< Псалтирь 50 >

1 Псалом Асафа. Бог Богов, Господь возглаголал и призывает землю, от восхода солнца до запада.
Yon Sòm Asaph (Sila) Ki Pwisan Nèt la, Bondye, SENYÈ a, fin pale. Li rele lemonn lan soti nan leve solèy la jis rive nan kote li kouche a.
2 С Сиона, который есть верх красоты, является Бог,
Soti nan Sion, bèlte pafè a, Bondye fè limyè Li parèt.
3 грядет Бог наш, и не в безмолвии: пред Ним огонь поядающий, и вокруг Его сильная буря.
Bondye nou vin parèt. Li pa rete an silans. Dife devore devan L, e tanpèt yo antoure L.
4 Он призывает свыше небо и землю, судить народ Свой:
Li rele tout syèl yo anwo, avèk latè pou jije pèp Li a:
5 “соберите ко Мне святых Моих, вступивших в завет со Мною при жертве”.
“Rasanble fidèl Mwen yo kote M, (Sila) ki te fè yon akò sakrifis yo avè M.
6 И небеса провозгласят правду Его, ибо судия сей есть Бог.
Epi syèl yo deklare ladwati Li, paske Bondye, Li menm, se Jij. Tan
7 “Слушай, народ Мой, Я буду говорить; Израиль! Я буду свидетельствовать против тебя: Я Бог, твой Бог.
“Koute O pèp Mwen an e Mwen va pale. O Israël, Mwen va fè temwayaj kont ou. Mwen se Bondye, Bondye pa ou a.
8 Не за жертвы твои Я буду укорять тебя; всесожжения твои всегда предо Мною;
Mwen pa repwoche ou pou sakrifis ou yo. Ofrann brile nou yo devan m tout tan.
9 не приму тельца из дома твоего, ни козлов из дворов твоих,
Mwen pa bezwen okenn jenn towo sòti lakay ou, Ni mal kabrit ki sòti nan pak ou yo.
10 ибо Мои все звери в лесу, и скот на тысяче гор,
Paske tout bèt nan forè yo se pou mwen, ak tout bèt domestik sou mil kolin yo.
11 знаю всех птиц на горах, и животные на полях предо Мною.
Mwen konnen tout zwazo nan mòn yo. Tout sa ki fè mouvman nan chan yo se pou Mwen.
12 Если бы Я взалкал, то не сказал бы тебе, ибо Моя вселенная и все, что наполняет ее.
Si mwen te grangou, mwen pa t ap di ou sa, paske tout mond lan se pou Mwen, avèk tout sa ki ladann.
13 Ем ли Я мясо волов и пью ли кровь козлов?
Èske m ta manje chè towo yo, oswa bwè san a mal kabrit yo?
14 Принеси в жертву Богу хвалу и воздай Всевышнему обеты твои,
Ofri a Bondye yon sakrifis remèsiman e peye ve ou yo a Pi Wo a.
15 и призови Меня в день скорби; Я избавлю тебя, и ты прославишь Меня”.
Rele Mwen nan jou twoub la. Mwen va delivre ou e ou va onore M.”
16 Грешнику же говорит Бог: “что ты проповедуешь уставы Мои и берешь завет Мой в уста твои,
Men a mechan yo Bondye di: “Ki dwa ou genyen pou pale sou règleman Mwen yo, pou pran akò Mwen an nan bouch ou?
17 а сам ненавидишь наставление Мое и слова Мои бросаешь за себя?
Paske ou rayi disiplin, e jete pawòl Mwen yo dèyè w.
18 когда видишь вора, сходишься с ним, и с прелюбодеями сообщаешься;
Lè ou wè yon vòlè, ou vin dakò avè l, epi ou asosye ou avèk moun adiltè yo.
19 уста твои открываешь на злословие, и язык твой сплетает коварство;
Ou lage bouch ou nèt nan mechanste. Lang ou fè ankadreman pou manti.
20 сидишь и говоришь на брата твоего, на сына матери твоей клевещешь;
Ou chita pale kont frè ou. Ou fè kout lang fò kont pwòp pitit manman ou.
21 ты это делал, и Я молчал; ты подумал, что Я такой же, как ты. Изобличу тебя и представлю пред глаза твои грехи твои.
Bagay sa yo, ou te fè yo, e Mwen pa t di yon mo. Ou te konprann ke M te menm jan ak ou. Mwen va repwoche ou e pale ka a an lòd devan zye ou.
22 Уразумейте это, забывающие Бога, дабы Я не восхитил, - и не будет избавляющего.
Alò, konsidere sa, nou menm ki bliye Bondye, oswa, Mwen va chire nou an mòso, e p ap gen pèsòn ki pou sove nou.
23 Кто приносит в жертву хвалу, тот чтит Меня, и кто наблюдает за путем своим, тому явлю Я спасение Божие”.
(Sila) ki ofri yon sakrifis remèsiman onore M, epi a (sila) ki fè chemen li dwat la, Mwen va montre li sali Bondye a.”

< Псалтирь 50 >