li! Pwoklame bòn nouvèl Sali a Li de jou an jou.
3 возвещайте в народах славу Его, во всех племенах чудеса Его;
Pale glwa Li pami nasyon yo, zèv mèvèy Li yo pami tout pèp yo.
4 ибо велик Господь и достохвален, страшен Он паче всех богов.
Paske gran se SENYÈ a! Li merite gran lwanj. Fòk Li resevwa krentif nou pi wo ke tout dye yo.
5 Ибо все боги народов - идолы, а Господь небеса сотворил.
Paske tout dye a pèp yo se zidòl, men SENYÈ a te fè syèl yo.
6 Слава и величие пред лицем Его, сила и великолепие во святилище Его.
Tout bèlte ak majeste devan L. Pwisans ak bèlte rete nan sanktiyè Li a.
7 Воздайте Господу, племена народов, воздайте Господу славу и честь;
Bay a SENYÈ a, O fanmi a pèp yo, bay a SENYÈ a glwa ak pwisans.
8 воздайте Господу славу имени Его, несите дары и идите во дворы Его;
Bay a SENYÈ a glwa a non Li. Pote yon ofrann e antre nan lakou Li yo.
9 поклонитесь Господу во благолепии святыни. Трепещи пред лицем Его, вся земля!
Adore SENYÈ a nan abiman ki sen. Tranble devan L, tout latè a.
10 Скажите народам: Господь царствует! потому тверда вселенная, не поколеблется. Он будет судить народы по правде.
Pale pami nasyon yo, “SENYÈ a renye.” Anverite, mond lan etabli byen solid. Li p ap ebranle menm. SENYÈ a va jije pèp yo avèk jistis.
11 Да веселятся небеса и да торжествует земля; да шумит море и что наполняет его;
Kite syèl yo vin kontan e kite latè rejwi. Kite lanmè a fè gwo bri ansanm ak tout sa ki ladann.
12 да радуется поле и все, что на нем, и да ликуют все дерева дубравные!
Kite chan yo leve fè kè kontan, ak tout sa ki ladann yo. Epi tout bwa nan forè yo va chante ak jwa
13 пред лицем Господа; ибо идет, ибо идет судить землю. Он будет судить вселенную по правде, и народы - по истине Своей.
devan SENYÈ a, paske La p vini. Paske La p vini pou jije latè. Li va jije mond lan avèk ladwati e pèp yo ak fidelite Li.