< Habacuque 2 >
1 Sobre o meu posto de guarda estarei, e sobre a fortaleza ficarei e vigiarei, para ver o que ele me falará, e o que eu responderei à minha queixa.
Mwen va kanpe sou pòs gad mwen, e mwen va pran pozisyon sou ranpa a. Mwen va veye san rete pou wè ki sa Li va pale avèk mwen, ak jan pou m ta reponn, selon plent mwen pote bay L.
2 Então o SENHOR me respondeu, e disse: Escreve a visão, e a põe claramente em tábuas, para que mesmo quem esteja correndo consiga ler.
Konsa SENYÈ a te reponn mwen. Li te di: “Ekri vizyon an e montre li klè sou tablo, pou (sila) k ap kouri a, ka li l.
3 Pois a visão ainda é para um tempo determinado, mas ao fim ela dará testemunho, e não mentirá; se tardar, espera, porque virá; não se atrasará.
Paske vizyon an toujou pou lè deziye a. La p pwoche vit pou rive nan bi li, ni li p ap fè fayit. Menmsi li fè reta, tann li; paske anverite, li va vini. Li p ap fè mize.
4 Eis que o soberbo não tem a alma correta em si; mas o justo viverá por sua fé.
Gade byen, kè l anfle. Nanm li pa dwat anndan l, men moun dwat la va viv pa lafwa li.
5 Pois também o vinho é enganador, [é como] um homem arrogante, que não fica quieto em casa; sua avidez se alarga como o Xeol, e se assemelha à morte, que não se farta; e ajunta para si todas as nações, e reúne para si todos os povos. (Sheol )
Anplis, diven devwale yon moun ògeye, ki pa rete lakay li. L ap ogmante apeti li tankou Sejou mò a. Epi konsa, li menm, tankou lanmò a, pa kapab satisfè. Li rasanble a li menm tout nasyon yo, e li ranmase tout pèp yo a li menm. (Sheol )
6 Por acaso todos estes não levantarão um insulto e provérbios de zombaria contra ele? E dirão: Ai daquele que acumula o que não era seu, e daquele de se enriquece por meio de extorsão! Até quando?
“Èske tout moun sa yo p ap Leve yon chan mokè kont li, yon tire pwen kont li pou di: “Malè a (sila) ki ogmante sa ki pa pou li— pou jiskilè l ap fè tèt li rich ak chantay li yo?”
7 Por acaso não se levantarão de repente seus credores, e se despertarão os que te fazem tremer? Tu serás despojado por eles.
Èske moun ki dwe w yo p ap leve sibitman? Èske yo p ap vin souleve? Anverite, ou va vin piyaj pou yo.
8 Visto que tu despojaste muitas nações, todos os povos restantes te despojarão; por causa do sangue das pessoas, e da violência contra a terra, as cidades e todos os seus moradores.
Akoz ou te piyaje anpil nasyon, tout retay pèp yo va piyaje ou. L ap konsa, akoz tout san moun ki vèse ak vyolans ki fèt nan peyi a, nan vil la, ak tout moun ki rete ladann yo.
9 Ai daquele que obtém [riquezas] para sua casa por meios malignos, para pôr no alto seu ninho, para tentar se livrar do poder da calamidade.
“Malè a (sila) ki jwenn avantaj malonèt pou lakay li a, pou mete nich li byen wo, pou l ta ka delivre soti nan men a gwo malè!
10 Tramaste plano vergonhoso para tua casa, exterminaste muitos povos, e pecaste contra tua vida.
Ou te machinen yon gwo wont pou lakay ou nan detwi anpil pèp. Konsa, ou te peche kont pwòp nanm ou.
11 Porque a pedra clamará desde a parede, e a trave desde a estrutura de madeiras lhe responderá.
Anverite, wòch la va kriye soti nan mi an, e poto travès la va reponn li.
12 Ai daquele que edifica a cidade com sangues, e do que estabelece a vila com perversidade!
“Malè a (sila) ki bati yon vil ak san vèse, e ki fonde yon vil ak inikite!
13 Eis que isto não vem da parte do SENHOR dos exércitos, que os povos trabalham para o fogo, e as nações se cansam em vão?
Anverite, èske sa pa soti nan SENYÈ dèzame yo pou moun travay di pou dife a, e nasyon yo fatige kò yo pou granmesi?
14 Porque a terra se encherá de conhecimento da glória do SENHOR, como as águas cobrem o mar.
Paske latè va ranpli ak konesans ak laglwa SENYÈ a, tankou dlo kouvri lanmè.
15 Ai daquele que dá bebidas a seu próximo, tu que embebedas com teu furor, para que possas vê-los nus.
“Malè a ou menm k ap fòse vwazen ou bwè, k ap mele gwòg pa w ladann, menm pou fè yo sou, pou gade toutouni yo!
16 Tu te encherás de vergonha no lugar de honra; bebe tu também, e descobre o prepúcio; o cálice da mão direita do SENHOR voltará sobre ti, e haverá vergonha sobre a tua glória.
Ou plen ak wont san onè. Konsa, ou va bwè ou menm e dekouvri pwòp toutouni pa ou. Tas nan men dwat SENYÈ a va vire tou won pou rive kote ou, e wont total va ranplase laglwa ou.
17 Porque a violência cometida contra o Líbano te cobrirá, e a destruição dos animais selvagens o assombrará; por causa dos sangues das pessoas, e da violência contra a terra, as cidades, e todos os seus moradores.
Paske vyolans ki fèt Liban an va fè ou plonje desann, ansanm ak destriksyon a bèt va bay ou gwo laperèz; akoz de san vèse a moun ak vyolans tè a, nan chak vil la ak tout (sila) ki rete ladann yo.
18 Que proveito há na imagem de escultura, que seu formador a esculpiu? E na imagem de fundição, que ensina mentiras? Quem a formou nela confia, tendo feito ídolos mudos.
“Ki pwofi ki gen nan zidòl la, lè mèt li fin taye l? Swa yon imaj, fome pa yonpwofesè k ap bay manti? Paske (sila) menm ki te fè l la mete konfyans li nan pwòp zèv li a, lè l fòme zidòl ki bebe.
19 Ai daquele que diz ao pedaço de madeira: Desperta-te; e à pedra muda: Levanta-te! Poderá essa coisa ensinar? Eis que está coberta de ouro e prata, mas não há dentro dela espírito algum.
Malè a (sila) ki di a yon mòso bwa: ‘Leve!”, a yon wòch ki pa ka pale: “Kanpe!” Èske se (sila) a ki ka enstwi? Men gade byen, li kouvri nèt ak lò ak ajan, e pa gen okenn souf ladann.
20 Porém o SENHOR está em seu santo templo; que toda a terra se cale diante dele.
Men SENYÈ a la nan sen tanp Li. Ke tout tè a fè silans devan Li.”