< Salmos 54 >
1 Salva-me, ó Deus, pelo teu nome, e faze-me justiça pelo teu poder.
Pou direktè koral la; sou enstriman ak kòd yo. Yon sòm a David, lè Zifyen yo te vin di Saül: “Èske David pa kache pami nou?” Sove mwen, O Bondye, ak non Ou e fè vanjans mwen ak pouvwa Ou.
2 Ó Deus, ouve a minha oração, inclina os teus ouvidos ás palavras da minha bocca.
Koute lapriyè mwen, O Bondye. Prete zòrèy a pawòl a bouch mwen.
3 Porque os estranhos se levantam contra mim, e tyrannos procuram a minha vida: não teem posto Deus perante os seus olhos (Selah)
Paske etranje yo fin leve kont mwen. Moun vyolans yo te chache lavi mwen. Yo pa t mete Bondye devan yo.
4 Eis que Deus é o meu ajudador, o Senhor está com aquelles que susteem a minha alma.
Gade byen, Bondye se èd mwen. SENYÈ a se soutyen a nanm mwen.
5 Elle recompensará com o mal aquelles que me andam espiando: destroe-os na tua verdade.
Li va rekonpanse mal a lènmi mwen yo. Detwi yo nan fidelite Ou.
6 Eu te offerecerei voluntariamente sacrificios, louvarei o teu nome ó Senhor, porque é bom.
Avèk bòn volonte, mwen va fè sakrifis a Ou. Mwen va bay remèsiman a non Ou, O SENYÈ, paske li bon.
7 Pois me tem livrado de toda a angustia; e os meus olhos viram o meu desejo sobre os meus inimigos.
Paske Li te delivre mwen nan tout twoub. Konsa, zye mwen te wè ak kè kontan, defèt lènmi m yo.