< Псалтирь 52 >
1 Начальнику хора. Учение Давида, после того, как приходил Доик Идумеянин и донес Саулу и сказал ему, что Давид пришел в дом Ахимелеха. Что хвалишься злодейством, сильный? милость Божия всегда со мною;
Pou direktè koral la. Yon Sòm David, lè Doeg, Edomit lan te vin di Saül “David gen tan rive lakay Achimélic.” Poukisa ou ògeye nan mechanste ou, O lòm pwisan? Lanmou dous Bondye a dire tout lajounen.
2 гибель вымышляет язык твой; как изощренная бритва, он у тебя, коварный!
Lang ou envante destriksyon, tankou yon razwa ki file, plen desepsyon.
3 ты любишь больше зло, нежели добро, больше ложь, нежели говорить правду;
Ou renmen mechanste plis pase sa ki bon. Fo bagay plis pase pale verite a.
4 ты любишь всякие гибельные речи, язык коварный:
Ou renmen tout pawòl ki devore, yon lang mantè.
5 за то Бог сокрушит тебя вконец, изринет тебя и исторгнет тебя из жилища твоего и корень твой из земли живых.
Men Bondye va kase fè ou desann nèt; Li va kenbe ou byen vit e chire fè ou sòti nan tant ou an, Epi dechouke fè ou sòti nan peyi vivan yo. Tan
6 Увидят праведники и убоятся, посмеются над ним и скажут:
Moun dwat yo va wè, va gen lakrent; yo va ri sou li epi di:
7 “вот человек, который не в Боге полагал крепость свою, а надеялся на множество богатства своего, укреплялся в злодействе своем”.
“Gade byen, men nonm ki refize pran refij nan Bondye a, men ki te mete konfyans nan abondans richès li yo. Li te ranfòse tèt li ak mechanste.”
8 А я, как зеленеющая маслина, в доме Божием, и уповаю на милость Божию во веки веков,
Men pou mwen menm, mwen tankou yon pye doliv vèt lakay Bondye. Mwen mete konfyans mwen nan lanmou dous Bondye a pou tout tan e pou tout tan.
9 вечно буду славить Тебя за то, что Ты соделал, и уповать на имя Твое, ибо оно благо пред святыми Твоими.
Mwen va bay Ou remèsiman pou tout tan, paske Ou te fè sa. Mwen va mete espwa nan non Ou, paske sa bon nan prezans a fidèl Ou yo.