< Salmos 85 >
1 Salmo para o regente, dos filhos de Coré: Foste favorável, ó SENHOR, à tua terra; restauraste Jacó de seu infortúnio.
Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. Seyè, ou te bon pou peyi ou la! Ou te mennen pitit Jakòb ki te prizonye yo tounen!
2 Perdoaste a perversidade de teu povo; encobriste todos os seus pecados. (Selá)
Ou te padonnen tou sa yo te fè ki mal, ou te efase tout peche yo.
3 Removeste toda a tua indignação; do ardor de tua ira te desviaste.
Ou pa t' fache sou yo ankò! Ou te sispann fè kòlè sou yo!
4 Restaura-nos, ó Deus de nossa salvação; e cessa tua ira de sobre nós.
Mete nou kanpe sou de pye nou ankò! O Bondye, ou menm ki delivrans nou! Ou pa bezwen fache sou nou ankò!
5 Acaso estarás irado contra nós para sempre? Estenderás a tua ira de geração em geração?
Eske w'ap toujou rete fache sou nou? Eske ou p'ap janm byen ak nou ankò?
6 Não voltará a dar-nos vida, para que o teu povo se alegre em ti?
Eske ou p'ap ban nou lavi ankò, pou pèp ou ka fè fèt pou ou?
7 Mostra-nos tua bondade, SENHOR, e dá para nós tua salvação.
Seyè, fè nou wè jan ou renmen nou! Delivre nou non!
8 Escutarei o que o Deus, o SENHOR, falar, pois ele falará de paz ao seu povo, e aos seus santos, contanto que não voltem à loucura.
M'ap koute sa Seyè, Bondye a, ap di: Li pale ak pèp li a, ak moun ki kenbe l' fèm yo, li pwomèt pou l' fè yo viv ak kè poze, depi yo pa janm lage kò yo nan fè betiz ankò.
9 Certamente sua salvação está perto daqueles que o temem, para que a glória habite em nossa terra.
Wi, li pare pou l' delivre moun ki gen krentif pou li, pou l' fè yo santi pouvwa li, pou l' toujou la avèk yo.
10 A bondade e a verdade se encontrarão; a justiça e a paz se beijarão.
Lè sa a nan peyi a, moun yo yonn va renmen lòt, pesonn p'ap bay lòt manti ankò. Moun va viv byen yonn ak lòt, pesonn p'ap fè lòt lenjistis ankò!
11 A verdade brotará da terra, e a justiça olhará desde os céus.
Sou latè moun p'ap vire do bay Bondye. Bondye menm, bò pa li, va rete nan syèl la, l'a gade anba san patipri.
12 E o SENHOR também dará o bem; e a nossa terra dará o seu fruto.
Seyè a va fè nou jwenn tout kalite bon bagay. Jaden nou yo va bay bèl rekòt.
13 A justiça irá adiante dele, e ele nos porá no caminho de seus passos.
Moun k'ap mache dwat yo va pran devan. Kote yo pase moun ap viv byen yonn ak lòt.